Chapit 11

Chak moun nan limanite ta dwe aksepte pou Lespri Mwen egzamine l ak anpil atansyon, li ta dwe byen analize chak pawòl li ak chak aksyon li, epi, pi plis toujou, li ta dwe kontanple zèv mèveye Mwen yo. Ki jan nou santi nou lè wayòm nan rive sou tè a? Lè pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an vin an foul bò twòn Mwen an, Mwen kòmanse jijman an ofisyèlman devan gran twòn blan an. Sa vle di, lè Mwen kòmanse travay Mwen sou tè a an pèsòn, epi lè tan jijman an prèske rive nan bout li, Mwen kòmanse adrese pawòl Mwen yo bay tout linivè a epi fè tout linivè a tande vwa Lespri Mwen. Atravè pawòl Mwen yo, Mwen pral lave chak moun ak chak bagay ki nan syèl la ak sou tè a, ak tout sa ki egziste, pou yo vin pwòp, yon fason pou tè a pa yon kote ki sal ankò e ki chaje ak debòch, epi pou li vin yon wayòm ki sen. Mwen pral renouvle tout bagay pou yo ka disponib pou sèvis Mwen, pou yo pa pote souf tè a ankò, ni pou gou tè a pa tache yo ankò. Sou tè a, lòm t ap tatonnen pou chèche objektif ak orijin pawòl Mwen yo, epi li te obsève zèv Mwen yo; poutan, pèsonn pa janm konnen toutbon ki orijin pawòl Mwen yo, epi pèsonn pa janm vrèman kontanple mèvey ki nan zèv Mwen yo. Se sèlman jodi a, lè Mwen vini an pèsòn nan mitan lèzòm epi Mwen pwononse pawòl Mwen yo, lòm vin konnen Mwen yon ti kras, li retire plas “Mwen” te okipe nan panse li, epi li kreye yon plas pito pou Bondye pratik la rete prezan nan lespri li. Lòm gen nosyon epi li chaje ak kiryozite; kiyès ki pa ta vle wè Bondye? Kiyès ki pa ta swete antre an kontak ak Bondye? Poutan, se sèlman bondye lòm santi ki imajinè e ki abstrè a ki okipe yon plas byen defini nan kè lòm. Kiyès ki ta rann li kont sa si Mwen pa t di l sa aklè? Kiyès ki ta kwè toutbon Mwen egziste vre? Èske yo pa t ap vrèman gen yon ti dout sou sa menm? Gen yon gwo diferans ant “Mwen” ki nan kè lòm nan ak “Mwen” ki nan reyalite a, epi pèsonn pa kapab fè konparezon ant yo. Si Mwen pa t vin lachè, lòm pa t ap janm konnen Mwen, e menm si li ta vin konnen Mwen, èske konesans sa a pa ta toujou yon nosyon? Chak jou, Mwen mache nan mitan moun k ap pase san rete yo, epi chak jou, Mwen aji anndan chak moun. Lè lòm wè Mwen toutbon, li ap kapab konnen Mwen nan pawòl Mwen yo, epi li pral byen konprann pa ki mwayen Mwen pale ansanm ak entansyon Mwen yo.

Lè wayòm nan rive ofisyèlman sou tè a, pami tout bagay, kisa ki pa fè silans? Pami bann pil moun yo pa ka konte yo, kiyès ki pa pè? Mwen mache toupatou nan mond linivè a, epi se Mwen menm pèsonèlman ki fè aranjman pou tout bagay. Nan moman sa a, kiyès ki pa konnen zèv Mwen yo mèveye? Men Mwen yo soutni tout bagay, poutan Mwen pi wo pase tout bagay tou. Jodi a, Mwen tounen lachè epi Mwen vini an pèsòn nan mitan lèzòm—èske se pa sa imilite Mwen ak lefètke Mwen rete kache a vle di toutbon? Ann aparans, anpil moun bat bravo pou Mwen, yo di Mwen bon, epi yo fè lwanj Mwen, yo di Mwen bèl; men kiyès ki konnen Mwen toutbon? Jodi a, poukisa Mwen mande pou nou konnen Mwen? Èske objektif Mwen se pa fè gwo dragon wouj la wont? Mwen pa swete pou yo fòse lòm fè lwanj Mwen; Mwen swete pou l konnen Mwen, pou konesans sa a fè l vin renmen Mwen, epi konsa, pou l fè lwanj Mwen. Yon lwanj konsa merite pote non sa a, e se pa pawòl vid; se sèlman yon lwanj konsa ki kapab rive bò twòn Mwen an epi monte byen wo nan syèl yo. Paske Satan te tante lòm epi li kòwonp li, paske nosyon ak panse te pran kontwòl li, Mwen tounen lachè pou Mwen konkeri tout limanite an pèsòn, pou Mwen devwale tout nosyon lòm yo, epi pou Mwen depatcha panse lòm yo. Kòm rezilta, lòm sispann fè grandizè devan Mwen, li sispann sèvi Mwen dapre pwòp nosyon li yo, epi konsa, “Mwen” ki nan nosyon lòm yo disparèt nèt. Lè wayòm nan vini, premye bagay Mwen fè se kòmanse etap travay sa a, e se nan mitan pèp Mwen an Mwen fè sa. Antanke moun ki fè pati pèp Mwen an e ki fèt nan peyi gwo dragon wouj la, se sèten se pa sèlman yon ti kras oswa yon pòsyon nan pwazon gwo dragon wouj la ki anndan nou. Kidonk, se sitou sou nou Mwen konsantre etap travay sa a, e sa se youn nan aspè ki bay enkanasyon Mwen nan peyi Lachin tout sans li. Pifò moun pa kapab byen sezi menm yon ti moso nan pawòl Mwen di yo, e lè yo rive konprann yon ti bagay, konpreyansyon yo a vag e plen konfizyon. Sa a se yon pwen kote fason Mwen pale a pran yon lòt direksyon. Si tout moun te kapab li pawòl Mwen yo epi konprann sans yo, ebyen kiyès pami lèzòm ki ta kapab sove pou yo pa jete l kote mò yo ye a? Lè lòm konnen Mwen epi li soumèt devan Mwen, se lè sa a Mwen pral repoze, e se nan menm moman sa a lòm pral kapab byen sezi sans pawòl Mwen yo. Jodi a, nivo devlopman nou twò piti—li tèlman piti sa fè pitye, nan pwen yo pa menm kapab leve l—alewè pou konesans nou genyen sou Mwen.

Menmsi Mwen di ke yo kòmanse voye zanj yo pou yo pran swen pitit gason Mwen yo ak pèp Mwen an tankou bèje, pèsonn pa kapab konprann sans pawòl Mwen yo. Lè Mwen vini an pèsòn nan mitan lèzòm, zanj yo kòmanse travay yo kòm bèje an menm tan, epi pandan zanj yo ap fè travay bèje yo, tout pitit gason yo ak tout moun nan pèp la pa sèlman resevwa eprèv ak swen bèje yo, men yo kapab wè tout kalite vizyon parèt ak pwòp je yo tou. Paske Mwen travay dirèkteman nan divinite, tout bagay antre nan yon nouvo kòmansman, epi paske divinite sa a travay dirèkteman, nati imen an pa menm egzèse yon ti kras kontrent sou li; okontrè, li aji lib nan sikonstans lòm konsidere kòm sinatirèl. Poutan, pou Mwen, sa toutafè nòmal (lòm kwè sa sinatirèl paske li pa janm rankontre ak divinite a dirèkteman); pa gen okenn nosyon lòm ladan l, e pa gen okenn lide lèzòm ki tache l. Se sèlman lè tout moun antre sou chemen kòrèk la yo pral wè sa; paske kounye a se kòmansman an, nan sa ki konsène antre li, lòm gen anpil defo, epi sa difisil anpil pou li evite erè ak mank klète. Jodi a, piske Mwen mennen nou jis nan pwen sa a, Mwen fè aranjman ki apwopriye, epi Mwen gen objektif pa M yo. Si Mwen ta di nou ki sa yo ye jodi a, èske nou ta vrèman kapab konnen yo? Mwen byen konnen panse ki nan lespri lòm ak dezi ki nan kè l: Kiyès ki pa janm chèche yon mwayen pou l soti nan sitiyasyon li? Kiyès ki pa janm reflechi sou sa lavni rezève pou li? Poutan, menmsi lòm chaje ak tout kalite panse an kantite, kiyès ki te kapab prevwa, apre plizyè milye ane, jounen jodi a ta vin jan li ye a? Èske toutbon vre sa se fwi efò ki sòti nan ou menm? Èske sa se rekonpans pou bann efò w fè yo? Èske sa se bèl tablo ou te imajine nan lespri w la? Si Mwen pa t gide tout limanite, kiyès ki ta kapab soti anba aranjman Mwen yo epi jwenn yon lòt wout? Èske se imajinasyon ak dezi lòm ki mennen l kote li ye jodi a? Anpil moun pase tout lavi yo san dezi yo pa janm reyalize. Èske se vrèman paske gen yon erè nan fason yo panse? Lavi anpil moun chaje ak bonè ak satisfaksyon yo pa t atann. Èske se vrèman paske anbisyon yo twò piti? Nan tout limanite, kiyès Toupisan an pa voye je sou li pou pran swen li? Kiyès ki pa gen lavi li anndan predestinasyon Toupisan an? Èske se pwòp chwa lòm ki fè li viv oswa mouri? Èske lòm kontwole pwòp desten li? Anpil moun rele lanmò, men li rete byen lwen yo; anpil moun vle fè pati moun ki fò nan lavi a epi yo pè lanmò, poutan, san yo pa konnen, jou lanmò yo ap pwoche, pou l plonje yo nan gwo twou san fon lanmò a; anpil moun leve je yo gade syèl la epi yo pouse gwo soupi; anpil moun pete gwo kriye ak rèl; anpil moun tonbe nan mitan eprèv; epi anpil moun tonbe nan pyèj tantasyon. Byenke Mwen pa parèt an pèsòn pou pèmèt lòm wè Mwen aklè, anpil moun pè wè figi Mwen; yo pè anpil pou Mwen pa frape yo, pou Mwen pa detwi yo nèt. Èske lòm konnen Mwen toutbon, oswa èske li pa konnen Mwen? Pèsonn pa ka di sa avèk sètitid. Èske se pa konsa? Nou pè ni Mwen ni chatiman Mwen, epoutan nou menm ankò leve pou nou opoze ak Mwen aklè epi pou nou jije Mwen. Èske se pa sa l ye? Yon nonm konsa pa t janm konnen Mwen paske li pa t janm wè vizaj Mwen ni tande vwa Mwen. Konsa, menmsi Mwen anndan kè lòm, èske gen yon sèl moun ki pa gen imaj Mwen vag epi flou nan kè li? Èske gen yon moun ki wè Mwen klè nèt nan kè li? Mwen pa swete pou moun ki fè pati pèp Mwen an wè Mwen yon fason ki vag e ki pa klè tou; se poutèt sa Mwen antreprann gwo travay sa a.

Mwen vin pami lèzòm san fè bwi, epi apre sa, Mwen demake. Èske gen yon moun ki te janm wè Mwen? Èske solèy la kapab wè Mwen akoz flanm dife li yo k ap boule? Èske lalin nan kapab wè Mwen akoz bèl klate li? Èske gwoup zetwal yo kapab wè Mwen akoz plas yo nan syèl la? Lè Mwen vini, lòm pa konnen sa, epi tout bagay rete san yo pa konnen sa, epi lè Mwen ale, lòm toujou pa rann li kont de sa. Kiyès ki kapab rann temwayaj pou Mwen? Èske se ta lwanj moun sou latè yo? Èske se ta lis yo k ap fleri nan raje a? Èske se zwazo yo k ap vole nan syèl la? Èske se lyon yo k ap gwonde nan mòn yo? Pèsonn pa kapab rann yon temwayaj konplè sou Mwen! Pèsonn pa kapab fè travay Mwen pral fè a! Menm si yo ta fè travay sa a, ki efè li t ap fè? Chak jou, Mwen obsève chak aksyon anpil moun fè, epi chak jou, Mwen egzamine kè ak lespri anpil moun ak anpil atansyon; pèsonn pa janm chape anba reyalite jijman Mwen, epi pèsonn pa janm rive soti anba reyalite jijman Mwen. Mwen kanpe anlè vout syèl la epi Mwen gade byen lwen: Gen yon kantite moun san konte ki tonbe paske Mwen frape yo, poutan, gen yon kantite moun san konte tou k ap viv nan mizèrikòd Mwen ak bonte Mwen ki plen lanmou. Èske se pa nan sikonstans sa yo nou menm tou nou viv?

5 Mas 1992

Anvan: Chapit 9

Apre: Chapit 12

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger