Anèks 1: Aparisyon Bondye Inogire yon Nouvo Epòk

Plan jesyon sis mil an Bondye a ap rive nan bout li, epi pòt wayòm nan deja louvri pou chak moun k ap chèche aparisyon Li. Chè frè ak sè yo, ki sa n ap tann? Ki sa n ap chèche? Èske nou tout ap tann pou Bondye parèt? Èske nou tout ap chèche tras pa Li? Ala moun anvi wè aparisyon Bondye! Epi ala sa difisil pou jwenn tras pa Bondye! Nan yon epòk tankou epòk sa a, nan yon mond tankou mond sa a, ki sa nou dwe fè pou nou wè jou Bondye ap parèt la? Ki sa nou dwe fè pou n swiv tras pa Bondye san nou pa rete dèyè? Chak moun k ap tann Bondye parèt fè fas ak kalite kesyon sa yo. Nou tout te reflechi sou kesyon sa yo plis pase yon fwa—men ki rezilta sa bay? Ki kote Bondye parèt? Ki kote tras pa Bondye ye? Èske nou jwenn repons yo? Anpil moun t ap reponn konsa: «Bondye parèt nan mitan tout moun k ap swiv Li yo epi tras pa Li la nan mitan nou; se senp konsa!» Nenpòt moun ka bay yon repons tou fèt, men èske nou konprann sa aparisyon Bondye ye oubyen sa tras pa Li ye? Aparisyon Bondye vle di Bondye vini pèsonèlman sou tè a pou Li travay, Li desann nan mitan moun yo pou Li fè travay ki kòmanse yon epòk epi ki mete fen nan yon epòk avèk pwòp idantite Li, pwòp dispozisyon Li, epi nan fason ki nan nati Li menm. Kalite aparisyon sa a se pa yon seremoni, se pa yon siy, se pa yon imaj, se pa yon mirak, epi se pa yon kalite gwo vizyon, ale wè pou l ta yon pwosesis relijye. Okontrè, se yon reyalite byen konkrè, yon reyalite tout moun kapab touche epi tout moun kapab wè. Kalite aparisyon sa a pa fèt pou lafòm ni pou yon travay ki dire yon ti tan. Olye de sa, se pou yon etap travay nan plan jesyon Bondye a. Aparisyon Bondye toujou gen sans epi li toujou gen rapò ak plan jesyon Li a. Sa yo rele «aparisyon» la a totalman diferan ak kalite «aparisyon» kote Bondye ap gide lòm, dirije lòm, epi eklere lòm. Chak fwa Bondye parèt, Li reyalize yon gwo etap travay. Travay sa a diferan ak travay nenpòt lòt epòk. Lòm pa ka imajine l, e pèsonn poko janm fè eksperyans li. Se yon travay ki kòmanse yon nouvo epòk epi mete fen nan ansyen epòk la, epi se yon etap travay ki pi nouvo e ki pi wo pou sali limanite; pi plis toujou, se yon travay ki mennen limanite nan nouvo epòk la. Sa se siyifikasyon aparisyon Bondye a.

Yon fwa nou fin konprann sa aparisyon Bondye vle di, kijan nou ta dwe chèche tras pa Bondye? Kesyon sa a pa difisil pou eksplike: Kote Bondye parèt, se la tras pa Li ye. Yon eksplikasyon konsa sanble trè senp, men li pa tèlman fasil nan pratik, paske anpil moun pa konnen ki kote Bondye parèt vrèman, ale wè pou yo ta konnen ki kote Li vle parèt oubyen ki kote Li ta dwe parèt. Gen kèk moun ki kwè san reflechi ke kote Sentespri a ap travay, se la Bondye parèt. Oubyen yo kwè kote ki gen pèsonaj espirityèl, se la Bondye parèt. Oubyen yo kwè kote ki gen moun ki gen gwo renome, se la Bondye parèt. Pou kounye a, ann kite sou kote kesyon si kwayans sa yo vrèman kòrèk oubyen yo pa kòrèk. Pou nou eksplike yon kesyon konsa, nou dwe dabò gen yon objektif klè: N ap chèche tras pa Bondye, nou p ap chèche pèsonaj espirityèl, ale wè pou n ta swiv moun ki gen renome—n ap swiv tras pa Bondye. Pou rezon sa a, piske nou gen pou nou chèche tras pa Bondye, nou dwe chèche entansyon Bondye, chèche pawòl Bondye yo, epi chèche deklarasyon Li yo. Se paske kote Bondye pale nouvo pawòl, se la vwa Bondye ye; kote gen tras pa Bondye, se la zèv Bondye yo ye; kote gen ekspresyon Bondye, se la Bondye parèt; epi kote Bondye parèt, se la verite a, chemen an, ak lavi a egziste. Pandan n ap chèche tras pa Bondye, nou neglije pawòl «Bondye se verite a, chemen an, ak lavi a». E konsa, anpil moun, menm lè yo resevwa verite a, yo pa kwè yo jwenn tras pa Bondye, ale wè pou yo ta rekonèt se aparisyon Bondye a. Ala yon gwo erè! Aparisyon Bondye pa ka janm koresponn ak konsepsyon lòm, ale wè pou Bondye ta parèt jan lòm mande a. Lè Bondye fè travay Li, Li gen pwòp chwa pa Li, Li gen pwòp plan Li, epi, pi plis toujou, Li gen pwòp objektif Li e Li gen pwòp metòd pa Li. Nenpòt travay Li fè, Li pa bezwen diskite l ak lòm oubyen chèche konsèy nan men l, ale wè pou L ta fè chak grenn moun konnen. Sa a se dispozisyon Bondye, epi, pi plis toujou, se sa tout moun ta dwe konnen. Si nou vle wè aparisyon Bondye, epi nou vle swiv tras pa Bondye, enben, nou dwe dabò abandone pwòp konsepsyon pa nou yo. Nou pa dwe egzije Bondye fè tèl bagay oubyen tèl lòt bagay; ale wè pou w ta limite Bondye nan pwòp limit pa w yo epi limite Li nan pwòp konsepsyon pa w yo. Okontrè, nou ta dwe fikse egzijans pou pwòp tèt nou konsènan fason nou ta dwe chèche tras pa Bondye, fason nou ta dwe aksepte aparisyon Bondye, epi fason nou ta dwe soumèt anba nouvo travay Bondye a: An reyalite, se sa lòm ta dwe fè. Piske pa gen pèsonn ki se verite a, epi pa gen pèsonn ki posede verite a, sa lòm ta dwe fè se chèche, aksepte, epi soumèt.

Kit ou se Ameriken, Britanik, oubyen ou gen nenpòt lòt nasyonalite, ou ta dwe soti nan limit pwòp nasyonalite pa w, depase pwòp tèt ou, epi gade travay Bondye a antanke yon kreyati Bondye—konsa, ou p ap limite tras pa Bondye nan okenn kad patikilye. Sa se paske kounye a gen anpil moun ki kwè, nan konsepsyon yo, li enposib pou Bondye parèt nan yon peyi patikilye, oubyen li enposib pou Li parèt nan mitan yon gwoup etnik patikilye. Ala siyifikasyon travay Bondye a pwofon, epi ala aparisyon Bondye a enpòtan—ki jan konsepsyon ak panse lòm ta kapab rive mezire yo? E konsa mwen di, ou ta dwe kraze konsepsyon ou genyen sou nasyonalite ak etnisite yo pou chèche aparisyon Bondye a! Se sèlman konsa pwòp konsepsyon ou yo p ap mare w; se sèlman konsa w ap kalifye pou akeyi aparisyon Bondye a. Sinon, w ap toujou rete yon moun ki nan fènwa, epi w ap toujou rete yon moun ki pa kapab jwenn apwobasyon Bondye.

Bondye se Bondye tout limanite. Li pa konsidere tèt Li kòm pwopriyete prive okenn peyi oubyen okenn gwoup etnik, men Li fè travay Li te planifye a, san okenn fòm, okenn peyi oswa okenn etnisite pa mete limit sou Li. Petèt ou pa janm imajine fòm sa a, oubyen petèt ou refize aksepte fòm sa a, oubyen petèt peyi ak gwoup etnik kote Bondye parèt la se jisteman sa tout moun fè diskriminasyon kont yo a, e se jisteman yo ki pi anreta sou tè a. Men Bondye gen sajès Li. Avèk gwo pouvwa Li, epi gras a verite Li ak dispozisyon Li, Li vrèman genyen yon gwoup moun ki fè yon sèl kè ak yon sèl lespri ak Li, epi Li genyen yon gwoup moun Li konkeri ki sibi tout kalite soufrans ak eprèv, ki sibi tout kalite pèsekisyon, epi ki kapab swiv Li jiska lafen nèt, moun Li vle rann konplè yo. Objektif Bondye lè L parèt san okenn fòm oubyen okenn peyi pa mete limit sou Li, se pou L akonpli travay Li te planifye a. Sa se menm jan ak lè Bondye te enkane nan Jide a: Objektif Li se te pou L akonpli travay la lè yo te kloure L sou kwa pou rachte tout limanite. Men Jwif yo te kwè li te enposib pou Bondye travay nan fason sa a, epi li te enposib pou Bondye enkane nan imaj Seyè Jezi a. Sa yo te rele «enposib» la te vin tounen baz yo pou yo kondane Bondye epi reziste kont Bondye, e finalman sa te mennen nan destriksyon Izrayèl. Jodi a, anpil moun fè menm erè a. Yo pwoklame san okenn kontwòl Bondye pral parèt talè, epoutan anmenmtan yo kondane aparisyon Li; sa yo rele «enposib» la yon fwa ankò limite aparisyon Bondye a nan sa yo imajine. E konsa, mwen wè anpil moun ap pete ri san kontwòl, avèk ensolans, apre yo fin jwenn pawòl Bondye yo. Èske «ri» sa a se pa egzakteman menm bagay ak kondanasyon ak blasfèm Jwif yo? Nou pa gen pyete devan verite a, ale wè pou nou ta gen yon atitid moun ki swaf verite a. Sèl sa n ap fè se pèsiste nan egzamine an pwofondè epi tann avèk ensousyans. Ki sa nou ka jwenn lè nou egzamine an pwofondè epi nou tann konsa? Èske nou vrèman panse Bondye ta ka gide nou pèsonèlman? Ou pa menm kapab disène deklarasyon ak pawòl Bondye yo—ki jan ou ta ka kalifye pou w wè aparisyon Bondye a? Kote Bondye parèt, se la y ap eksprime verite a, epi se la vwa Bondye ap ye. Se sèlman moun ki ka aksepte verite a ki konnen kijan pou yo tande vwa Bondye, epi se sèlman moun konsa ki kalifye pou yo wè aparisyon Bondye a. Lage konsepsyon ou yo! Kalme tèt ou epi li pawòl sa yo avèk atansyon. Toutotan ou gen yon kè ki anvi verite a ak tout fòs, Bondye ap eklere w dekwa pou w konprann entansyon Li yo epi konprann pawòl Li yo. Abandone deklarasyon nou yo kòmkwa bagay yo «enposib»! Plis lòm kwè yon bagay «enposib», se plis bagay sa a gen chans pou l rive, paske sajès Bondye pi wo pase syèl yo, panse Bondye pi wo pase panse lòm, epi Bondye fè travay Li pi lwen pase limit panse ak konsepsyon lòm. Plis yon bagay enposib, se plis gen verite pou chèche ladan l; plis yon bagay depase sa lòm ka imajine nan konsepsyon li yo, se plis bagay sa a gen entansyon Bondye ladan l. Sa se paske, kèlkeswa kote Li parèt, Bondye toujou rete Bondye, epi esans Li p ap janm chanje ditou akoz kote oubyen fason Li parèt la. Kèlkeswa kote tras pa Bondye ye, dispozisyon Li p ap chanje; kèlkeswa kote tras pa Bondye ye, Li se Bondye tout limanite, menm jan Seyè Jezi se pa sèlman Bondye Izrayelit yo, men Li se Bondye tout moun ann Azi, ann Ewòp, ak nan Amerik yo tou, e pi plis pase sa, Li se sèl Bondye inik la ki anwo tout linivè a e ki toupatou ladan l. Kidonk annou chèche entansyon Bondye yo epi dekouvri aparisyon Li nan deklarasyon Li yo ak nan pawòl Li yo, epi annou swiv tras pa Li san nou pa rete dèyè! Bondye se verite a, chemen an, ak lavi a. Pawòl Li yo ak aparisyon Li egziste anmenmtan, epi dispozisyon Li ak tras pa Li ap parèt aklè devan limanite nan tout tan. Chè frè ak sè yo, mwen swete nou tout kapab wè aparisyon Bondye nan pawòl sa yo, kòmanse swiv tras pa Li pou nou ratrape L epi avanse ak gwo pa pou antre nan yon nouvo epòk, epi antre nan bèl nouvo syèl ak nouvo tè Bondye prepare pou moun k ap tann aparisyon Li yo!

Anvan: Dis Dekrè Administratif Moun Bondye Chwazi yo Dwe Obeyi nan Epòk Wayòm nan

Apre: Anèks 2: Bondye Gen Souverènte Sou Sò Tout Limanite

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger