Entwodiksyon
Nan dat 11 fevriye 1991, Bondye te fè premye deklarasyon Li nan legliz la, epi deklarasyon sa a te gen yon efè ekstraòdinè sou chak moun ki t ap viv nan kouran Sentespri a nan moman sa a. Deklarasyon sa a te mansyone ke «kote Bondye rete a parèt» epi «Chèf linivè a, Kris dènye jou yo—Li se Solèy k ap briye a». Avèk pawòl sa yo ki gen yon siyifikasyon pwofon, tout moun te antre nan yon nouvo mond. Tout moun ki te li deklarasyon sa a te gen yon apèsi de nouvo travay la, gwo travay ke Bondye te sou wout pou kòmanse a. Se te deklarasyon sa a ki bèl, dous epi ki kout ki te mennen tout moun nan nouvo travay Bondye a ak nan yon nouvo epòk, e ki te poze fondasyon an epi prepare teren an pou travay Bondye nan enkanasyon sa a. Nou ta kapab di deklarasyon Bondye te fè nan moman sa a se yon deklarasyon ki make yon epòk, se premye deklarasyon piblik Bondye fè bay ras imen an aprè Epòk Lagras la, se premye fwa Li pale aprè Li te rete kache pandan de mil ane, e anplis de sa, se yon entwodiksyon, yon pwen depa esansyèl pou travay Bondye pral antreprann nan Epòk Wayòm nan.
Premye fwa Bondye te fè yon deklarasyon, Li te fè l sou fòm louwanj dapre pwennvi yon twazyèm pati, nan yon langaj ki te alafwa elegan epi senp, ansanm ak yon pwovizyon lavi ki te fasil epi senp pou konprann. Avèk sa, Li te pran ti gwoup moun sa a, ki te sèlman konnen kijan pou yo jwi gras Li pandan yo t ap tann retou Seyè Jezi a ak enpasyans, epi Li te mennen yo an silans nan yon lòt etap travay ki nan plan jesyon Bondye a. Nan sikonstans sa yo, moun yo pa t konnen, e yo pa t menm oze imajine ki kalite travay Bondye te pral fè finalman, ni kisa ki te rezève pou yo sou wout ki devan yo a. Aprè sa, Bondye te kontinye fè yon seri deklarasyon youn aprè lòt san rete pou mennen moun yo etap pa etap nan nouvo epòk la. Sa ki etonan, chak deklarasyon Bondye fè gen yon sans pwofon ki diferan epi, anplis de sa, li itilize diferan fòm louwanj ak diferan mòd ekspresyon. Deklarasyon sa yo, ki gen ton ki sanble men ki varye nan kontni yo, toujou chaje ak swen ansanm ak sousi Bondye gen pou lòm, e prèske chak ladan yo genyen pwovizyon lavi ak kontni ki diferan, ansanm ak pawòl rapèl, egzòtasyon ak rekonfò Bondye bay lòm. Nan deklarasyon sa yo, gen pawòl tankou sa yo ki parèt plizyè fwa: «Sèl vrè Bondye a tounen moun, e Li se Chèf linivè a, ki kòmande tout bagay»; «Wa ki ranpòte laviktwa a chita sou twòn glwa Li»; «Li kenbe tout bagay nan men Li»; elatriye. Gen yon mesaj ki transmèt nan pawòl sa yo, oubyen yon moun ta ka di pawòl sa yo transmèt yon mesaj bay ras imen an: Bondye deja vini nan mond imen an, Bondye pral kòmanse yon travay ki pi gwo toujou, wayòm Bondye a deja desann pami yon gwoup moun byen presi, epi Bondye deja resevwa glwa e Li deja bat pakèt lènmi Li yo. Chak deklarasyon Bondye kaptive kè chak moun. Yo tout ap tann ak enpasyans pou Bondye pale plis nouvo pawòl toujou, paske chak fwa Bondye pale, Li souke kè lòm jouk nan fon li; anplis de sa, Li gouvène epi soutni chak mouvman ak chak emosyon lòm, konsa moun yo kòmanse konte sou pawòl Bondye yo epi, plis toujou, yo admire pawòl yo... Konsa, san yo pa rann yo kont, yon gwo kantite moun te prèske bliye Bib la, epi, plis toujou, yo pa t gen okenn enterè pou yo prete atansyon ak ansyen modèl prèch yo ansanm ak sa moun espirityèl yo te ekri yo. Sa te konsa paske yo pa t kapab jwenn okenn baz pou pawòl Bondye sa yo nan ekriti tan pase yo, alewè pou yo ta dekouvri okenn kote kisa ki te objektif Bondye lè Li t ap fè deklarasyon sa yo—san nou pa bliye, yo te oblije rekonèt deklarasyon sa yo se vwa Bondye ke yo pa t janm wè ni tande depi nan kòmansman tan an, ke yo depase kapasite nenpòt moun ki kwè nan Bondye, e ke yo depase tout sa nenpòt moun espirityèl te janm di nan epòk pase yo oswa deklarasyon Bondye te fè nan tan pase yo. Avèk ankourajman yo te jwenn nan chak deklarasyon sa yo, moun yo te antre san yo pa rann yo kont nan atmosfè travay Sentespri a, pou yo viv nan premye ran nouvo epòk la. Anba ankourajman pawòl Bondye yo, yo te ranpli ak atant epi yo te goute dousè ki genyen lè se pawòl Bondye yo menm k ap gide yo. Pou chak nan moun sa yo, peryòd tou kout sa a ap sètènman rete inoubliyab epi l ap kite yon gou dous nan bouch yo, alòske an reyalite sa moun yo te jwi pandan peryòd sa a se te senpleman yon atmosfè travay Sentespri a, oswa yon moun ta kapab rele li gou dous sik ki kouvri grenn medikaman an. Se paske, apati moman sa a, pandan yo te toujou anba gidans pawòl Bondye yo, e pandan yo te toujou nan atmosfè travay Sentespri a, yo te mennen moun yo san yo pa rann yo kont nan yon lòt faz pawòl Bondye yo, ki se te premye etap travay ansanm ak deklarasyon Bondye nan Epòk Wayòm nan—eprèv moun k ap fè sèvis yo.
Pawòl ki te pwononse anvan eprèv moun k ap fè sèvis yo te fèt sitou sou fòm enstriksyon, egzòtasyon, repwòch, ak disiplin, epi nan kèk kote yo te itilize ansyen fason yo te konn itilize pou adrese moun nan Epòk Lagras la—lè yo itilize «pitit gason Mwen yo» pou moun ki t ap swiv Bondye yo pou l te ka pi fasil pou moun yo pwoche pi pre Bondye, oswa pou moun yo te kapab konsidere relasyon yo ak Bondye kòm yon relasyon ki sere. Konsa, kèlkeswa jijman Bondye te pwononse sou jan moun yo panse yo jis, sou awogans yo ansanm ak lòt dispozisyon kowonpi yo, lòm t ap kapab fè fas ak li epi aksepte li nan idantite «pitit gason» li, san li pa gen okenn ostilite anvè deklarasyon «Bondye Papa a», e anplis de sa, pèsonn pa t janm gen dout sou pwomès «Bondye Papa a» te fè «pitit gason» Li yo. Pandan peryòd sa a, tout moun te jwi yon lavi ki te san pwoblèm menm jan ak lavi yon tibebe, epi sa te reyalize objektif Bondye, ki se, lè yo antre nan laj «granmoun», Li t ap kòmanse jije yo. Sa te poze fondasyon tou pou travay jijman ras imen an Bondye kòmanse ofisyèlman nan Epòk Wayòm nan. Paske travay Bondye nan enkanasyon sa a se sitou pou jije epi konkeri tout ras imen an, kou lòm te fin poze pye l fèm sou tè a, Bondye te antre imedyatman nan mòd travay Li a—travay kote Li jije lòm epi Li chatye l la. Sa klè, tout deklarasyon ki te fèt anvan eprèv moun k ap fè sèvis yo te fèt nan objektif pou asire tranzisyon an, vrè objektif la te diferan de sa l te sanble a. Entansyon Bondye te genyen ak anpil enpasyans lan se te pou L te kapab kòmanse travay Li fòmèlman nan Epòk Wayòm nan pi vit posib. Li pa t vle ditou kontinye ankouraje moun yo avanse lè Li ba yo grenn medikaman ki kouvri ak sik; okontrè, Li te enpasyan pou L wè vrè vizaj chak èt imen devan twòn jijman Li a, e Li te menm plis anvi wè vrè atitid tout moun t ap genyen anvè L aprè yo fin pèdi gras Li a. Li te vle wè rezilta sèlman, se pa t pwosesis la. Men, nan epòk sa a pa t gen pèsonn ki te konprann entansyon Bondye te genyen ak enpasyans lan, paske kè moun te konsantre sèlman sou destinasyon l ansanm ak pèspektiv li gen pou lavni. Se pa etonan si jijman Bondye a vize, anpil fwa, tout ras imen an nèt. Se sèlman lè limanite, anba direksyon Bondye, kòmanse ap viv lavi nòmal èt imen yo, atitid Bondye chanje anvè limanite.
Ane 1991 lan se te yon ane ki pa t parèy ak lòt yo; nou rele ane sa a yon «ane annò». Bondye te kòmanse nouvo travay Epòk Wayòm nan epi Li te dirije deklarasyon Li a bay tout ras imen an nèt. An menm tan tou, moun yo te jwi yon chalè ki pa t janm gen anvan epi, plis toujou, yo te fè eksperyans doulè ki vini aprè jijman Bondye sou lòm nan, yon jijman ki pa t janm fèt anvan. Ras imen an te goute yon dousè li pa t janm konnen anvan epi li te santi, yon bagay li pa t janm konnen anvan tou, jijman ansanm ak «abandon», kòmsi li te genyen Bondye, men an menm tan kòmsi li te pèdi Bondye. Se sèlman moun ki te viv li pèsonèlman ki konnen santiman sa a kote moun nan santi l chire ant sa li genyen ak sa li pèdi, poutan se yon bagay lòm pa gen ni kapasite ni mwayen pou l dekri. Kalite blesi sa yo se sa Bondye te bay chak èt imen kòm yon kalite eksperyans ak byen ki pa materyèl. Anfèt, kontni deklarasyon Bondye te fè nan ane sa a divize an de gwo pati: Premye a se lè Bondye te desann nan mond lòm nan pou L envite moun vin devan twòn Li a kòm envite; dezyèm nan se lè moun yo, aprè yo fin manje epi bwè vant plen, Bondye te anplwaye yo kòm moun k ap fè sèvis. Natirèlman, sa klè premye pati a se pi gwo dezi tout moun genyen e se sa yo vle ak tout kè yo, sitou paske depi lontan yo abitye konsidere jwisans tout sa Bondye genyen an kòm objektif kwayans yo nan Li. Se poutèt sa, kou Bondye te kòmanse pwononse deklarasyon Li yo, tout moun te tou pare pou yo antre nan wayòm nan epi ret tann Bondye ba yo divès kalite rekonpans. Nan sikonstans sa yo, moun yo tou senpleman pa t peye pri ki kòrèk la pou yo transfòme dispozisyon yo, pou yo chèche satisfè Bondye, pou yo montre konsiderasyon pou entansyon Bondye yo, elatriye. Sou deyò, moun yo te sanble toujou ap kouri adwat agoch pandan yo t ap bay tout yo menm epi travay pou Bondye, alòske nan epòk sa a, an reyalite, yo t ap kalkile nan fon kè yo an kachèt, ki pwochen etap yo ta dwe franchi pou yo jwenn benediksyon oswa pou yo rive gen pouvwa kòm wa. Nou ta kapab di, pandan kè moun lan t ap jwi Bondye, an menm tan li t ap fè kalkil sou Bondye. Se egzakteman kalite eta imen sa a Bondye rayi epi Li gen pi gwo degoutans pou li; dispozisyon Bondye pa tolere pou okenn èt imen twonpe L oswa itilize L. Men, okenn èt imen pa kapab rive nan nivo sajès Bondye a. Se pandan Li t ap andire tout soufrans sa yo Li te pwononse premye pòsyon deklarasyon Li yo. Okenn èt imen pa gen kapasite imajine valè soufrans Bondye te andire, ak valè swen ansanm ak refleksyon Li te konsakre nan moman sa a. Objektif premye pòsyon deklarasyon sa yo se pou revele tout kalite fòm lèdte lòm montre lè li fè fas ak pozisyon ansanm ak pwofi, epi pou revele avaris ansanm ak karaktè meprizab lòm. Menm lè, nan fason Li pale, Bondye montre yon ton ki sensè epi ki serye tankou yon manman ki gen lanmou, kòlè ki nan fon kè Li boule tankou solèy midi, kòmsi li te dirije kont ènmi Li yo. Bondye pa vle pale, nan okenn sikonstans, ak yon gwoup moun ki pa gen resanblans nòmal ras imen an, se poutèt sa, chak fwa Li pale, Li oblije kenbe kòlè ki nan kè Li pandan L ap fòse tèt Li an menm tan pou L ka pwononse deklarasyon Li yo. Anplis de sa, L ap pale ak yon ras imen ki pa gen imanite nòmal ditou, ki pa gen kapasite pou rezone, ki kowonpi nèt, kote avaris tounen yon dezyèm nati pou li, epi ki reziste e ki rebèl kont Bondye nan yon fason ki ekstrèm. Nou kapab imajine fasilman nan ki nivo limanite tonbe byen ba, ansanm ak nivo rayisman ak degoutans Bondye gen pou limanite; sa ki difisil pou ras imen an imajine se doulè yo lakòz Bondye a—sa ki enposib pou dekri ak mo. Men nan kontèks sa a menm, pèsonn pa t remake kè Bondye t ap soufri, epi pi rèd toujou pèsonn pa t wè limanite pa t rezonab e yo pa t ka korije l, epi chak grenn moun, san yon ti gout wont ni okenn eskripil, te konsidere l kòm yon bagay nòmal dèske yo te gen dwa kòm pitit gason Bondye pou yo resevwa tout rekonpans Li te prepare pou lòm, yo te menm rive nan yon pwen kote youn t ap fè konpetisyon ak lòt, pèsonn pa t vle rete dèyè e yo tout te pè anpil pou yo pa pèdi. Ou ta dwe konnen kounye a ki kalite pozisyon moun nan epòk sa a te okipe nan je Bondye. Kijan yon limanite konsa ta kapab jwenn rekonpans Bondye yo? Men, sa lòm resevwa nan men Bondye a se toujou trezò ki pi presye a nan tout moman; okontrè, sa Bondye resevwa nan men lòm se doulè ki pi rèd la. Depi nan kòmansman entèraksyon ant Bondye ak lòm, se sa lòm toujou resevwa nan men Bondye, epi se sa l te toujou bay Bondye anretou.
Malgre Bondye te santi yon gwo enkyetid, lè L te wè limanite kowonpi jouk nan zo, Li pa t gen lòt chwa ke jete l nan letan dife a pou li te kapab rafine. Sa a se dezyèm pòsyon nan deklarasyon Bondye yo, kote Bondye te anplwaye ras imen an kòm moun k ap fè sèvis pou Li. Nan pòsyon sa a, Bondye te soti nan sa ki dou pou rive nan sa ki sevè, e soti nan ti kras pou rive nan anpil, ni nan metòd ni nan longè, kote Li te sèvi ak pozisyon «moun Bondye ye a» kòm zapa pou revele nati kowonpi lòm nan pandan Li te prezante an menm tan diferan kategori[a] moun k ap fè sèvis, pèp Bondye a, ak pitit gason Bondye yo pou moun yo te chwazi. Kòm nou te kapab atann, egzakteman jan Bondye te prevwa l la, pa t gen yon grenn moun ki te chwazi vin yon moun k ap fè sèvis pou Bondye, okontrè yo t ap pouse youn lòt pou yo vin moun Bondye ye a. Menmsi, pandan peryòd sa a, severite nan fason Bondye te pale a se te yon bagay èt imen yo pa t janm atann, alewè pou yo ta janm tande l anvan, sepandan, kòm yo te bay estati yo twòp enpòtans, e anplis de sa, yo te anvi jwenn benediksyon ak tout fòs yo, yo pa t gen tan pou yo fòme okenn konsepsyon sou ton Bondye te itilize pou L pale a ak fason L te itilize pou L pale a, men okontrè, se estati pa yo ak avni pa yo ki te toujou okipe lespri yo. Konsa, deklarasyon Bondye yo te mennen moun yo, san yo pa rann yo kont, antre nan yon «labirent» Li te prepare pou yo a. Pandan yo te kite lavni yo ak desten yo sedui yo malgre yo, moun yo te konnen yo pa t kalifye pou yo vin moun Bondye ye a, epoutan yo pa t dispoze pou yo aji kòm moun k ap fè sèvis Li yo. Pandan yo te pran nan mitan mantalite kontradiktwa sa yo, yo te aksepte san yo pa rann yo kont, yon jijman ak chatiman san presedan Bondye te pwononse sou limanite. Natirèlman, kalite jijman ak rafinman sa a se te yon bagay tout limanite pa t vle aksepte. Sepandan, se sèl Bondye ki gen sajès la, e se Li menm sèl ki gen pouvwa a, pou L fè limanite kowonpi sa a soumèt avèk imilite, konsa, kit yo te vle kit yo pa t vle, yo tout te finalman bay legen. Limanite pa t gen okenn lòt chwa. Se sèl Bondye ki gen dènye mo a, e se sèl Bondye ki kapab itilize yon metòd konsa pou L bay lòm verite a ak lavi a epi pou L montre li direksyon an. Metòd sa a se yon bagay inevitab nan travay Bondye ap fè sou lòm nan, epi natirèlman, san okenn dout, li se yon nesesite endispansab pou limanite. Bondye pale epi Li travay nan metòd sa a pou L transmèt reyalite sa a bay limanite: Lè Bondye ap sove limanite, Li fè sa akoz lanmou Li ak mizèrikòd Li epi poutèt jesyon Li a. Lè ras imen an ap resevwa sali Bondye a, li fè sa paske li tèlman tonbe ba rive nan yon pwen kote Bondye pa gen lòt chwa pase pale pèsonèlman, epi lè lòm resevwa sali Bondye a, sa se pi gwo gras la, e se yon favè espesyal tou; sa vle di, si se pa t Bondye ki t ap pwononse deklarasyon Li yo pèsonèlman, desten ras imen an t ap pou l peri. An menm tan Li gen gwo degoutans pou ras imen an, Bondye toujou pare epi Li dispoze peye kèlkeswa pri a pou sali lòm. Pandan tan sa a, alòske lòm ap plede pale san rete sou lanmou l gen pou Bondye epi sou jan li konsakre tout bagay bay Bondye, l ap rebele kont Bondye epi l ap fòse Bondye ba li tout kalite gras, pandan l ap menm blese Bondye epi fè kè Li soufri yon doulè yo pa ka dekri ak pawòl. Sa a se gwo kontras byen klè ki genyen ant Bondye ki pa egoyis ak lòm ki egoyis!
Nan fason L ap travay epi pale, Bondye pa oblije suiv okenn fòm an patikilye, men objektif Li se jwenn rezilta. Se pou rezon sa a, nan pati sa a nan deklarasyon Li yo, Bondye pa t revele idantite pa Li aklè, men Li te sèlman devwale kèk tèm tankou «Kris dènye jou yo», «Chèf linivè a», elatriye. Sa pa afekte ni ministè Kris la ni konesans limanite genyen sou Bondye ditou, sitou lefètke moun nan premye epòk sa yo pa t konnen anyen sou konsèp «Kris» ansanm ak «enkanasyon an», konsa Bondye te oblije imilye Tèt Li pou L te tounen yon moun ki gen yon «fonksyon espesyal» pou L te kapab eksprime deklarasyon Li yo—e sa tou reflete entansyon ki mande anpil efò Bondye te genyen an, paske nan epòk sa a, se sèlman non sa a moun yo te kapab aksepte. Kèlkeswa non Bondye itilize pou Tèt Li, sa pa chanje rezilta travay Li a, paske objektif tout sa L ap fè se pèmèt lòm chanje, pou pèmèt lòm resevwa gras sali Bondye a. Kèlkeswa sa Bondye fè, se toujou pou reponn ak bezwen lòm. Se entansyon sa a ki dèyè fason Bondye ap travay ak fason L ap pale. Malgre Bondye toujou tèlman atantif pou L konsidere tout sa ki konsène limanite, epi Li gen anpil anpil sajès nan tout sa L ap fè, mwen ta kapab di sa: Si Bondye pa t rann temwayaj pou pwòp Tèt Li, pa t ap gen yon grenn moun pami èt imen ki kreye yo ki t ap kapab rekonèt Bondye Li menm oswa ki t ap kapab leve kanpe pou rann temwayaj pou Bondye Li menm. Si Bondye te kontinye itilize «yon moun ki gen yon fonksyon espesyal» kòm non pou Tèt Li nan travay Li a, pa t ap gen yon sèl grenn èt imen ki t ap kapab konsidere Bondye kòm Bondye—sa se trajedi limanite. Sa vle di, pami èt imen ki kreye yo, pa gen pèsonn ki kapab konnen Bondye, alewè pou ta gen yon moun ki renmen Bondye, ki sousye de Bondye epi ki pwoche pi pre Bondye. Lòm gen lafwa sèlman pou l jwenn benediksyon. Idantite Bondye kòm yon moun ki gen yon fonksyon espesyal bay chak grenn moun yon siy: Li fasil pou limanite pran Bondye pou youn pami èt imen ki kreye yo; pi gwo soufrans ak imilyasyon limanite fè Bondye sibi, se lefètke, menm lè Li parèt aklè oswa L ap travay, lòm toujou rejte Li epi li menm bliye L. Bondye sibi yon gwo imilyasyon pou L kapab sove ras imen an; lè Li bay tout sa, objektif Li se pou sove limanite, epi jwenn rekonesans limanite. Pri sa a Bondye peye a se yon bagay nenpòt moun ki gen yon konsyans ta dwe kapab apresye. Ras imen an resevwa deklarasyon ansanm ak travay Bondye, epi li resevwa gras sali Bondye a. An menm tan tou, èske yon moun te janm panse ak yon kesyon konsa: Kisa Bondye jwenn nan men limanite? Nan chak grenn deklarasyon Bondye fè, limanite jwenn verite a, li rive chanje, li jwenn direksyon nan lavi a; men sa Bondye jwenn se sèlman pawòl limanite itilize pou rekonèt sa li dwe Bondye ansanm ak kèk ti mo louwanj li pwononse tou ba. Sètènman, sa a se pa rekonpans Bondye mande nan men lòm, pa vre?
Malgre kounye a Bondye deja eksprime anpil nan deklarasyon Li yo, anrapò ak konesans ansanm ak konpreyansyon yo genyen sou Bondye, gwo majorite moun yo jis rete bloke nan etap pawòl Bondye te pwononse nan kòmansman an reprezante a; yo pa avanse pi lwen pase etap sa a—sa a se yon sijè ki vrèman fè mal. «Deklarasyon Kris la nan Kòmansman» se senpleman yon kle pou louvri kè imen an; rete kanpe la pa sifi ditou pou satisfè entansyon Bondye yo. Objektif Bondye lè L t ap pwononse pòsyon sa a nan deklarasyon Li yo se sèlman pou mennen limanite soti nan Epòk Lagras la pou antre nan Epòk Wayòm nan; Li pa swete ditou pou limanite rete kanpe nan pòsyon deklarasyon sa yo, ni menm pou l konsidere sèlman pòsyon deklarasyon sa a kòm yon gid, sinon deklarasyon Bondye t ap fè alavni yo pa t ap ni nesesè ni yo pa t ap gen okenn sans. Si gen yon moun ki toujou pa kapab antre nan sa Bondye mande pou lòm reyalize nan pòsyon sa a nan deklarasyon Li yo, alò nou toujou pa konnen si moun sa a antre. Pòsyon sa a nan deklarasyon Bondye yo reprezante egzijans ki pi fondamantal Bondye genyen pou lòm nan Epòk Wayòm nan, epi se chemen limanite dwe suiv pou l antre sou bon wout la. Si ou se yon moun ki pa konprann anyen, alò li t ap pi bon pou ou kòmanse pa li pawòl ki nan pati sa a!
Nòt anba paj:
a. Tèks orijinal la pa genyen fraz «diferan kategori» yo.