Chapit 9
Piske ou pami moun ki nan kay Mwen yo, e piske ou montre devouman nan wayòm Mwen an, ou dwe atenn nivo Mwen mande nan tout sa w ap fè. Mwen pa mande pou ou jis yon nyaj k ap flote, men pou ou tounen nèj k ap briye, epi pou ou posede esans li, e sa ki pi enpòtan toujou, valè li. Se paske Mwen soti nan tè sen an epi Mwen pa tankou lotis la, ki gen yon non sèlman men ki pa gen okenn esans, paske li soti nan labou epi li pa soti nan tè sen an. Moman kote yon nouvo syèl desann sou tè a epi yon nouvo tè gaye sou vout syèl la, se egzakteman moman Mwen ap travay ofisyèlman nan mitan lèzòm. Kiyès nan limanite ki konnen Mwen? Kiyès ki te wè moman Mwen te rive a? Kiyès ki wè se pa sèlman yon non Mwen genyen, men plis toujou, Mwen posede esans tou? Mwen wete nyaj blan yo ak men Mwen epi Mwen obsève fimaman an ak anpil atansyon; pa gen anyen nan lespas ki pa ranje ak men Mwen, epi anba li, pa gen pèsonn ki pa kontribye pwòp ti efò pa yo pou akonplisman gwo travay Mwen an. Mwen pa fè egzijans ki twò lou pou moun ki sou tè a, paske pa nati Mwen, Mwen se Bondye pratik la epi paske Mwen se Toupisan an ki te kreye lèzòm e ki konnen yo byen. Kiyès nan limanite ki pa anba je Toupisan an, e menm si yo nan pwent tè a oswa nan kwen lanmè a, kijan yo ta kapab evite egzamen apwofondi Lespri Mwen an? Malgre moun yo “konnen” Lespri Mwen, yo toujou komèt yon ofans kont Lespri Mwen. Pawòl Mwen yo devwale figi lèd tout moun yo, ansanm ak panse yo ak lide yo, epi yo fè tout moun sa ki sou tè a devwale anba limyè Mwen epi tonbe nan mitan egzamen apwofondi Mwen an. Malgre yo tonbe, kè yo pa oze ale lwen Mwen. Pami kreyati yo, kiyès ki pa devlope “lanmou” pou Mwen poutèt zèv Mwen yo? Kiyès ki pa devlope yon kè ki gen “dezi” poutèt pawòl Mwen yo? Nan kiyès santiman atachman pa pran nesans poutèt lanmou Mwen? Se sèlman akòz koripsyon Satan an ki fè lèzòm pa kapab rive nan eta Mwen mande a. Yo menm devlope “dout” sou kritè ki pi ba Mwen mande yo, alewè pou jodi a—epòk sa a kote Satan ap fè ravaj epi l ap dirije tankou yon diktatè anraje a—oswa moman kote Satan tèlman pilonnen lèzòm opwen kò yo konplètman kouvri anba salte. Kijan pou Mwen pa ta nan lapenn poutèt lèzòm tonbe epi yo pa montre konsiderasyon pou kè Mwen? Èske se pitye Mwen ta gen pou Satan? Èske sa ta vle di Mwen fè erè nan lanmou Mwen? Lè moun rebele kont Mwen, kè Mwen kriye an kachèt; lè yo reziste Mwen, Mwen chatye yo; lè Mwen sove yo epi yo leve soti vivan pami mò yo, Mwen nouri yo avèk pi gwo swen ki te ka genyen; lè yo soumèt devan Mwen, kè Mwen santi l vrèman anpè epi Mwen imedyatman santi gwo chanjman nan Syèl yo, tè a ak tout sa ki ladan li. Lè lèzòm louwe Mwen, kijan pou Mwen pa ta jwi sa? Lè yo rann temwayaj pou Mwen epi Mwen genyen yo, kijan pou Mwen pa ta jwenn glwa? Èske sa ta vle di tout sa lèzòm fè pa dirije pa Mwen epi sa pa soti nan sa Mwen bay la? Si Mwen pa bay enstriksyon, moun yo chita bra kwaze san yo pa gen anyen pou yo fè; anplis de sa, “dèyè do Mwen”, yo chak ap lage kò yo nan move zafè sal sa yo ki “merite lwanj”. Èske ou panse lachè Mwen abiye Mwen avè l la, pa konn anyen sou aksyon ou, konpòtman ou, ak pawòl ou? Pandan plizyè ane Mwen te andire van ak lapli, epi konsa tou Mwen te fè eksperyans bagay anmè nan monn lèzòm nan; sepandan, lè Mwen byen reflechi, kèlkeswa kantite soufrans lan sa pa ka fè moun ki nan lachè yo pèdi espwa nan Mwen, alewè pou okenn dousè ta fè yo vin frèt, pèdi kouraj, oswa abandone Mwen. Èske lanmou yo pou Mwen vrèman limite nan jis yon absans bagay anmè ak dousè?
Jodi a, Mwen abite nan lachè, epi Mwen kòmanse ofisyèlman reyalize travay Mwen dwe fè a. Malgre lèzòm gen lakrentif pou deklarasyon Lespri Mwen, yo rebele kont esans Lespri Mwen. Pa gen okenn nesesite pou Mwen di aklè li trè difisil pou moun konnen “Mwen menm” ki nan lachè a apati pawòl Mwen yo. Jan Mwen te di anvan an, Mwen pa twò egzijan nan sa Mwen mande yo, epi Mwen pa mande nou pou nou rive genyen yon konesans konplè sou Mwen (paske lèzòm gen mank; sa se yon kondisyon natirèl, epi pa gen okenn chans pou okenn kondisyon yo akeri konpanse sa). Nou sèlman bezwen konnen tout sa Mwen menm ki nan lachè a fè ak sa Mwen di. Piske egzijans Mwen yo pa twò di, espwa Mwen se pou nou tout kapab rive konnen zèv ak pawòl sa yo, epi atenn sa. Nou dwe debarase tèt nou de enpite nou nan mond sal sa a, nou dwe fè efò pou nou pwogrese nan “fanmi anperè” ki anreta sa a, epi nou pa dwe janm lache kò nou. Nou pa dwe montre okenn tolerans pou pwòp tèt nou. Ou t ap bezwen konsakre anpil tan ak efò pou ou konnen sa Mwen deklare nan yon sèl jou, epi sa t ap pran yon lavi antye pou ou fè eksperyans epi jwenn konesans menm sou yon sèl fraz Mwen pwononse. Pawòl Mwen di yo pa vag; yo pa pawòl vid. Gen anpil moun ki espere jwenn pawòl Mwen yo, men Mwen pa okipe yo ditou; gen anpil moun ki swaf abondans Mwen, men Mwen pa ba yo menm yon ti kal; gen anpil moun ki swete wè fas Mwen, poutan Mwen toujou kache l pou yo; gen anpil moun ki koute vwa Mwen avèk anpil atansyon, men Mwen fèmen je Mwen epi Mwen panche tèt Mwen pa dèyè, san “dezi” yo a pa fè Mwen anyen; gen anpil moun ki pè son vwa Mwen, men pawòl Mwen yo toujou “ap atake”; gen anpil moun ki panike lè y ap wè figi Mwen, men Mwen parèt espre pou Mwen ka frape yo pou fè yo tonbe. Lèzòm pa janm vrèman wè fas Mwen, ni yo pa janm vrèman tande vwa Mwen; se paske yo pa vrèman konnen Mwen. Menmsi Mwen ta frape yo pou fè yo tonbe, menmsi yo ta kite Mwen, epi menmsi men Mwen ta chatye yo, yo toujou pa konnen si aksyon yo ak konpòtman yo vrèman ann akò ak kè Mwen, epi yo toujou inyore pou kiyès egzakteman Mwen fè kè Mwen parèt aklè. Depi kreyasyon monn nan, pa gen pèsonn ki te vrèman konnen Mwen oswa ki te vrèman wè Mwen, epi malgre Mwen enkane jodi a, nou toujou pa konnen Mwen. Èske sa se pa yon reyalite? Èske ou te janm wè menm yon ti kras nan aksyon Mwen ak dispozisyon Mwen nan lachè?
Nan syèl la, gen yon kote kote Mwen poze tèt Mwen; anba syèl la, gen yon kote kote Mwen jwenn repo. Mwen gen yon kote pou Mwen rete, epi Mwen gen yon moman kote Mwen montre pouvwa Mwen. Si Mwen pa t sou tè a, si Mwen pa t kache tèt Mwen anndan lachè a, epi si Mwen pa t enb epi kache, èske syèl la ak tè a pa t ap gentan chanje depi lontan? Èske nou menm, pèp Mwen an, Mwen pa t ap gentan “pran epi itilize” nou deja? Sepandan, gen sajès nan aksyon Mwen, epi malgre Mwen konnen twonpri lèzòm parfe, Mwen pa pran egzanp sou yo, men okontrè Mwen ba yo yon bagay an retou. Sajès Mwen nan mond espirityèl la pa gen limit, men sajès Mwen nan lachè a etènèl. Èske se pa egzakteman nan moman sa a zèv Mwen yo parèt aklè? Mwen te padone lèzòm epi Mwen te fè yo gras plizyè fwa, jouk jounen jodi a, nan Epòk Wayòm nan. Èske Mwen ta kapab reyèlman retade moman Mwen an ankò? Malgre Mwen te montre yon ti kras plis pitye anvè lèzòm ki “frajil”, yon fwa travay Mwen an fini, èske Mwen ta kapab toujou deranje pwòp travay Mwen nan fè ansyen travay la? Èske Mwen t ap kite Satan akize Mwen espre? Mwen pa bezwen pou lèzòm fè anyen lòt pase aksepte vrè reyalite pawòl Mwen yo ansanm ak sans orijinal yo. Malgre pawòl Mwen yo senp, nan esans yo, yo konplèks, paske nou twò piti epi nou twò angoudi. Lè Mwen menm, nan lachè a, devwale mistè Mwen yo dirèkteman epi fè entansyon Mwen yo parèt aklè, nou pa konprann; nou sèlman tande son pawòl Mwen yo, men nou pa byen konprann sans yo. Kè Mwen ranpli ak gwo lapenn. Malgre Mwen nan lachè, Mwen pa kapab reyalize travay ministè lachè a.
Kiyès ki rive konnen zèv Mwen nan lachè apati pawòl ak aksyon Mwen yo? Si Mwen devwale mistè Mwen yo nan sa Mwen ekri, oswa fè yo parèt aklè nan sa Mwen di ak bouch Mwen, moun yo tout rete bèbè; yo fèmen je yo an silans. Poukisa sa Mwen di a enkonpreyansib pou lèzòm konsa? Poukisa pawòl Mwen yo sitèlman ensondab pou yo? Poukisa yo tèlman avèg fas ak zèv Mwen yo? Kiyès ki kapab wè Mwen epi ki pa janm bliye? Kiyès pami yo ki kapab tande vwa Mwen epi ki pa kite l pase inapèsi? Kiyès ki kapab santi entansyon Mwen yo epi fè kè Mwen kontan? Mwen viv epi Mwen deplase nan mitan moun yo pou fè eksperyans lavi moun; malgre Mwen te santi tout bagay te bon aprè Mwen te fin kreye yo pou limanite, Mwen pa pran lavi nan mitan lèzòm kòm yon jwisans, ni Mwen pa pran plezi nan benediksyon ki nan monn lèzòm nan. Mwen pa rejte lèzòm ak mepri, men tou Mwen pa atache ak yo—paske lèzòm pa konnen Mwen. Yo twouve li difisil pou yo wè fas Mwen nan fènwa a; nan mitan tout gwo bri yo, yo pase anpil mizè pou yo tande vwa Mwen epi yo pa kapab disène sa Mwen di. Konsa, nan tout sa nou fè, nan laparans nou soumèt devan Mwen, men nan kè nou, nou rebele kont Mwen. Nou ka di se konsa ansyen nati tout limanite a ye. Kiyès ki yon eksepsyon? Kiyès ki pa pami moun k ap resevwa chatiman Mwen yo? Sepandan, kiyès ki pa viv anba tolerans Mwen? Si tout moun te aneyanti anba kòlè Mwen, ki siyifikasyon sa t ap genyen lefètke Mwen te kreye syèl la ak tè a? Mwen te gentan avèti anpil moun, Mwen te egzòte anpil moun, epi Mwen te jije anpil moun aklè—èske sa pa pi bon lontan pase pou Mwen ta aneyanti moun dirèkteman? Objektif Mwen se pa touye moun, men pito pou fè yo konnen tout zèv Mwen yo nan mitan jijman Mwen an. Lè nou soti nan gwo twou san fon an—sa vle di, lè nou “chape” anba jijman Mwen an—tout kalkil ak plan pèsonèl nou yo ap disparèt, epi tout moun ap pran rezolisyon pou yo satisfè Mwen. Nan fason sa a, èske Mwen p ap atenn objektif Mwen?
1 Mas 1992