Vrè Istwa Travay Konkèt la (3)

Sa travay konkèt la vize reyalize, anvan tout bagay, se pou lachè lòm pa rebele ankò; sa vle di, pou lespri lòm gen yon nouvo konesans sou Bondye, pou kè lòm soumèt nèt devan Bondye, epi pou lòm gen detèminasyon poutèt Bondye. Lè pèsonalite yo oswa lachè yo chanje, sa pa vle di moun yo konkeri; lè mantalite yo, konsyans yo, ak rezon yo chanje, sa vle di, lè tout vizyon mantal yo chanje—se lè sa a y ap konkeri pa Bondye. Lè ou gen detèminasyon pou ou soumèt, ou adopte yon nouvo mantalite, ou pa gen okenn konsepsyon ankò konsènan pawòl ak travay Bondye, ni ou pa gen okenn entansyon konsènan bagay sa yo, epi sèvo ou gen kapasite pou l panse nòmalman—sa vle di, lè ou kapab bay tout ou menm pou Bondye ak tout kè ou—lè sa a ou se kalite moun ki konkeri nèt la. Nan relijyon, anpil moun soufri anpil pandan tout lavi yo: Yo soumèt kò yo epi yo pote kwa yo a, e yo menm kontinye ap soufri epi andire lè yo toupre lanmò! Gen kèk k ap fè jèn toujou nan maten jou lanmò yo. Pandan tout lavi yo, yo refize bay tèt yo bon manje ak bèl rad, yo konsantre sèlman sou soufrans. Yo kapab soumèt kò yo epi rebele kont lachè yo. Lespri yo genyen pou andire soufrans lan merite felisitasyon. Men mantalite yo, konsepsyon yo, vizyon mantal yo, ak ansyen nati yo pa t jwenn okenn netwayaj ditou. Yo pa gen okenn vrè konesans sou pwòp tèt yo. Imaj mantal yo genyen sou Bondye se imaj tradisyonèl yon dye imajinè. Detèminasyon yo genyen pou soufri pou Bondye soti nan zèl yo ak bon pèsonalite limanite yo genyen. Menmsi yo kwè nan Bondye, yo pa konprann Li ni yo pa konnen entansyon Li yo. Yo senpleman travay epi soufri avègman pou Bondye. Yo pa bay disènman okenn valè ditou, yo pa gen anpil enterè pou kijan pou yo asire sèvis yo akonpli entansyon Bondye yo vre, alewè pou yo ta konnen ki jan pou yo atenn konesans sou Bondye a. Bondye y ap sèvi a se pa Bondye nan imaj natirèl Li, men se yon Bondye yo imajine, yon Bondye yo sèlman tande pale de Li, oswa yon Bondye yo sèlman li lejann sou Li nan sa ki ekri. Apre sa, yo sèvi ak gwo imajinasyon ansanm ak pyete yo genyen pou yo soufri pou Bondye, e pou yo antreprann travay Bondye vle fè a. Sèvis yo a tèlman manke presizyon, pratikman pa gen okenn ladan yo ki vrèman kapab sèvi ann akò ak entansyon Bondye yo. Kèlkeswa jan yo kontan soufri, pèspektiv orijinal yo genyen sou sèvis epi imaj mantal yo genyen sou Bondye a rete san chanje, paske yo pa sibi jijman, chatiman, rafinman ak pèfeksyon Bondye, ni pa gen pèsonn ki gide yo ak laverite. Menmsi yo kwè nan Jezi Sovè a, pèsonn pami yo pa janm wè Sovè a. Yo konnen Li sèlman nan lejann ak sa moun di. Kòm rezilta, sèvis yo a pa anyen anplis pase yon sèvis y ap fè o aza ak je yo fèmen, tankou yon moun avèg k ap sèvi pwòp papa li. Kisa, alafen, yon sèvis konsa kapab reyalize? Epi kiyès ki t ap apwouve l? Soti depi nan kòmansman jouk nan fen, sèvis yo a rete menm jan an nèt; yo sèlman resevwa leson lòm fè epi yo baze sèvis yo sèlman sou karaktè natirèl yo ak pwòp preferans pa yo. Ki rekonpans sa ta kapab pote? Menm Pyè, ki te wè Jezi, pa t konnen ki jan pou l sèvi ann akò ak entansyon Bondye yo; li te sèlman vin konnen sa alafen, nan vyeyès li. Kisa sa di sou moun avèg sa yo ki pa fè eksperyans menm yon ti kras netwayaj, epi ki pa gen pèsonn k ap gide yo? Èske sèvis anpil nan nou jodi a pa tankou sèvis moun avèg sa yo? Tout moun sa yo ki pa resevwa jijman, ki pa resevwa netwayaj la, epi ki pa chanje—èske yo tout pa moun ki pa konkeri nèt? Ki itilite moun sa yo genyen? Si mantalite ou, konesans ou sou lavi, ak konesans ou sou Bondye pa montre okenn nouvo chanjman epi ou pa vrèman jwenn anyen, lè sa a ou p ap janm atenn okenn rezilta nan sèvis ou! San yon vizyon ak yon nouvo konesans sou travay Bondye a, ou pa konkeri. Lè sa a, fason ou ap swiv Bondye ap tankou pa sila yo k ap soufri epi k ap fè jèn yo: li p ap gen anpil valè! Se egzakteman paske gen yon tikras temwayaj nan sa yo fè ki fè Mwen di sèvis yo a se pou gremesi! Moun sa yo soufri epi pase tan nan prizon pandan tout lavi yo, yo toujou pasyan, yo gen lanmou, yo toujou pote kwa a, epi monn lan fè manti sou yo epi rejte yo—yo fè eksperyans tout kalite difikilte. Malgre yo obeyisan jouk nan fen, yo toujou pa konkeri, epi yo pa ka ofri okenn temwayaj ki montre yo konkeri. Yo soufri anpil, men anndan yo, yo pa konnen Bondye ditou. Okenn nan ansyen mantalite yo, ansyen konsepsyon yo, pratik relijye yo, konesans lòm fè, ak panse imen yo pa t netwaye. Pa gen menm pi piti siy nouvo konesans nan yo. Pa gen yon ti moso nan konesans yo genyen sou Bondye a ki vrè oswa ki egzak. Yo mal konprann entansyon Bondye yo. Èske sa sèvi Bondye? Kèlkeswa konesans ou te genyen sou Bondye nan tan lontan, si l rete menm jan an jodi a epi ou kontinye baze konesans ou genyen sou Bondye a sou pwòp konsepsyon ak panse pa ou kèlkeswa sa Bondye fè, sa vle di, si ou pa posede okenn vrè konesans ki nouvo sou Bondye epi si ou pa rive konnen imaj natirèl ak dispozisyon Bondye, si se toujou panse feyodal ak sipèstisye ki gide konesans ou genyen sou Bondye a, epi si li toujou rete nan nivo imajinasyon ak konsepsyon imen, lè sa a ou pa konkeri. Tout pakèt pawòl Mwen ap di ou kounye a fèt pou fè ou konnen, pou fè konesans sa a mennen ou nan yon konesans ki pi nouvo e ki egzak; yo la tou pou netwaye ansyen konsepsyon yo ak ansyen konesans ki nan ou yo, yon fason pou ou kapab posede nouvo konesans. Si ou vrèman manje ak bwè pawòl Mwen yo, lè sa a konesans ou ap chanje anpil. Toutotan ou manje ak bwè pawòl Bondye yo ak yon kè ki soumèt, lè sa a pèspektiv ou ap ranvèse. Toutotan ou kapab aksepte chatiman k ap repete yo, ansyen mantalite ou ap chanje tikras pa tikras. Toutotan nouvo mantalite a ranplase ansyen mantalite ou nèt, pratik ou ap chanje kòmsadwa tou. Nan fason sa, sèvis ou ap vin pi egzak de jou an jou, l ap vin pi kapab akonpli entansyon Bondye yo de jou an jou. Si ou kapab chanje fason w ap viv, konesans ou sou lavi imen an, ak pakèt konsepsyon ou genyen sou Bondye yo, lè sa a karaktè natirèl ou ap diminye tikras pa tikras. Efè ki genyen lè Bondye konkeri moun se sa a, e se pa anyen mwens pase sa; se chanjman sa a ki fèt nan moun yo. Si, nan lafwa ou nan Bondye, tout sa ou konnen se soumèt kò ou, andire epi soufri, alòske ou pa konnen si sa a byen oswa mal, alewè pou ou ta konnen poutèt kiyès ou fè sa, ebyen ki jan yon pratik konsa kapab mennen nan chanjman?

Konprann sa Mwen mande nou an se pa pou nou kenbe lachè nou nan esklavaj oswa pou anpeche sèvo nou panse nenpòt ki jan. Sa a se pa ni objektif travay la, ni travay ki bezwen fèt kounye a. Kounye a, nou dwe gen konesans sou aspè pozitif la yon fason pou nou kapab chanje tèt nou. Aksyon ki pi nesesè a se pou nou ekipe tèt nou ak pawòl Bondye yo, sa vle di pou nou ekipe tèt nou nèt ak laverite ak vizyon prezan an, epi apre sa pou nou ale epi pratike laverite. Sa a se responsablite nou. Mwen p ap mande nou pou nou chèche epi jwenn plis limyè toujou. Kounye a la a, nou senpleman pa gen nivo espirityèl pou sa. Sa yo mande nou se fè tout sa nou kapab pou nou manje ak bwè pawòl Bondye yo. Nou dwe konprann travay Bondye a epi konnen nati nou, esans nou, ak ansyen lavi sa a nou te genyen an. An patikilye, nou bezwen konnen ansyen pratik ki fo e san sans yo ansanm ak aksyon moun fè nou te konn patisipe ladan yo. Pou nou chanje, nou dwe kòmanse pa chanje mantalite nou. Toudabò, ranplase ansyen mantalite nou an ak sa ki nouvo a, epi kite nouvo mantalite nou an dirije pawòl ak aksyon nou ansanm ak lavi nou. Se sa yo mande chak nan nou jodi a. Pa pratike oswa swiv je fèmen. Nou ta dwe gen yon fondasyon ak yon objektif. Pa bay tèt nou manti. Nou ta dwe konnen pou kisa egzakteman lafwa nou nan Bondye a ye, sa nou ta dwe jwenn ladan l, ak ki jan nou ta dwe antre kounye a la a. Li endispansab pou ou konnen tout bagay sa yo.

Sa nou ta dwe antre ladan l kounye a se amelyore fason nou viv epi ogmante kalib nou. Anplis, nou bezwen chanje ansyen pèspektiv sa yo ki sot nan pase nou an, chanje mantalite nou, epi chanje konsepsyon nou yo. Tout lavi nou bezwen renouvle. Lè konesans ou sou zèv Bondye yo chanje, lè ou gen yon nouvo konesans sou verite ki nan tout sa Bondye di a, epi lè konesans ki anndan ou a vin pi elve, lè sa a lavi ou ap pran yon bon direksyon. Tout bagay moun yo fè epi yo di kounye a se bagay ki pratik. Sa yo se pa doktrin, men pito yo se bagay moun yo bezwen pou lavi yo epi sa yo ta dwe posede. Sa a se chanjman ki fèt nan moun yo pandan travay konkèt la, chanjman moun yo ta dwe fè eksperyans lan, epi li se efè a apre yo fin konkeri. Lè ou chanje mantalite ou, ou adopte yon nouvo vizyon mantal, ou ranvèse konsepsyon ak entansyon ou yo ansanm ak ansyen rezònman lojik ou yo, ou debarase ou de bagay ki anrasinen byen fon anndan ou yo, epi ou jwenn yon nouvo konesans sou lafwa nan Bondye, lè sa a temwayaj ou bay yo ap pi elve, epi tout ou menm ap chanje toutbonvre. Tout bagay sa yo se bagay ki pi reyalis, pi pratik, ak ki pi fondamantal—bagay moun pa t kapab byen konprann nan tan lontan, epi bagay yo te enkapab jwenn aksè ak yo. Yo se vrè travay Lespri a. W ap konnen ki jan ou te konprann Bib la nan tan lontan lè ou fè yon konparezon jodi a. Nan tan lontan, atitid ou anvè Moyiz, Pyè, Pòl, oswa tout deklarasyon ak pèspektiv biblik sa yo se te yon atitid ki t ap egzalte yo. Kounye a, si yo te mande ou pou ou egzalte Bib la, èske ou t ap fè sa? Ou t ap wè Bib la gen twòp resi lòm ekri ladan l, epi Bib la se pa anyen lòt pase istwa lòm rakonte sou de etap travay Bondye. Li se yon liv istwa. Èske sa pa vle di konesans ou sou li a chanje? Si ou te gade jeneyaloji Jezi ki nan Levanjil Matye a jodi a, ou ta di: «Jeneyaloji Jezi? Sa pa fè sans! Sa a se jeneyaloji Jozèf, se pa pa Jezi a. Pa gen okenn relasyon ant Jezi ak Jozèf.» Lè ou gade Bib la kounye a, konesans ou sou li diferan, sa vle di pèspektiv ou chanje, epi ou gen yon nivo konesans ki pi wo pase ansyen gwo figi relijye yo. Si yon moun ta di gen yon bagay nan jeneyaloji sa a, ou ta reponn: «Kisa ki gen ladan l? Ou mèt eksplike l. Jezi ak Jozèf pa fanmi. Èske ou pa konn sa? Èske Jezi kapab gen yon jeneyaloji? Ki jan Jezi kapab gen zansèt? Ki jan Li kapab desandan lòm? Lachè Li te fèt nan Mari; Lespri Li se Lespri Bondye, se pa lespri yon moun. Jezi se Pitit gason byenneme Bondye a, kidonk èske Li kapab gen yon jeneyaloji? Lè Li te sou tè a, Li pa t yon manm nan limanite, kidonk ki jan Li kapab gen yon jeneyaloji?» Lè ou analize jeneyaloji a epi ou eksplike vrè sikonstans yo klèman, kote w ap pataje sa ou te konprann nan, moun sa a p ap ka di yon mo. Gen moun k ap fè referans ak Bib la epi y ap mande ou: «Jezi te gen yon jeneyaloji. Èske Bondye ou jodi a gen yon jeneyaloji?» Lè sa a, ou pral pale yo de konesans ki pi pratik ou genyen an, epi nan fason sa, konesans ou an ap pwodui yon efè. Anverite, Jezi pa t gen okenn relasyon ak Jozèf, alewè pou Abraram; Li te senpleman fèt nan Izrayèl. Bondye, sepandan, pa yon Izrayelit ni yon desandan Izrayelit yo. Lefètke Li te fèt nan Izrayèl pa nesesèman vle di Bondye se Bondye Izrayelit yo sèlman. Se te sèlman poutèt travay Li a ki fè Li te antreprann travay enkanasyon an. Bondye se Bondye tout kreyasyon nan tout linivè a. Li te senpleman antreprann yon etap nan travay Li nan Izrayèl an premye, apre sa Li te kòmanse travay nan mitan lòt nasyon yo. Moun yo, sepandan, te konsidere Jezi kòm Bondye Izrayelit yo, epi anplis yo te plase Li pami Izrayelit yo ak pami desandan David yo. Bib la di nan fen jou yo, non Jewova ap vin gran pami lòt nasyon yo, sa vle di Bondye ap travay nan mitan lòt nasyon yo pandan dènye jou yo. Lefètke Bondye te enkane nan Jide pa endike Bondye renmen Jwif yo sèlman. Sa te rive sèlman paske travay la te egzije sa; sa pa vle di Bondye te sèlman kapab enkane nan Izrayèl (paske Izrayelit yo te moun Li te chwazi yo). Èske yo pa jwenn moun Bondye chwazi yo pami lòt nasyon yo tou? Se te apre Jezi te fin travay nan Jide, travay la te kòmanse simaye nan lòt nasyon yo. (Izrayelit yo te rele tout nasyon ki pa Izrayèl «lòt nasyon yo».) Anverite, te gen moun Bondye chwazi nan lòt nasyon sa yo tou; se jis pa t ko gen okenn travay ki t ap fèt laba nan epòk sa a. Moun yo mete anpil aksan sou Izrayèl paske de premye etap travay yo te dewoule nan Izrayèl alòske pa t gen okenn travay ki t ap fèt nan lòt nasyon yo. Travay nan mitan lòt nasyon yo kòmanse jodi a sèlman, se poutèt sa moun yo twouve l difisil konsa pou yo aksepte l. Si ou kapab konprann tout bagay sa yo klèman, si ou kapab konprann epi gade yo kòmsadwa, epi ou gen yon konesans egzak sou Bondye jodi a ansanm ak nan tan lontan an, lè sa a konesans ou an pi wo pase konesans tout sen atravè epòk yo posede sou Bondye. Si ou fè eksperyans travay jodi a epi ou tande deklarasyon pèsonèl Bondye jodi a, epoutan ou pa gen okenn konesans sou totalite Bondye a, epi pouswit ou rete jan l te toujou ye a san pa genyen anyen ki nouvo ki ranplase l, sitou si ou fè eksperyans tout travay konkèt sa a, epoutan finalman yo pa kapab wè okenn chanjman nan ou, alò, èske lafwa ou pa tankou lafwa sila yo k ap chèche manje pen jouk vant yo plen sèlman? Nan ka sa a, travay konkèt la pa t ap pwodui okenn efè nan ou. Èske lè sa a ou p ap tounen youn pami sila y ap elimine yo?

Lè tout travay konkèt la rive nan bout li, li endispansab pou nou tout konprann Bondye se pa Bondye Izrayelit yo sèlman, men Li se Bondye tout kreyati Bondye yo. Li te kreye tout limanite, se pa Izrayelit yo sèlman. Si ou di Bondye se Bondye Izrayelit yo sèlman oswa li enposib pou Bondye ta enkane nan nenpòt lòt nasyon andeyò Izrayèl, lè sa a ou pako akeri okenn konesans pandan dewoulman travay konkèt la, epi ou pa rekonèt menm nan pi piti mezi a Bondye se Bondye ou; ou senpleman rekonèt Bondye te deplase sot Izrayèl vin nan peyi Lachin epi y ap fòse L vin Bondye ou. Si se konsa ou wè bagay yo toujou, sa vle di travay Mwen an pa bay rezilta nan ou, epi ou pa konprann yon mo nan sa Mwen di yo. Si, alafen, ou ekri yon lòt jeneyaloji pou Mwen menm jan Matye te fè l la, kote w ap chèche yon zansèt ki apwopriye pou Mwen, yon zansèt dirèk Mwen ki kòrèk—pou Bondye gen de jeneyaloji pou de enkanasyon Li yo—èske lè sa a sa pa t ap tounen pi gwo blag nan monn lan? Èske ou menm, «moun sa a ki gen bon entansyon an» ki jwenn yon jeneyaloji pou Mwen an, ou pa t ap tounen yon moun ki divize Bondye? Èske ou kapab pran fado peche sa a sou do ou? Apre tout travay konkèt sa a, si ou toujou pa kwè Bondye se Bondye tout kreyati Bondye yo, si ou toujou panse Bondye se Bondye Izrayelit yo sèlman, èske ou pa yon moun k ap reziste Bondye aklè? Objektif konkeri ou jodi a se pou fè ou rekonèt Bondye se Bondye ou e se Bondye lòt moun tou, epi pi enpòtan toujou, Li se Bondye tout moun ki renmen Li yo, epi Li se Bondye tout kreyati Bondye yo. Li se Bondye Izrayelit yo epi Li se Bondye moun peyi Ejip yo. Li se Bondye Britanik yo epi Li se Bondye Ameriken yo. Li pa Bondye Adan ak Èv sèlman, men Li se Bondye tout desandan yo tou. Li se Bondye tout bagay ki nan syèl la ak tout bagay ki sou tè a. Tout fanmi yo, kit yo se Izrayelit kit yo se moun lòt nasyon yo, yo tout nan men yon sèl Bondye. Non sèlman Li te travay nan Izrayèl pandan plizyè milye ane epi yon lè Li te fèt nan Jide, men jodi a Li desann nan peyi Lachin, kote gwo dragon wouj la kouche anwoule a. Si lefètke Li fèt nan Jide fè L tounen Wa Jwif yo, ebyen èske lefètke Li desann nan mitan nou tout jodi a pa fè L tounen Bondye nou tout? Li te dirije Izrayelit yo epi Li te fèt nan Jide, epitou Li fèt nan yon peyi lòt nasyon. Èske se pa pou tout limanite Li te kreye a tout travay Li fèt? Èske Li renmen Izrayelit yo san fwa plis epi Li rayi moun lòt nasyon yo mil fwa plis? Èske sa a se pa konsepsyon nou? Se pa Bondye ki pa t janm Bondye nou, men okontrè se nou menm ki pa rekonèt Li ditou; se pa Bondye ki pa vle tounen Bondye nou, men okontrè se nou menm ki rejte Li. Pami kreyati Bondye yo, kiyès ki pa nan men Toupisan an? Lè L konkeri nou jodi a, èske objektif la se pa pou fè nou rekonèt Bondye pa anyen lòt ke Bondye nou? Si nou toujou kenbe lide Bondye se Bondye Izrayelit yo sèlman, epi nou toujou kenbe lide kay David nan Izrayèl se orijin nesans Bondye, epi pa gen okenn nasyon apa Izrayèl ki kalifye pou «pwodui» Bondye, alewè pou gen okenn fanmi nan lòt nasyon yo ki kapab resevwa travay Jewova pèsonèlman—si ou toujou panse konsa, lè sa a, èske sa pa fè ou yon moun k ap reziste avèk tèt di? Pa toujou rete ap fikse panse w sou Izrayèl. Bondye la a nan mitan nou jodi a. Epitou, ou pa ta dwe kontinye ap gade nan syèl la. Sispann rete ap soupi dèyè Bondye ou ki nan syèl la! Bondye vini nan mitan nou, donk ki jan Li kapab nan syèl la? Ou pako gen anpil tan depi w kwè nan Bondye, epoutan ou gen anpil konsepsyon sou Li, jis nan pwen kote ou pa oze panse yon sèl segonn Bondye Izrayelit yo ta desann tèt Li byen ba pou onore nou ak prezans Li. Alewè pou nou ta oze panse ki jan nou ta ka wè Bondye fè yon aparisyon pèsonèl, piske nou ekstrèmman sal konsa. Ni nou pa t janm panse ki jan Bondye ta kapab desann pèsonèlman nan tè yon lòt nasyon. Li ta dwe desann sou Mòn Sinayi oswa sou Mòn Oliv epi parèt devan Izrayelit yo. Èske moun lòt nasyon yo (sa vle di, moun andeyò Izrayèl) se pa moun Li deteste? Ki jan Li ta kapab travay nan mitan yo pèsonèlman? Tout bagay sa yo se konsepsyon ki anrasinen byen fon nou devlope pandan anpil ane. Objektif konkeri nou jodi a se pou kraze konsepsyon nou yo. Se konsa nou kontanple aparisyon pèsonèl Bondye nan mitan nou—se pa sou Mòn Sinayi oswa sou Mòn Oliv, men pito se pami moun Li pa t janm dirije anvan sa. Apre Bondye te fin reyalize de etap travay Li yo nan Izrayèl, ni Izrayelit yo ni tout moun lòt nasyon yo te vin nouri konsepsyon sa a: byenke se vre Bondye te kreye tout bagay, Li sèlman vle tounen Bondye Izrayelit yo, Li pa vle tounen Bondye moun lòt nasyon yo. Men sa Izrayelit yo kwè: Bondye kapab Bondye pa nou sèlman, Li pa Bondye pa nou menm moun lòt nasyon yo, epi paske nou menm moun lòt nasyon yo pa gen krentif pou Jewova, Jewova—Bondye pa nou an—deteste nou. Moun Jwif sa yo kwè bagay sa yo menm plis toujou: Seyè Jezi te pran imaj nou menm moun Jwif yo epi Li se yon Bondye ki pote mak moun Jwif yo. Se nan mitan nou Bondye travay. Imaj Bondye ak imaj nou sanble; imaj nou pre ak pa Bondye a. Seyè Jezi se Wa nou menm Jwif yo; moun lòt nasyon yo pa kalifye pou resevwa yon gwo gras sali konsa. Seyè Jezi se ofrann pou peche pou nou menm Jwif yo. Se sèlman sou baz de etap travay sa yo Izrayelit yo ak pèp Jwif la te fòme tout konsepsyon sa yo. Ak awogans, yo reklame Bondye kòm byen pa yo sèlman, yo pa pèmèt Bondye se Bondye moun lòt nasyon yo tou. Nan fason sa, Bondye vin tounen yon espas vid nan kè moun lòt nasyon yo. Se paske tout moun te vin kwè Bondye pa vle tounen Bondye moun lòt nasyon yo epi Li renmen sèlman Izrayelit yo—pèp Li chwazi a—ansanm ak pèp Jwif la, an patikilye disip ki t ap swiv Li yo. Èske w pa konnen travay Jewova ak Jezi te fè a se pou tout limanite ka siviv? Èske ou rekonèt kounye a Bondye se Bondye nou tout ki fèt andeyò Izrayèl yo? Èske Bondye pa la a nan mitan nou jodi a? Sa pa kapab yon rèv, pa vre? Èske nou pa aksepte reyalite sa a? Nou pa oze kwè sa oswa panse ak sa. Kèlkeswa jan nou wè sa, èske Bondye pa la a nan mitan nou? Èske nou toujou pa oze kwè pawòl sa yo? Apati jodi a, èske tout moun ki konkeri yo ak tout moun ki vle tounen disip Bondye se pa moun Bondye chwazi? Èske nou tout k ap swiv Li jodi a pa moun Li chwazi andeyò Izrayèl yo? Èske idantite nou pa menm ak idantite Izrayelit yo? Èske tout bagay sa yo se pa sa nou ta dwe rekonèt? Èske sa a se pa objektif travay pou konkeri nou an? Piske nou kapab wè Bondye, Li pral Bondye nou pou toutan, depi nan kòmansman jouk nan lavni. Li p ap abandone nou, toutotan nou tout dispoze swiv Li epi tounen kreyati Li ki lwayal e ki soumèt.

Kèlkeswa nivo detèminasyon pou renmen Bondye moun yo posede, an jeneral yo te soumèt epi yo swiv Li jouk jodi a. Se sèlman alafen, lè etap travay sa a fini, y ap santi yon remò total. Se lè sa a moun yo ap vrèman konkeri. Kounye a la a, yo sèlman nan pwosesis pou yo vin konkeri. Lè travay la fini, y ap konkeri nèt, men se pa konsa sa ye kounye a la a! Menmsi tout moun fin dakò nèt, sa pa vle di yo konkeri nèt. Sa se paske, kounye a, moun yo sèlman wè pawòl men yo pa wè okenn evènman reyèl, epi yo toujou pa sèten, kèlkeswa jan yo kwè pwofondman. Se poutèt sa se sèlman avèk dènye evènman reyèl sa a, pawòl yo k ap tounen reyalite, moun yo ap konkeri nèt. Kounye a la a, moun sa yo konkeri paske yo tande anpil mistè yo pa t janm tande anvan. Men anndan chak grenn nan yo, y ap gade epi y ap tann pou yo wè kèk evènman reyèl k ap pèmèt yo wè chak pawòl Bondye reyalize. Se sèlman lè sa a y ap fin dakò nèt. Se sèlman lè, alafen, tout moun wè evènman sa yo ki reyalize, epi evènman sa yo lakòz yo santi yo sèten, y ap gen konviksyon nan kè yo, nan sa y ap di, ak nan je yo, e konsa y ap fin dakò nèt nan fon kè yo. Se konsa nati lòm ye: Nou bezwen wè tout pawòl yo ap reyalize, nou bezwen wè kèk evènman reyèl k ap pase epi wè dezas k ap frape kèk moun, epi apre sa, n ap fin dakò nèt nan fon kè nou. Menm jan ak Jwif yo, wè siy ak mirak pran tout tèt nou. Epoutan nou pa janm wè okenn siy ak mirak, epi nou pa janm wè okenn reyalite k ap fèt ki kapab ouvri je nou byen gran. Kit se ta yon moun k ap desann sot nan syèl la, oswa yon kolòn nyaj k ap pale avèk nou, oswa si Mwen ta retire yon move lespri nan youn nan nou, oswa si vwa Mwen ta gwonde tankou loray nan mitan nou, nou te toujou vle wè kalite evènman sa a. Nou ka di nan kwè nan Bondye, pi gwo swè nou se pou nou ta wè Bondye vini epi Li montre nou yon siy Li menm pèsonèlman. Lè sa a, n ap fin satisfè nèt. Pou Mwen konkeri moun tankou nou, Mwen dwe reyalize yon travay ki sanble ak kreyasyon syèl yo ak tè a, epi anplis, Mwen dwe montre nou yon siy kèlkonk. Lè sa a, kè nou ap konkeri nèt.

Anvan: Vrè Istwa konsènan Travay Konkèt la (1)

Apre: Verite Ki Anndan Travay Konkèt la (4)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger