Pawòl nan fen an

Malgre pawòl sa yo pa reprezante tout ekspresyon Bondye yo nèt, yo sifi pou moun yo reyalize objektif pou konnen Bondye epi pou yo kabap wè yon chanjman nan dispozisyon yo. Petèt gen moun ki panse, paske travay Bondye sou tè Lachin kontinantal la fini, sa pwouve Li fin pwononse tout pawòl Li te dwe pwononse yo, epi Li pa kapab gen anyen nouvo pou L di, paskese sèlman pawòl sa yo Bondye kapab pale. Anplis de sa, gen moun ki kwè kePawòl la Parèt nan Lachè genyen tout ekspresyon Bondye yo nan Epòk Wayòm nan, epi genyen liv sa a se menm bagay ak genyen tout sa Bondye ye, oswa liv sa a pral gide limanite alavni menm jan Bib la te fè sa. Mwen kwè moun ki gen kalite opinyon sa yo se pa yon ti ponyen moun yo ye, paske moun yo toujou renmen mete limit sou Bondye. Malgre yo tout ap pwoklame Bondye toupisan epi Li anglobe tout bagay, nati yo toujou fè li fasil pou yo limite Bondye nan yon sèten kad. Tout moun reziste epi dlimite Bondye pandan y ap rive konnen Li.

Travay Bondye nan Epòk Wayòm nan fèk kòmanse. Tout pawòl Bondye yo ki nan liv sa a vize sèlman moun ki t ap suiv Li nan moman sa a, epi yo se senpleman yon pòsyon nan ekspresyon Li yo Li bay nan enkanasyon aktyèl Li a. Yo pa reprezante tout sa Bondye ye a, e alewè pou yo ta di yo anglobe tout travay Bondye gen entansyon fè pandan Li nan enkanasyon sa a. Bondye pral adrese pawòl Li yo ak moun ki soti nan diferan etni ak diferan orijin, epi Li pral konkeri tout limanite epi mete fen nan ansyen epòk la. Nan ka sa, kijan Li ta kapab fini ak tout bagay sa yo aprè Li fin eksprime sèlman ti pòsyon nan pawòl Li yo? Se senpleman paske travay Li a divize an diferan peryòd tan ak diferan etap; L ap travay draprè plan Li epi L ap eksprime pawòl Li yo draprè etap Li yo. Kijan li ta posib pou lòm konprann tout pouvwa ak sajès Bondye? Reyalite Mwen vle eksplike la a se sa: sa Bondye ye ak sa Li genyen pa kapab janm fini epi li enfini pou letènite. Bondye se sous lavi a ak sous tout bagay; okenn kreyati pa kapab konprann Li. Finalman, Mwen dwe toujou raple tout moun: Pa limite Bondye nan liv, nan mo, oswa nan deklarasyon Li te fè nan tan pase yo ankò. Gen yon sèl mo pou dekri sèl karakteristik travay Bondye a: nouvo. Li pa renmen pran ansyen chemen oswa repete travay Li; anplis de sa, Li pa vle lòm limite Li nan yon sèten kad lè y ap adore Li. Se sa ki dispozisyon Bondye a.

Apre: Entwodiksyon

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger