Dis Dekrè Administratif Moun Bondye Chwazi yo Dwe Obeyi nan Epòk Wayòm nan
1. Lòm pa dwe pran pòz egzalte tèt li, e li pa dwe onore tèt li kòm siprèm. Li ta dwe adore Bondye epi onore Bondye kòm Sila ki Siprèm nan.
2. Fè tout sa ki itil pou travay Bondye a epi pa fè anyen ki nwizib pou enterè travay Bondye a. Defann non Bondye, temwayaj Bondye, ak travay Bondye.
3. Lajan, byen materyèl ak pwopriyete ki nan kay Bondye a se tout ofrann moun dwe bay. Se sèlman prèt la ak Bondye ki gen dwa benefisye ofrann sa yo, paske ofrann moun yo fèt pou Bondye benefisye yo, e se prèt la sèlman Bondye bay ofrann sa yo pou l gen pa l ladan yo. Pa gen okenn lòt moun ki kalifye ni ki gen dwa benefisye okenn pati nan yo. Tout ofrann moun bay yo (sa gen ladan lajan ak byen materyèl moun ka itilize) se Bondye yo bay yo, se pa moun yo bay yo. Se poutèt sa, moun pa dwe pwofite bagay sa yo pou tèt yo. Si yon moun ta fè sa, li vòlè ofrann yo. Nenpòt moun ki fè sa se yon Jida, paske, anplis li te trayi Seyè a, Jida te vòlè sa yo te mete nan sak lajan an tou.
4. Moun gen dispozisyon kowonpi, epi santiman yo gen plis enfliyans sou yo toujou. Se poutèt sa, li entèdi nèt pou de moun ki pa menm sèks travay ansanm san okenn lòt moun pa akonpaye yo pandan y ap sèvi Bondye. Nenpòt moun yo dekouvri k ap fè sa y ap mete l deyò, san okenn eksepsyon.
5. Pa fè jijman sou Bondye epi pa pale de bagay ki gen rapò ak Bondye san reflechi. Aji jan yon moun dwe aji epi pale jan yon moun dwe pale. Pa depase limit epi pa franchi limit yo. Kontwole lang ou epi fè atansyon kote w ap mete pye w, pou w pa fè anyen ki ofanse dispozisyon Bondye.
6. Fè sa yon moun dwe fè, ranpli obligasyon ou yo, akonpli responsablite ou yo, epi rete fidèl ak devwa ou. Piske ou kwè nan Bondye, ou dwe bay pati dwe bay la nan travay Bondye a; si ou pa fè sa, ou pa diy pou manje ak bwè pawòl Bondye yo, ni pou rete nan kay Bondye a.
7. Nan travay ak zafè legliz la, apa de soumèt ou bay Bondye, swiv enstriksyon moun Sentespri a itilize nan tout bagay la. Menm pi piti vyolasyon an pa akseptab. Se pou ou obeyi san okenn rezèv, epi pa analize sa ki dwat oswa sa ki mal; si l dwat oswa si l mal, sa pa konsène ou. Sèl bagay ki dwe konsène ou, se soumèt ou nèt san kondisyon.
8. Moun ki kwè nan Bondye dwe soumèt devan Bondye epi adore Li; yo pa dwe egzalte moun, ni yo pa dwe admire moun. Ou pa dwe mete Bondye an premye, moun ou admire yo an dezyèm, epi tèt ou an twazyèm. Pa gen okenn moun ki dwe okipe yon plas nan kè ou, epi ou pa dwe konsidere okenn moun—sitou moun ou idolatre yo—kòm yon moun ki egal ak Bondye oswa ki gen menm nivo ak Li. Sa pa akseptab ditou pou Bondye.
9. Kenbe panse ou yo fikse sou travay legliz la. Renonse ak espwa ou genyen pou avni lachè ou, pran desizyon fèm konsènan zafè fanmi ou, konsakre tèt ou ak tout kè ou nan travay Bondye a, epi mete travay Bondye a an premye ak pwòp lavi ou an dezyèm. Se bon konduit sa a yon sen dwe genyen.
10. Kanta pou manm fanmi w yo ki pa kwè (pitit ou yo, mari w oswa madanm ou, sè w yo, paran w yo, ak sou sa), pa fòse yo vini legliz. Kay Bondye a pa manke manm, e li pa nesesè pouranpli kantite a ak moun ki pa gen okenn itilite. Yo pa dwe mennen nan legliz la okenn moun ki pa kwè ak kè kontan. Dekrè sa a se pou tout moun. Nou dwe kenbe youn lòt anba kontwòl, sipèvize youn lòt, epi fè youn lòt sonje sa; pèsonn pa gen dwa vyole l. Menm lè manm fanmi ki pa kwè yo antre nan legliz la ak kè kontre, yo pa dwe resevwa liv epi yo pa dwe resevwa nouvo non; moun sa yo pa fè pati kay Bondye a. Kèlkeswa sa k rive, yo dwe anpeche tout moun konsa antre nan legliz la. Si legliz la vin gen pwoblèm akoz demon ki enfiltre l, enben se ou menm y ap mete deyò oswa y ap mete restriksyon sou ou. An brèf, tout moun dwe responsab pou aplike sa, men nou pa dwe aji san reflechi, ni nou pa dwe sèvi avè l pou regle kont pèsonèl.