Kijan pou w antre nan yon sitiyasyon nòmal

Plis moun yo aksepte pawòl Bondye yo, plis yo eklere, epi plis yo anvi chèche konnen Bondye. Se sèlman moun ki aksepte pawòl Bondye yo ki kapab gen eksperyans ki pi rich ak pi pwofon, epi yo se sèl moun lavi yo ka grandi piti piti tankou flè moutad. Tout moun k ap chèche lavi ta dwe konsidere sa kòm yon travay a tan plen ; yo ta dwe santi « san Bondye, mwen pa ka viv ; san Bondye, mwen pa ka reyalize anyen ; san Bondye, tout bagay vid. » Se konsa, tou, yo ta dwe pran yon desizyon fèm « san prezans Sentespri a, m pa pral fè anyen, epi si lekti pawòl Bondye yo pa gen okenn efè, m pa gen motivasyon pou m fè anyen. » Pa adapte w ak pwòp dezi ou yo. Eksperyans lavi yo soti nan limyè ak konsèy Bondye, epi yo se rezilta efò nou nan fason nou panse ak aji. Egzijans nou ta dwe fè tèt nou se sa a : « Pou sa ki konsène eksperyans lavi a, mwen pa ka evite pran responsabilite mwen. »

Pafwa, lè nan kondisyon ki pa nòmal, ou pèdi prezans Bondye, epi ou vin pa kapab santi Bondye lè w ap priye. Li nòmal pou w santi w pè nan moman sa yo. Ou ta dwe kòmanse chèche imedyatman. Si ou pa fè sa, Bondye pral rete lwen ou, epi ou pral san prezans Sentespri a — epi ankò plis san travay Sentespri a ─ pandan yon jou, de jou, menm yon mwa oswa de mwa. Nan sikonstans sa yo, ou pral vin tèlman ensansib epi Satan pral fè ou prizonye yon fwa ankò, nan pwen kote ou kapab komèt tout kalite zak ─ ou ka anvi rich, twonpe frè ak sè ou yo, gade fim ak videyo, jwe mahjong, epi menm fimen ak bwè san kontwòl. Kè ou pral vire do bay Bondye, ou pral swiv pwòp chemen w an kachèt, epi ou pral jije travay Bondye a abitrèman ; ou ka desann tèlman ba ou p ap santi okenn wont ni anbara pou komèt peche ki gen rapò ak sèks. Sentespri a pral abandone yon moun konsa ; an reyalite, travay Sentespri a pral absan pandan lontan nan yon moun konsa. Nou ka sèlman wè l ap plonje pi fon toujou nan koripsyon epi men li ki plen peche kontinye fè plis bagay ki mal. Alafen, li pral nye egzistans fason sa a, epi Satan pral fè li prizonye pandan l ap peche. Si ou dekouvri ou sèlman gen prezans Sentespri a, men ou manke travay Sentespri a, ou deja twouve w nan yon sitiyasyon danjere. Lè ou pa ka menm santi prezans Sentespri a, ou sou wout lanmò. Si ou pa repanti, ou pral tounen al jwenn Satan konplètman, epi ou pral elimine. Se konsa, lè ou dekouvri ou nan yon sitiyasyon kote gen sèlman prezans Sentespri a (ou pa fè peche, ou pa aji avèk imoralite, epi ou pa fè bagay ki klèman pa nan volonte Bondye) men ou manke travay Sentespri a (ou pa santi ou touche lè ou priye, ou pa jwenn okenn limyè ki klè ni ekleraj lè ou manje ak bwè pawòl Bondye, ou endiferan konsènan manje ak bwè pawòl Bondye yo, pa janm gen okenn pwogrè nan lavi ou, epi sa fè lontan depi ou pa gen gwo iliminasyon) ─ nan moman sa yo, ou dwe fè plis atansyon. Ou pa dwe adapte w ak pwòp dezi ou yo, ou pa dwe kontinye kite pwòp tandans ou dirije konpòtman ou. Prezans Sentespri a ka disparèt nenpòt ki lè. Se rezon sa a ki fè sitiyasyon sa a se sitiyasyon ki pi danjere a. Si ou twouve w nan sitiyasyon sa a, eseye korije bagay yo dèke ou kapab. Premyèman, ou ta dwe fè yon priyè repantans epi mande Bondye pou l etann mizèrikòd Li sou ou yon fwa ankò. Priye avèk tout kè w pou w manje epi bwè plis nan pawòl Bondye yo. Avèk fondasyon sa a, ou dwe pase plis tan nan lapriyè ; double efò ou nan chante, priye, manje ak bwè pawòl Bondye yo, epi fè devwa ou. Lè w pi fèb, li pi fasil pou Satan posede kè w. Lè sa rive, se kè ou ki soti nan prezans Bondye epi retounen jwenn Satan, kote ou san prezans Sentespri a. Nan moman sa yo, li de fwa pi difisil pou reprann travay Sentespri a. Li pi bon pou w chèche travay Sentespri a pandan Li avèk ou toujou, pou Bondye ba ou plis nan limyè Li, epi pou Li pa abandone ou. Priye, chante kantik, ranpli fonksyon ou, epi manje ak bwè pawòl Bondye yo ─ tout bagay sa yo fèt pou Satan pa gen okenn opòtinite pou fè travay li, epi pou Sentespri a ka travay nan ou. Si ou pa reprann travay Sentespri a nan fason sa a, si ou tou senpleman rete tann, li p ap fasil pou reprann travay Sentespri a lè ou pèdi prezans Sentespri a, sof si Sentespri a touche w patikilyèman, oswa ilimine w ak eklere w yon fason espesyal. Menm si sa, li pa sèlman pran youn oswa de jou pou sitiyasyon w vin nòmal ; pafwa menm sis mwa ka pase san okenn nòmalizasyon. Tout sa, se paske moun yo twò toleran ak tèt yo, yo pa kapab fè eksperyans bagay sa yo nan yon fason nòmal epi konsa Sentespri a abandone yo. Menm si ou redrese w, travay aktyèl Bondye a ka toujou pa trè klè pou ou, paske ou te pran anpil reta nan eksperyans lavi ou, kòm si yo te kite ou dèyè a dis mil kilomèt. Èske sa pa yon katastwòf ? Sepandan, mwen di li pa twò ta pou ou repanti kounye a, men gen yon sèl kondisyon : Ou dwe travay pi di, epi ou pa dwe parese. Si lòt moun priye senk fwa pa jou, ou dwe priye dis fwa ; si lòt moun manje ak bwè pawòl Bondye yo pandan de zèdtan pa jou, ou dwe fè sa pandan kat oswa sis èdtan ; epi si lòt moun koute kantik pandan de zèdtan, ou dwe koute pandan omwen yon demi jounen. Rete an silans souvan devan Bondye epi reflechi sou lanmou Bondye, jiskaske sa touche w, kè ou retounen jwenn Bondye, epi ou pa oze ale lwen Bondye ankò ─ se sèlman lè sa a, pratik ou pral pote fwi; sèlman lè sa a ou pral kapab retounen nan eta nòmal ou te ye avan an.

Gen kèk moun ki mete anpil enterè nan sa y ap chèche a men yo pa reyisi antre nan bon chemen an. Sa se paske yo twò neglijan epi yo pa pran swen bagay espirityèl yo. Yo pa gen okenn lide sou fason yo fè eksperyans pawòl Bondye a, epi yo pa konnen ki sa travay ak prezans Sentespri a ye. Moun sa yo enterese anpil, men yo nan konfizyon ; yo pa chèche lavi. Sa a se paske yo pa gen konesans Sentespri a, yo pa konnen anyen sou dinamik travay Sentespri a, epi yo inyore sitiyasyon pwòp lespri yo. Èske lafwa moun sa yo pa yon lafwa ki nan konfizyon ? Finalman, rechèch moun sa yo pa bay anyen. Kle a pou w reyalize kwasans nan lavi nan lafwa ou nan Bondye se konnen ki travay Bondye fè nan eksperyans ou, kontanple bèlte Bondye, epi konprann entansyon Bondye yo, pou w soumèt ou a tout aranjman Bondye yo, fè pawòl Bondye yo antre nan ou pou yo vin lavi ou, epi konsa, satisfè Bondye. Si lafwa ou se yon lafwa ki nan konfizyon, si ou pa fikse atansyon ou sou zafè espirityèl ak chanjman nan dispozisyon lavi ou, si ou pa fè okenn efò pou jwenn verite a, èske ou pral kapab konprann entansyon Bondye yo ? Si ou pa konprann sa Bondye mande, ou p ap kapab fè eksperyans, epi ou p ap gen okenn chemen w ap swiv pou ou pratike. Sa ou dwe fikse atansyon w sou li pandan w ap fè eksperyans pawòl Bondye yo se efè yo pwodui nan ou, pou ou ka vin konnen Bondye apati de pawòl Li yo. Si ou sèlman konn li pawòl Bondye yo, men ou pa konnen ki jan pou w mete yo an pratik, èske sa pa montre ou manke konpreyansyon espirityèl ? Kounye a, pifò moun pa kapab fè eksperyans pawòl Bondye a, epi konsa yo pa konnen travay Bondye a. Èske se pa yon echèk nan pratik yo ? Si yo kontinye konsa, nan ki pwen yo pral kapab fè eksperyans ki rich epi reyalize kwasans nan lavi yo ? Èske sa pa vle di tou senpleman pale san okenn rezilta ? Gen anpil nan nou ki konsantre sou doktrin, ki pa konnen anyen nan zafè espirityèl, epi ki poutan swete pou Bondye itilize nou anpil epi pou Bondye beni nou. Sa pa reyalis ditou ! Se konsa, nou dwe mete yon fen nan echèk sa a, pou nou tout ka antre nan chemen dwat la nan lavi espirityèl nou, fè eksperyans ki reyèl, epi vrèman antre nan reyalite pawòl Bondye yo.

Anvan: Li Enpòtan Anpil pou Tabli yon Relasyon Nòmal ak Bondye

Apre: Kijan pou Sèvi ann Akò ak Entansyon Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger