Vrè Istwa konsènan Travay Konkèt la (1)

Limanite, ki te kòwonpi anpil pa Satan, pa konnen si gen yon Bondye, epi li sispann adore Bondye. Nan kòmansman, lè yo te kreye Adan ak Èv, glwa ak temwayaj Jewova te toujou prezan. Men apre yo te fin kòwonpi, lòm te pèdi glwa ak temwayaj la, paske tout moun te rebele kont Bondye epi yo te vin pa pè Li ditou ankò. Travay konkèt jodi a se pou reprann tout temwayaj la ansanm ak tout glwa a, epi pou fè tout moun adore Bondye, konsa pou kapab gen temwayaj nan mitan èt ki kreye yo; sa a se travay ki dwe fèt pandan etap sa a. Ki jan, egzakteman, pou yo konkeri limanite? Lè Li sèvi ak travay pawòl yo nan etap sa a pou konvenk lòm nèt; lè Li itilize ekspozisyon, jijman, chatiman, ak madichon san pitye pou pèsyade li totalman; lè Li ekspoze rebelyon lòm epi Li jije rezistans li, konsa pou lòm kapab konnen enjistis ak salte limanite a, epi konsa sèvi ak bagay sa yo kòm yon kontras pou mete dispozisyon dwat Bondye a an evidans. Se sitou grasa pawòl sa yo, lòm vin konkeri epi li vin konvenki nèt. Pawòl yo se mwayen pou atenn dènye konkèt limanite a, epi tout moun ki aksepte konkèt Bondye a dwe aksepte frape ak jijman pawòl Li yo. Pwosesis kote L ap pale jodi a se egzakteman pwosesis konkèt la. Epi ki jan, egzakteman, moun yo ta dwe kopere? Lè yo konnen ki jan pou yo manje epi bwè pawòl sa yo, epi rive konprann yo. Kanta pou fason yo konkeri moun nan, se pa yon bagay yo kapab fè poukont yo. Sèl sa ou kapab fè, se manje epi bwè pawòl sa yo, se rive konnen kòripsyon ou ak salte ou, rebelyon ou ak enjistis ou, epi pwostène tèt ou devan Bondye. Si ou kapab pratike apre ou fin byen konprann entansyon Bondye yo, epi si ou gen vizyon e ou kapab soumèt ou nèt anba pawòl sa yo, epi ou pa fè okenn chwa poukont ou, lè sa a ou ap deja fin sibi konkèt la — epi sa ap fèt grasa pawòl sa yo. Poukisa limanite te pèdi temwayaj la? Paske pèsonn pa gen lafwa nan Bondye, paske Bondye pa gen okenn plas nan kè moun yo. Konkèt limanite se restorasyon lafwa limanite. Moun yo toujou vle fonse tèt bese nan monn materyèl la, yo nouri twòp espwa, yo vle twòp bagay pou avni yo, epi yo gen twòp egzijans egzajere. Yo toujou ap panse pou lachè, y ap planifye pou lachè, epi yo pa gen okenn enterè pou yo chèche chemen kwayans nan Bondye a. Satan te rache kè yo ale, yo pèdi kè ki gen krentif pou Bondye a, epi yo konsantre sou Satan. Men se Bondye ki te kreye lòm. Konsa, lòm pèdi temwayaj la, sa ki vle di li pèdi glwa Bondye a. Objektif konkeri limanite a se pou reprann glwa krentif limanite genyen pou Bondye a. Yo kapab di sa konsa: Gen anpil moun ki pa pouswiv lavi; menm si gen kèk ki pouswiv lavi, se sèlman yon ti ponyen yo ye. Moun yo pi enkyete pou avni yo pase tout lòt bagay, yo pa bay lavi a okenn atansyon. Kèk moun rebele kont Bondye epi reziste kont Li, yo jije Li dèyè do L, epi yo pa pratike laverite. Yo inyore moun sa yo pou kounye a; pou moman an, yo pa fè pitit rebelyon sa yo anyen, men alavni ou pral viv nan fènwa, ap kriye epi ou ap manje dan ou. Ou pa santi jan limyè a presye lè ou ap viv ladan l, men ou ap rann ou kont jan l presye yon fwa ou ap viv nan fènwa, epi ou ap regrèt sa apre. Ou santi ou byen kounye a, men gen yon jou k ap rive kote ou ap regrèt sa. Lè jou sa a rive, epi fènwa desann epi pa janm gen limyè ankò, l ap twò ta pou regrèt. Se paske ou toujou poko konprann travay k ap akonpli nan epòk sa, ki fè ou pa cheri tan ou genyen kounye a. Lè travay pou tout linivè a kòmanse, sa vle di, lè pawòl Mwen ap pwononse jodi a akonpli, anpil moun pral kenbe tèt yo epi pral kriye ak gwo angwas. Epi lè yo fè sa, èske yo p ap tonbe nan fènwa a kote y ap kriye epi manje dan yo? Tout moun ki pouswiv lavi a toutbon e ki vin konplè kapab sèvi, tandiske tout pitit rebelyon yo ki pa diy pou yo sèvi yo pral tonbe nan fènwa a. Yo pral rete nèt san travay Sentespri a, yo p ap kapab konprann anyen. Konsa yo pral tonbe anba pinisyon epi yo pral kriye. Si ou byen ekipe nan faz travay sa a, epi ou grandi nan lavi ou, lè sa a ou diy pou yo sèvi ak ou. Men si ou mal ekipe, menmsi yo ta rele ou pou pwochen faz travay la, ou p ap diy pou yo sèvi ak ou — nan pwen sa a ou p ap gen yon lòt chans menmsi ou ta swete ekipe tèt ou. Lè Bondye fin ale, ki kote ou pral kapab jwenn kalite opòtinite travay Bondye a ofri ou kounye a? Ki kote ou ap kapab resevwa fòmasyon Bondye bay pèsonèlman an? Lè sa a rive, Bondye p ap pale ni itilize vwa Li pèsonèlman ankò; ou ap sèlman li bagay y ap pale jodi a — ki jan konpreyansyon ap ka vini fasil lè sa a? Ki jan lavi alavni ta kapab konpare ak jan li ye jodi a? Nan pwen sa a, avèk ou menm k ap kriye epi k ap manje dan ou, èske sa p ap vle di ou ap viv nan touman? Kounye a y ap vide benediksyon sou ou, men ou pa konn jan pou ou jwi yo; ou ap viv nan benediksyon, epoutan ou pa menm rann ou kont de sa. Sa pwouve ou kondane pou ou soufri! Jodi a, gen kèk moun k ap reziste, gen kèk k ap rebele, gen kèk k ap fè sa oubyen ap fè sa, epi Mwen senpleman inyore sa — men pa panse Mwen pa okouran sa nou ap fè an kachèt. Èske Mwen pa konprann esans nou? Poukisa nou toujou kanpe kont Mwen? Èske se pa pou pwòp tèt ou ki fè ou gen lafwa? Nan moman prezan an, Mwen ap sèlman akonpli travay konkèt la atravè pawòl Mwen yo, epi yon fwa travay konkèt sa a fin akonpli, rezilta ou ap parèt aklè. Èske Mwen oblije di ou sa aklè?

Objektif travay konkèt k ap fèt jodi a se pou revele ki rezilta lòm pral jwenn. Poukisa yo di chatiman ak jijman jodi a se jijman devan gwo twòn blan nan dènye jou yo? Èske ou pa wè sa? Poukisa travay konkèt la se dènye etap la? Èske se pa egzakteman pou revele ki kalite rezilta chak kategori moun pral jwenn? Èske se pa pou pèmèt tout moun, pandan travay konkèt la ap fèt atravè chatiman ak jijman, revele vrè nati yo, epi apre sa pou yo klase selon kategori yo? Olye nou di sa se konkèt limanite, li ta petèt pi bon pou nou di sa se revele ki kalite rezilta ki pral genyen pou chak kategori moun. Sa gen rapò ak jije peche moun yo epi apre sa revele divès kategori moun yo, e konsa deside si yo mechan oubyen dwat. Apre travay konkèt la, se travay rekonpanse bon yo epi pini mechan yo k ap vini. Moun ki soumèt nèt yo — sa vle di, sa yo fin konkeri totalman yo — yo pral plase nan pwochen etap kote y ap simaye travay Bondye a nan tout linivè a; sa ki pa konkeri yo pral plase yo nan fènwa epi y ap tonbe anba kalamite. Konsa y ap klase moun yo selon kategori yo, mechan yo ap gwoupe ak mechan yo, pou yo pa janm wè limyè solèy la ankò, epi moun ki dwat yo ap gwoupe ak sa ki bon yo, pou yo resevwa limyè epi viv nan limyè a pou tout tan. Rezilta tout bagay pre rive, epi rezilta moun yo parèt byen aklè devan je yo. Tout bagay ap klase selon kategori pa yo, donk ki jan moun yo ap kapab chape anba gwo doulè ki genyen lè yo chak ap klase selon kategori pa yo a? Y ap revele rezilta chak kategori moun lè moman pou revele rezilta tout bagay rive toupre, epi sa ap fèt pandan travay pou konkeri tout linivè a (ki gen ladan l tout travay konkèt la, kòmanse ak travay aktyèl la). Revelasyon rezilta tout limanite a fèt devan twòn jijman an, pandan chatiman an ap fèt, epi pandan travay konkèt dènye jou yo ap fèt. Klase moun selon kategori yo se pa retounen moun yo nan kategori orijinal yo, paske lè lòm te fèt nan moman kreyasyon an, te gen yon sèl kalite moun sèlman, sèl diferans ki te genyen se te ant mal ak femèl. Pa t gen plizyè kalite moun diferan. Se sèlman apre plizyè milye ane kòripsyon ke diferan kategori moun vin parèt, kote gen kèk ki anba pouvwa lespri enpi yo, e gen kèk ki anba pouvwa dyab mechan yo, epi gen kèk, moun ki pouswiv chemen lavi a, ki anba dominasyon Toupisan an. Se sèlman nan fason sa a kategori yo kòmanse egziste gradyèlman nan mitan moun yo, epi se sèlman konsa moun yo separe an divès kategori nan gwo fanmi lòm nan. Tout moun yo vin gen diferan «papa»; se pa yon sitiyasyon kote tout moun anba dominasyon Toupisan an nèt, paske lòm twò rebèl. Jijman ki dwat ekspoze vrè nati chak kategori moun, san li pa kite anyen kache. Tout moun montre vrè vizaj yo nan limyè a. Nan pwen sa a, lòm pa jan l te ye okòmansman an ankò, resanblans orijinal zansèt li yo te genyen an te disparèt depi byen lontan, paske yon kantite desandan Adan ak Èv moun pa ka konte te gentan kaptire pa Satan depi byen lontan, pou yo pa janm konnen solèy syèl la ankò, epi paske moun yo ranpli ak tout kalite pwazon Satan yo. Se poutèt sa, moun yo gen destinasyon apwopriye yo. Anplis, se dapre diferan pwazon yo genyen, yo klase yo selon kategori yo, sa vle di yo klase yo selon nivo yo konkeri jodi a. Rezilta lòm pa yon bagay ki te deja predetemine depi nan kreyasyon mond lan. Sa se paske nan kòmansman an, te gen yon sèl kategori, ki te rele kolektivman «limanite», epi lòm pa t kòwonpi pa Satan okòmansman, epi tout moun yo t ap viv nan limyè Bondye a, san okenn fènwa pa t anvayi yo. Men apre lòm te fin kòwonpi pa Satan, tout kalite ak kategori moun te gaye toupatou sou tè a — tout kalite ak kategori moun ki te soti nan fanmi yo te rele kolektivman «limanite» ki te gen ladan l mal ak femèl. Se zansèt yo ki te gide yo tout fè yo pèdi wout zansèt ki pi ansyen yo — limanite ki te konpoze ak yon gason ak yon fanm (sa vle di, Adan ak Èv, zansèt ki pi ansyen yo, depi nan kòmansman an). Nan epòk la, Izrayelit yo se te sèl pèp ki t ap viv sou tè a anba gidans Jewova. Divès kalite moun ki te soti nan tout Izrayèl la (sa vle di nan branch fanmi orijinal la) epi yo te pèdi gidans Jewova apre sa. Premye moun sa yo, ki te konplètman inyoran sou zafè monn imen an, te swiv zansèt yo pou y al viv nan teritwa yo te okipe yo, e sa kontinye konsa jouk jounen jodi a. Konsa yo toujou inyoran sou jan yo devye kite Jewova epi jan yo te kòwonpi rive jis jounen jodi anba enfliyans tout kalite lespri enpi ak move lespri. Moun ki fin kòwonpi epi anpwazonnen jouk nan zo jis kounye a yo — moun ki finalman p ap kapab sove yo — p ap gen lòt chwa ke pou yo ale ak zansèt yo, lespri enpi yo ki te kòwonp yo a. Moun ki finalman kapab sove yo prale nan destinasyon apwopriye pou limanite, sa vle di nan rezilta ki rezève pou moun ki sove ak moun ki konkeri yo. Y ap fè tout sa yo kapab pou sove tout moun ki kapab sove yo — men pou moun ki angoudi nan pwen kote yo pa ka geri ankò yo, sèl chwa y ap genyen se pou yo swiv zansèt yo antre nan twou san fon chatiman an. Pa panse rezilta ou te deja fikse davans depi nan kòmansman anepi se sèlman kounye a li revele. Si se konsa ou panse, alò èske ou bliye, pandan kreyasyon inisyal limanite a, pa t gen okenn kategori moun satanik separe ki te kreye, men te gen yon sèl limanite ki te genyen Adan ak Èv (sa vle di sèlman mal ak femèl)? Si ou te desandan Satan depi nan kòmansman, èske Jewova t ap enkli yon kategori lòm satanik nan kreyasyon Li an? Èske Li t ap fè yon bagay konsa? Li te kreye lòm pou temwayaj Li; Li te kreye lòm pou glwa Li. Èske Li t ap kreye yon kategori moun ki soti nan Satan espre pou yo ka reziste kont Li? Ki jan Jewova ta ka fè yon bagay konsa? Si Li ta fè sa, kiyès ki t ap di Li se yon Bondye ki dwat? Kounye a, lè Mwen di yo pral remèt kèk pami nou bay Satan alafen, sa pa vle di ou te pou Satan depi nan kòmansman; okontrè, sa vle di ou plonje tèlman ba, menmsi Bondye eseye sove ou, ou echwe kanmenm nan resevwa gras sali a. Pa gen okenn lòt chwa men klase ou ak Satan. Sa fèt sèlman paske ou pa ka sove ankò, non pa paske Bondye enjis anvè ou epi Li te predetèmine ou espre pou ou vin yon manifestasyon Satan, epi apre sa pou Li remèt ou bay Satan epi Li vle ou soufri espre. Sa a pa vrè istwa travay konkèt la. Si se sa ou kwè, alò konpreyansyon ou an vrèman chita sou yon sèl kote! Konkèt dènye etap la fèt pou sove moun yo, epitou pou revele rezilta yo. Se pou ekspoze degradasyon moun yo atravè jijman, epi konsa pouse yo repanti, leve kanpe, epi pouswiv lavi ansanm ak bon chemen nan lavi a. Se pou reveye kè moun ki angoudi epi ki pa gen disènman yo e pou revele, atravè jijman an, rebelyon anndan lòm nan. Sepandan, si moun yo toujou pa kapab repanti, toujou pa kapab pouswiv bon chemen nan lavi a epi yo pa kapab elimine kòripsyon sa yo, alò y ap tounen bagay Satan ap devore yo, moun ki pa ka sove ankò. Sa se siyifikasyon konkèt la: pou sove moun, epitou pou revele rezilta yo. Bon rezilta, move rezilta — yo tout revele gras a travay konkèt la. Kit moun yo ap sove oswa madichonnen, tout sa revele pandan travay konkèt la.

Dènye jou yo se lè tout bagay pral klase selon kategori yo atravè konkèt la. Konkèt la se travay dènye jou yo; sa vle di, jije peche chak moun se travay dènye jou yo. Sinon, ki jan moun yo ta kapab klase selon kategori yo? Travay pou klase chak moun yo selon kategori yo k ap fèt nan mitan nou an se kòmansman yon travay konsa anndan tout linivè a nèt. Apre sa, moun tout peyi ansanm ak tout pèp ap gen pou yo resevwa travay konkèt la tou. Sa vle di chak moun nan kreyasyon an ap gen pou yo klase selon kategori yo epi pou yo soumèt devan twòn jijman an pou yo ka jije. Pèsonn ak anyen pa ka chape anba chatiman ak jijman sa a, e ni pa gen okenn moun, ni okenn bagay ki p ap klase selon kategori pa yo; yo pral klase chak moun, paske lè pou revele rezilta tout bagay pre rive, epi tout syèl la ansanm ak tè a rive nan bout yo nèt. Ki jan lòm ta kapab chape anba jou kote egzistans limanite an ap rive nan yon bout li? E konsa, pou konbyen tan ankò zak rebelyon nou yo kapab kontinye? Èske dènye jou nou yo pa deja devan je nou kounye a? Ki jan moun ki gen krentif pou Bondye epi ki anvi wè Li parèt yo ta kapab pa wè jou kote jistis Bondye a pral parèt aklè a? Ki jan yo p ap resevwa rekonpans final ki rezève pou sa ki bon yo? Èske ou se yon moun k ap fè sa ki byen, oubyen youn k ap fè sa ki mal? Èske ou se yon moun ki aksepte jijman ki dwat la epi ki soumèt, oswa èske ou se yon moun ki aksepte jijman ki dwat la epi ki pran madichon? Èske ou ap viv devan twòn jijman an nan limyè a, oswa èske ou ap viv nan kote mò yo ye a nan mitan fènwa a? Èske se pa ou menm ki konnen pi byen si rezilta ou a ap youn ki gen rekonpans ladan l, oubyen youn ki gen pinisyon ladan l? Èske se pa ou menm ki konnen pi byen ki konprann pi pwofondman jan Bondye dwat? Alò kòman kondit ou ak kè ou ye egzakteman? Pandan M ap konkeri ou jodi a, èske ou vrèman bezwen Mwen eksplike ou si konpòtman ou bon oswa si li mal? Ki kantite bagay ou te abandone pou Mwen? Nan ki pwen ou adore Mwen pwofondman? Èske ou menm ou pa konnen trè byen ki jan ou konpòte ou anvè Mwen? Ou ta dwe konnen pi byen pase nenpòt lòt moun ki rezilta egzakteman ou ap jwenn! An verite, M ap di w sa: Mwen te kreye limanite sèlman, epi Mwen te kreye ou tou, men Mwen pa t lage nou bay Satan; ni Mwen pa t fè pou nou rebele ni reziste kont Mwen espre pou Mwen ka pini nou poutèt sa. Èske tout kalamite sa yo se pa konsekans kè nou ki twò di e konpòtman nou ki twò meprizab? Alò, èske nou menm tou nou pa kapab detèmine ki rezilta nou pral jwenn? Èske nou pa konnen nan fon kè nou pi byen pase nenpòt lòt moun ki rezilta nou pral jwenn? Rezon ki fè Mwen konkeri moun yo se pou Mwen revele yo, e pou Mwen kapab pote sali pou nou pi byen toujou. Se pa pou fè ou fè sa ki mal, ni se pa pou fè ou mache antre nan lanfè destriksyon an espre. Lè moman an rive, gwo soufrans ou a, dlo nan je ou ansanm ak kote ou ap griyen dan ou an — èske se p ap akòz peche ou yo nèt? Konsa, èske pwòp bonte ou la oswa pwòp mechanste ou la pa pi bon jijman pou ou a? Èske sa se pa prèv ki kapab pi byen revele ki kalite rezilta ou ap genyen?

Jodi a, Mwen travay sou moun Bondye chwazi nan peyi Lachin yo pou Mwen revele tout dispozisyon rebèl yo genyen epi demaske tout lèdte yo e pou Mwen sèvi ak kontèks sa a pou Mwen di tout sa Mwen bezwen di. Apre sa, Mwen pral akonpli pwochen etap nan travay Mwen an pou Mwen konkeri tout linivè a. Mwen ap sèvi ak jijman Mwen fè sou nou an pou Mwen jije enjistis chak moun k ap viv nan tout linivè a, paske nou menm se reprezantan moun ki rebèl pami tout limanite. Moun ki pa kapab avanse yo ap tounen senpleman objè pou fè yon lòt parèt pi byen ak objè pou sèvis, tandiske moun ki kapab avanse yo y ap sèvi ak yo. Poukisa Mwen di moun ki pa kapab avanse yo ap itil sèlman antanke objè pou fè yon lòt parèt pi byen? Se paske pawòl ak travay Mwen genyen kounye a se sou pakou nou, e paske nou tounen reprezantan ak pi bon egzanp ki montre moun ki rebèl pami tout limanite. Apre sa, Mwen pral pran pawòl sa yo ki konkeri nou yo pou M al nan peyi etranje epi sèvi avèk yo pou Mwen konkeri moun ki la yo tou, epoutan ou p ap genyen yo. Èske sa p ap fè ou tounen yon objè pou fè yon lòt parèt pi byen? Dispozisyon kòwonpi tout limanite a genyen, zak rebelyon lòm yo, ansanm ak imaj ak vizaj lèd lòm genyen yo — tout bagay sa yo ekri jodi a nan pawòl Mwen sèvi pou Mwen konkeri nou yo. Apre sa Mwen pral sèvi ak pawòl sa yo pou Mwen konkeri moun tout nasyon ak tout denominasyon yo, paske nou se modèl orijinal la, presedan an. Sepandan, Mwen pa t pran desizyon pou Mwen abandone nou volontèman; si ou pa reyisi byen fè nan sa ou ap pouswiv la epi konsa ou montre ou pa ka geri, èske ou p ap vin tou senpleman yon objè pou sèvis ak yon objè pou fè yon lòt parèt pi byen? Yon lè Mwen te di, sajès Mwen an egzèse sou baz mannèv Satan yo. Poukisa Mwen te di sa? Èske sa se pa vrè istwa ki kache dèyè sa Mwen ap di ak sa Mwen ap fè kounye a menm? Si ou pa kapab avanse, si ou pa vin pafè men olye de sa yo pini w, èske ou p ap vin yon objè pou fè yon lòt parèt pi byen? Petèt, jouk ou rive nan jounen jodi a, ou sibi anpil soufrans vre, men ou toujou pa konprann anyen; ou pa konn anyen sou sa ki gen rapò ak lavi a. Menmsi ou te sibi chatiman ak jijman, ou pa t chanje ditou, epi nan zantray ou, ou pa t genyen lavi. Lè moman an rive pou M teste travay ou an, ou pral sibi yon eprèv ki tankou dife epi pi gwo tribilasyon toujou. Lè dife sa a tonbe sou ou, tout ou menm nèt ap tounen sann dife. Ou pa posede lavi, ou pa gen menm yon ti ons bon lò anndan ou, ou toujou kole nan ansyen dispozisyon kòwonpi ou a, epi ou pa menm kapab fè yon bon objè pou fè yon lòt parèt pi byen, donk ki jan ou ta ka pa elimine? Èske yo kapab sèvi ak yon moun ki pa menm vo senk kòb epi ki pa posede lavi nan travay konkèt la? Lè moman sa a rive, jou nou yo ap pi rèd pase pa moun nan epòk Noye ak nan epòk Sodòm yo! Kèlkeswa jan ou priye, sa p ap sèvi ou anyen lè sa a. Èske ou ap kapab tounen vin repanti ankò, lè travay sali a gentan fini? Depi tout travay Sali a fin fèt, p ap gen lòt travay konsa ankò; sa k ap genyen se kòmansman travay pou pini move moun yo. Ou reziste, ou rebele, epi ou fè sa ki mal an tout konesans de koz. Èske se pa ou menm ki pral sib gwo pinisyon an? Mwen ap eksplike ou sa aklè jodi a. Si ou chwazi pa koute, alò lè malè rive ou pi devan, èske li p ap twò ta si se sèlman lè sa a ou kòmanse santi regrè epi w kòmanse kwè? Mwen ap ba ou yon chans pou ou repanti jodi a, men ou pa fè sa. Konbyen tan ou vle tann ankò? Jiskaske jou chatiman an rive? Jodi a Mwen pa sonje ansyen transgresyon ou te fè nan tan lontan yo; Mwen padone ou fwa apre fwa, Mwen vire do bay aspè negatif ou a pou M gade aspè pozitif ou a sèlman, paske tout pawòl M ap di, ak travay M ap fè kounye gen objektif pou sove ou epi Mwen pa gen okenn move entansyon anvè ou. Epoutan ou refize antre; ou pa ka fè diferans ant sa ki bon ak sa ki mal epi ou pa konn ki jan pou ou apresye bonte. Èske moun sa yo pa senpleman ap tann pinisyon ak retribisyon ki dwat la rive sou yo?

Lè Moyiz te frape wòch la, epi dlo Jewova te bay la te soti ak fòs, se te grasa ak lafwa li. Lè David te jwe hap ak lir pou fè lwanj pou Mwen, Jewova — avèk kè l ranpli ak lajwa — se te grasa lafwa li. Lè Jòb te pèdi bèt li yo ki te plen mòn yo ansanm ak yon pakèt richès moun pa ka konte, epi kò li te vin kouvri ak gwo bouton, se te grasa lafwa li. Lè l te kapab tande vwa Mwen, Jewova, epi wè glwa Mwen, Jewova, se te grasa lafwa li. Lefètke Pyè te kapab swiv Jezi Kris, se te grasa lafwa li. Lefètke yo te kapab kloure l sou kwa a pou Mwen epi l te bay yon temwayaj gloriye, se te grasa lafwa l tou. Lè Jan te wè imaj gloriye Pitit lòm nan, se te grasa lafwa li. Lè l te wè vizyon dènye jou yo, se te pi plis toujou grasa lafwa li. Rezon ki fè swadizan pakèt lòt nasyon moun pa ka konte sa yo resevwa revelasyon Mwen, epi yo vin konnen Mwen retounen nan lachè pou Mwen fè travay Mwen nan mitan lòm, se grasa lafwa yo tou. Tout moun ki frape anba pawòl di Mwen yo epoutan ki jwenn konsolasyon nan sa epi ki sove — èske se pa grasa lafwa yo ki fè sa rive? Se grasa lafwa yo, moun yo resevwa anpil bagay, men se pa nesesèman benediksyon yo resevwa. Yo gendwa pa resevwa kalite lajwa ansanm ak kè kontan David te santi a, oswa resevwa dlo nan men Jewova menm jan ak Moyiz. Pa egzanp, Jewova te beni Jòb poutèt lafwa li, men li te jwenn advèsite tou. Kit ou resevwa benediksyon oubyen ou sibi advèsite, toude se evènman beni. Si se pa t pou lafwa ou a, ou pa t ap kapab resevwa travay konkèt sa a, e alewè pou ou ta kapab wè zèv Jewova ap parèt devan je ou jodi a — ou pa t ap kapab wè sa, e sitou ou pa t ap kapab jwenn li nonplis. Si advèsite sa yo, kalamite sa yo, ansanm ak tout jijman sa yo — pa t tonbe sou ou, èske ou t ap kapab wè zèv Jewova jodi a? Jodi a, se lafwa ki pèmèt ou vin konkeri, epi se lefètke ou vin konkeri ki pèmèt ou kwè nan chak zèv Jewova. Se sèlman grasa lafwa ki fè ou resevwa kalite chatiman ak jijman sa a. Atravè chatiman ak jijman sa a, ou vin konkeri epi ou vin pafè. Si se pa t pou chatiman ak jijman w ap resevwa jodi a, lafwa ou t ap anven, paske ou pa t ap konnen Bondye; kèlkeswa jan ou te kwè nan Li, lafwa ou t ap senpleman pawòl ki vid epi li pa t ap gen okenn reyalite ladan l. Se sèlman apre ou resevwa travay konkèt sa a, ki fè ou soumèt nèt la, lafwa ou vin tounen vrè lafwa, yon lafwa ki vrè, moun ka konte sou li, epi kè ou vire nan direksyon Bondye. Menmsi ou sibi anpil jijman oswa anpil madichon akoz mo sa a ki se «lafwa» a, ou posede vrè lafwa kanmenm epi ou vin genyen bagay ki pi vre, ki pi reyèl, epi ki pi presye a. Sa se paske se sèlman nan mitan jijman ou ka wè destinasyon kreyati Bondye yo; se nan jijman sa a ou wè bèlte Kreyatè a; se nan kalite travay konkèt sa a ou wè fòs ponyèt Bondye; se nan konkèt sa a ou rive konprann lavi moun nèt; se nan konkèt sa a ou vin genyen bon chemen nan lavi a epi ou vin konprann vrè siyifikasyon «lòm» nan; se sèlman nan konkèt sa a ou wè dispozisyon dwat Toupisan an ansanm ak bèl figi Li ki chaje ak glwa; se nan travay konkèt sa a ou aprann orijin lòm epi konprann «istwa imòtèl» tout limanite a; se nan konkèt sa a ou rive aprann konnen zansèt limanite ansanm ak orijin koripsyon limanite a; se nan konkèt sa a ou resevwa lajwa ak konsolasyon epitou ak pinisyon ki pa janm fini, disiplin, ak pawòl repwòch Kreyatè a fè limanite Li te kreye a; se nan travay konkèt sa a ou resevwa benediksyon, ansanm ak advèsite ke lòm merite…. Èske tout bagay sa yo pa rive grasa ti kras lafwa ou genyen an? Epi èske lafwa ou pa grandi lè ou jwenn tout bagay sa yo? Èske ou pa jwenn yon kantite bagay ki konsiderab? Non sèlman ou tande pawòl Bondye a epi ou wè sajès Bondye, men ou menm pèsonèlman te fè eksperyans chak etap nan travay Li tou. Petèt ou ta di si ou pa t gen lafwa, ou pa t ap sibi kalite chatiman sa a ni kalite jijman sa a. Men ou ta dwe konprann, san lafwa, non sèlman ou pa t ap kapab resevwa kalite chatiman sa a oswa pou ou resevwa kalite swen sa a nan men Toupisan an, men tou, ou t ap pèdi pou letènite opòtinite pou rankontre Kreyatè a tou. Ou pa t ap janm konnen orijin limanite epi ou pa t ap janm konprann siyifikasyon lavi imen an. Menmsi lachè ou ta peri epi nanm ou ta pati, ou toujou pa t ap konprann tout zèv Kreyatè a akonpli yo, alewè pou ou ta konnen ke Kreyatè a te fè yon travay ki tèlman gran konsa sou tè a apre Li te fin kreye limanite. Antanke youn nan manm limanite Li te kreye a, èske ou dispoze akoz inyorans pou ou tonbe nan fènwa nan fason sa a, epi pou ou soufri anba pinisyon etènèl la? Si ou separe tèt ou ak chatiman ak jijman jodi a, ak kisa ou pral rankontre? Èske ou panse, yon fwa ou separe ak jijman aktyèl la, ou ap kapab chape anba vi soufrans sa a? Èske se pa vre, si ou kite «kote sa a», sa ou ap rankontre se gwo touman ki plen doulè oswa gwo mal dyab yo ap fè ou sibi? Èske w ka rive pase lajounen kou lannwit anba soufrans ou pa kapab sipòte? Èske ou panse lè w chape anba jijman jodi a, ou kapab evite gwo doulè k ap tann nan lavni an pou toutan? Kisa k ap vin jwenn ou? Èske se Shangri-La ou espere jwenn nan? Èske ou panse ou kapab chape anba chatiman etènèl k ap tann ou nan lavni an senpleman lè ou kouri pou fè fas ak reyalite a jan ou ap fè sa kounye a? Apre jodi a, èske ou ap janm kapab jwenn yon lòt opòtinite konsa ak yon lòt benediksyon konsa ankò? Èske ou ap kapab jwenn yo lè malè tonbe sou ou? Èske ou ap kapab jwenn yo lè tout limanite antre nan repo? Lavi kè kontan w ap mennen kounye a ak ti fanmi ou k ap viv ann amoni an — èske yo kapab ranplase destinasyon etènèl ou ap genyen alavni an? Si ou gen vrè lafwa, epi si ou jwenn anpil bagay grasa lafwa ou, alò tout bagay sa yo se sa ou menm — yon kreyati Bondye — ta dwe jwenn epitou se sa ou te dwe genyen an premye. Pa gen anyen ki pi pwofitab pou lafwa ou ak lavi ou pase travay konkèt sa a.

Jodi a, ou bezwen konprann kisa Bondye mande moun yo konkeri yo, ki atitid Li genyen anvè moun Li rann pafè yo, epi nan kisa ou ta dwe antre kounye a. Gen kèk bagay ou bezwen konprann sèlman yon ti kras. Ou pa bezwen fouye twòp sou kèk pawòl ki gen rapò ak mistè; yo pa tèlman itil pou lavi a, epi yo mande sèlman pou fè yon ti gade rapid sou yo. Pa egzanp, lè l rive nan mistè yo tankou mistè Adan ak Èv la, li nesesè pou li yo epi wè kisa Adan ak Èv la te ye nan epòk sa a, ak ki travay Bondye vle fè jodi a. Ou bezwen konprann, lè L ap konkeri epi L ap pèfeksyone lòm, Bondye swete retounen lòm nan jan Adan ak Èv te ye anvan. Nan kè ou, ou ta dwe gen yon bon ide sou nivo pèfeksyon ki dwe atenn dekwa pou rive nan nivo Bondye egzije a, epi ou dwe dispoze fè sakrifis pou atenn li. Sa gen rapò ak pratik ou, e sa se yon bagay ou ta dwe konprann. Li sifi pou ou chèche antre nan reyalite sa yo ann akò ak pawòl Bondye yo sou sijè sa yo. Lè ou li pawòl sa yo «Limanite ap devlope pandan plizyè dizèn milye ane rive jis jounen jodi a», ou vin kirye, e konsa ou kòmanse ap fè rechèch ansanm ak frè ak sè yo. «Bondye di devlopman limanite remonte jiska sis mil ane nan tan pase, pa vre? Sa vle di Kisa koze plizyè dizèn milye ane sa a?» Kisa sa itil ou pou w ap fè rechèch sou sa? Kit Bondye Li menm t ap travay pandan plizyè dizèn milye ane oswa plizyè santèn milyon ane — èske Li vrèman bezwen ou fè rechèch sou sa? Sa pa yon bagay ou menm, antanke kreyati Bondye, bezwen konnen. Lè ou rankontre pawòl konsa, tout sa ou bezwen fè se li yo rapidman — pa eseye konprann yo kòmsi yo te vizyon. Ou bezwen konnen kisa ou ta dwe antre ladan l epi konprann jodi a, epi apre sa ou bezwen medite sou li pou ou rive konprann li klèman. Se sèlman lè sa a ou ap vin konkeri. Apre ou fin li sa ki ekri anlè a, ou ta dwe gen yon reyaksyon nòmal: Bondye gen yon gwo kè sote, Li vle konkeri nou epi Li vle jwenn glwa ak temwayaj, donk ki jan nou ta dwe kopere avèk Li? Kisa nou dwe fè pou L konkeri nou nèt epi pou nou tounen temwayaj Li? Kisa nou dwe fè pou pèmèt Bondye jwenn glwa? Kisa nou dwe fè pou pèmèt tèt nou viv anba dominasyon Bondye olye nou vivanba pouvwa Satan? Se sou sa moun yo ta dwe ap reflechi. Chak grenn nan nou ta dwe konprann siyifikasyon konkèt Bondye a. Sa se responsablite nou. Se sèlman lè nou fin konprann sa a n ap kapab antre nan reyalite a, n ap kapab konnen etap travay sa a, epi n ap vin soumèt konplètman. San sa, nou p ap rive soumèt toutbon.

Anvan: Mistè Enkanasyon an (2)

Apre: Vrè Istwa Travay Konkèt la (3)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger