Ou dwe rete fidèl anvè Bondye
Kijan Sentespri a ap travay nan legliz la jodi a? Èske w konprann sa? Ki pi gwo difikilte frè ak sè w yo genyen? Kisa yo plis manke? Kounye a, gen kèk moun ki negatif pandan yo anba eprèv yo, epi gen kèk ki menm plenyen. Gen lòt moun ki pa avanse ankò paske Bondye fin pale. Moun yo pa antre nan bon chemen kwayans nan Bondye. Yo pa ka viv poukont yo, epi yo pa ka pran swen pwòp lavi espirityèl yo. Gen kèk moun ki swiv epi ki gen volonte pou yo pèsevere, epi yo dispoze pratike lè Bondye pale, men lè Bondye pa pale, yo pa avanse ankò. Moun yo toujou poko konprann entansyon Bondye nan kè yo epi yo pa gen lanmou natirèl pou Bondye; nan tan lontan yo te swiv Bondye paske yo te fòse yo. Kounye a gen kèk moun ki pa renmen travay Bondye a. Èske moun sa yo pa an danje? Anpil moun egziste nan yon eta kote yo jis fè bagay yo san yo pa gen yon vrè enterè. Malgre yo manje ak bwè pawòl Bondye yo epi yo priye Li, yo fè sa ak mwatye kè yo, epi yo pa gen menm motivasyon yo te genyen an ankò. Pifò moun pa enterese nan travay Bondye k ap rafine ak pèfeksyone yo, epi se tankou yo toujou san motivasyon anndan yo. Lè peche pran pye sou yo, yo pa santi yo gen dèt anvè Bondye, ni yo pa gen konsyans pou yo regrèt. Yo pa ni chèche verite a ni kite legliz la, olye de sa yo chèche sèlman plezi tanporè. Sa yo se moun ki pi sòt yo! Lè lè a rive, yo tout pral abandone! Pa gen youn nan yo k ap sove! Èske w panse si yon moun te sove yon fwa li pral toujou sove? Kwayans sa a se yon fason pou w twonpe tèt ou! Tout moun ki pa chèche antre nan lavi a pral sibi pinisyon. Pifò moun pa gen okenn enterè nan antre nan lavi a, nan vizyon, oswa nan mete verite a an pratik. Yo pa chèche antre, alewè pou yo fè plis pwogrè. Èske yo p ap detwi tèt yo? Kounye a, gen yon gwoup moun kondisyon pa yo ap amelyore san rete. Plis Sentespri a ap travay, se plis yo ap gen lafwa; plis yo fè eksperyans, se plis yo santi travay Bondye a gen anpil mistè. Plis yo antre pi fon, se plis yo konprann. Yo santi lanmou Bondye a tèlman gran, epi yo santi yon estabilite ak yon klète nan kè yo. Yo gen yon konpreyansyon sou travay Bondye a. Se moun sa yo ki gen Sentespri a k ap travay nan yo. Gen kèk moun ki di, « Malgre pa gen okenn nouvo pawòl ki soti nan Bondye, mwen dwe toujou chèche ale pi fon nan verite a, mwen dwe pran tout bagay nan eksperyans reyèl mwen an oserye epi antre nan reyalite pawòl Bondye yo. » Kalite moun sa a posede travay Sentespri a. Malgre Bondye kache figi L epi Li kache Tèt Li pou chak moun, epi menm si Li pa pale oswa fè tande vwa L epi gen kèk fwa moun fè eksperyans enpe rafinman entèn, Bondye pa kite moun yo nèt. Si yon moun pa ka kenbe verite li ta dwe pratike a, li p ap gen travay Sentespri a. Pandan peryòd rafinman an, lè Bondye kache figi L, si w pa gen lafwa men olye de sa ou fè bak, si w pa konsantre w sou fè eksperyans pawòl Li yo, alò w ap kouri pou travay Bondye a. Pita, w ap fè pati moun ki abandone yo. Moun ki pa chèche antre nan pawòl Bondye a pa ka kanpe fèm nan temwayaj yo ba Li. Kapasite pou moun temwaye pou Bondye epi satisfè entansyon L depann totalman de motivasyon yo pou yo chèche pawòl Bondye yo. Travay Bondye fè sou moun se sitou pèmèt yo jwenn verite a; objektif fè w chèche lavi a se rann ou pafè epi mete w nan kondisyon pou Bondye sèvi avèk ou. Tout sa w ap chèche kounye a se tande mistè, koute pawòl Bondye yo, gade sa ki bèl avèk plezi, epi gade bò kote w pou w wè kisa ki nouvo oswa kisa k ap pase, epi konsa satisfè kiryozite w. Si sa se entansyon w, alò pa gen okenn fason pou w satisfè egzijans Bondye yo. Moun ki pa chèche verite a pa ka swiv jiska dènye moman an. Kounye a, se pa paske Bondye p ap fè yon bagay, men pito paske moun yo p ap kolabore avèk Li. Sa a se paske yo pa renmen travay Li a, epi se sèlman pawòl benediksyon Li yo vle tande, pandan yo pa vle tande pawòl jijman ak pinisyon Li yo. Ki rezon ki fè sa? Rezon an se paske dezi moun yo genyen pou yo jwenn benediksyon yo pa t reyalize epi se poutèt sa yo te vin negatif ak fèb. Se pa paske Bondye fè espre Li pa pèmèt moun swiv Li, ni se pa paske Li fè espre pou L mete yo anba eprèv. Moun yo negatif ak fèb sèlman paske entansyon yo pa bon. Bondye se Bondye ki bay moun lavi, epi Li pa ka mennen lòm nan lanmò. Negativite moun yo, feblès yo, ak retou nan move konpòtman, tout se bagay ki rive akòz pwòp zak yo.
Travay Bondye kounye a pote enpe rafinman bay moun yo, epi se sèlman moun ki ka rete fèm nan mitan rafinman an ki pral jwenn apwobasyon Bondye. Kèlkeswa fason Li kache figi L, swa paske Li pa pale oswa Li pa travay, si ou toujou ka kontinye chèche, epi si ou toujou ka swiv Li menm si L di Li pa vle w, alò se pou w kanpe fèm nan temwayaj ou bay Bondye. Si Bondye kache figi L pou ou epi ou sispann swiv Li, èske sa se kanpe fèm nan temwayaj ou bay Bondye? Si moun pa antre toutbon nan lavi a, yo pa gen yon vrè nivo espirityèl; epi lè yo rankontre yon gwo eprèv, y ap bite. Kounye a Bondye pa pale, oswa Bondye pa aji dapre ide ou yo, ou kraze; si Bondye t ap aji kounye a dapre pwòp ide ou yo, epi satisfè volonte ou, ou t ap kapab kanpe epi w t ap gen motivasyon pou chèche. Sou ki fondasyon egzakteman ou bati lavi w alò? Mwen di gen anpil moun k ap viv yon fason ki depann antyèman de kiryozite lòm. Yo vrèman pa gen dezi pou yo chèche toutbon. Tout moun ki pa chèche antre nan verite a men ki konte sou kiryozite yo nan lavi a se moun ki merite mepri, epi ki an danje! Divès kalite travay Bondye yo fèt pou pèfeksyone limanite. Sepandan, moun yo toujou kirye; yo toujou renmen poze kesyon sou sa yo tande moun di; yo toujou enkyete konsènan aktyalite nan peyi etranje yo — pa egzanp, sa k ap pase nan peyi Izrayèl, oswa si te gen yon tranbleman tè nan peyi Lejip. Yo toujou ap chèche kèk bagay nouvo pou satisfè dezi egoyis yo. Yo pa chèche lavi, ni yo pa chèche pèfeksyone yo. Yo sèlman chèche pou fè jou Bondye a rive pi bonè pou bèl rèv yo ka reyalize epi pou dezi ekstravagan yo ka satisfè. Kalite moun sa a pa pratik — yo se moun ki gen yon move fason li wè bagay yo. Se sèlman chèche verite a ki fondasyon lafwa limanite nan Bondye, epi si moun yo pa chèche antre nan lavi a, si yo pa chèche satisfè Bondye, yo pral sibi pinisyon. Moun ki dwe pini yo se moun ki pa t gen travay Sentespri a pandan peryòd travay Bondye a.
Kòman moun yo ta dwe kolabore avèk Bondye pandan etap sa a nan travay Li a? Kounye a, Bondye ap mete moun yo anba eprèv. Li pa di yon mo; L ap kache figi L epi Li pa fè okenn kontak dirèk avèk moun yo. Sou deyò, li sanble tankou Li p ap fè okenn travay, men verite a sè ke Li ap travay nan lòm toujou. Nenpòt moun k ap chèche antre nan lavi a gen yon vizyon pou chèche lavi a, epi li pa gen dout menm si li pa fin konprann travay Bondye a. Pandan w ap sibi eprèv yo, menm lè w pa konnen sa Bondye vle fè ak ki travay Li vle akonpli, ou ta dwe konnen panse Bondye pou lòm toujou bon. Si w chèche Li avèk yon kè sensè, Li p ap janm kite w, epi alafen Li pral sètènman pèfeksyone w, epi mennen moun yo nan yon destinasyon apwopriye. Kèlkeswa fason Bondye mete moun anba eprèv kounye a, gen yon jou k ap vini kote L ap bay moun yo yon rezilta ki apwopriye epi L ap ba yo pinisyon ki apwopriye a selon sa yo te fè. Bondye pa pral mennen moun nan yon sèten pwen epi apre sa, jis mete yo sou kote epi inyore yo. Se paske Bondye fidèl. Nan etap sa a, Sentespri a ap fè travay rafinman an. L ap rafine chak moun. Nan etap travay ki te fòme pa eprèv lanmò a ak eprèv pinisyon an, yo te fè rafinman an atravè pawòl yo. Pou moun fè eksperyans travay Bondye a, yo dwe konprann dabò travay Li kounye a ak fason moun ta dwe kolabore. Sa a se yon bagay tout moun ta dwe konprann. Kèlkeswa sa Bondye fè, kit L ap rafine moun oswa Li pa pale, pa gen yon sèl etap nan travay Bondye ki an akò avèk lide lòm yo. Chak etap nan travay Li boulvèse epi travèse lide lòm yo. Sa a se travay Li. Men, ou dwe kwè kounye a travay Bondye a rive nan yon sèten etap, Li p ap touye tout moun kèlkeswa sa ki rive. Li bay lòm pwomès ak benediksyon alafwa, epi tout moun ki chèche L yo pral kapab jwenn benediksyon L yo, men Bondye pral elimine moun ki pa chèche L yo. Sa depann de objektif ou. Kèlkeswa sa k rive a, ou dwe kwè lè travay Bondye a fini, chak moun pral gen yon destinasyon ki apwopriye. Bondye te bay lòm bèl espwa, men si li pa chèche yo, li p ap ka reyalize yo. Ou ta dwe kapab wè sa kounye a—Rafinman Bondye ak pinisyon Li pou moun se travay Li, men moun yo, bò kote pa yo, dwe toujou chèche yon chanjman nan atitid yo. Nan vrè eksperyans ou yo, ou dwe konnen dabò kijan pou w manje ak bwè pawòl Bondye yo; ou dwe jwenn nan pawòl Li yo sa ou ta dwe antre ladan l ak pwòp defo w yo; ou ta dwe antre pandan w ap pran vrè eksperyans ou yo an konsiderasyon, epi pran pòsyon nan pawòl Bondye yo ki ta dwe mete an pratik epi eseye fè sa. Manje ak bwè pawòl Bondye yo se yon aspè. Anplis, ou dwe kenbe lavi legliz la, ou dwe gen yon lavi espirityèl nòmal, epi ou dwe kapab remèt tout sitiyasyon aktyèl ou yo bay Bondye. Kèlkeswa jan travay Li chanje, lavi espirityèl ou ta dwe rete nòmal. Yon lavi espirityèl ka fè w kontinye antre nan lavi a yon fason nòmal. Kèlkeswa sa Bondye fè, ou dwe kontinye lavi espirityèl ou san entèripsyon epi akonpli devwa w. Se sa moun yo ta dwe fè. Se tout travay Sentespri a, men pou moun ki gen yon kondisyon nòmal sa a se pèfeksyon, tandiske pou moun ki gen yon kondisyon ki pa nòmal sa a se yon eprèv. Nan etap aktyèl travay rafinman Sentespri a, gen kèk moun ki di travay Bondye a tèlman gwo epi moun yo vrèman bezwen rafinman, sinon nivo espirityèl yo pral twò piti epi yo p ap gen okenn fason pou reyalize sa ki nan entansyon Bondye. Sepandan, pou moun ki pa nan bon kondisyon, sa vin yon rezon pou yo pa chèche Bondye, epi yon rezon pou yo pa ale nan rasanbleman yo oswa pou yo pa manje ak bwè pawòl Bondye a. Nan travay Bondye, kèlkeswa sa Li fè oswa chanjman Li pote, moun yo dwe omwen mennen yon lavi espirityèl nòmal. Petèt ou pa t neglijan nan etap lavi espirityèl ou kounye a, men ou poko gen anpil bagay, epi ou poko fè yon gwo rekòt. Nan kalite sikonstans sa yo, menm si w mennen lavi espirityèl ou tankou w ap respekte yon règ, ou dwe toujou kenbe la; ou dwe respekte règ sa a pou w pa sibi pèt nan lavi w epi pou w satisfè entansyon Bondye yo. Si lavi espirityèl ou pa nòmal, ou pa ka wè travay aktyèl Bondye a klèman, epi olye de sa ou toujou santi li konplètman enkonpatib ak pwòp lide w yo, epi menmsi w dispoze swiv Li, ou manke motivasyon entèn. Konsa, kèlkeswa sa Bondye ap fè kounye a, moun yo dwe kolabore. Si moun yo pa kolabore, Sentespri a pa ka fè travay Li, epi si moun pa gen yon kè pou kolabore, yo ka gen difikilte pou jwenn travay Sentespri a. Si w vle gen travay Sentespri a anndan w, epi si w vle gen apwobasyon Bondye, ou dwe kenbe fidelite w devan Bondye. Kounye a, li pa nesesè pou ou gen yon konpreyansyon pi apwofondi, yon teyori ki pi elve, oswa lòt bagay konsa—tout sa ki nesesè se defann pawòl Bondye a sou fondasyon li te genyen okòmansman an. Si moun yo pa kolabore avèk Bondye epi yo pa chèche antre pi fon, Bondye ap retire tout bagay ki te pou yo okòmansman. Nan yo menm, moun yo toujou anvi fasilite epi yo prefere jwi sa ki deja disponib. Yo vle jwenn pwomès Bondye yo san yo pa fè okenn efò. Sa yo se panse ekstravagan moun yo genyen. Jwenn lavi menm san w pa fè efò—men èske gen gen yon bagay ki te janm fasil konsa? Lè yon moun kwè nan Bondye epi li chèche antre nan lavi a epi li chèche yon chanjman nan karaktè li, li dwe peye yon pri epi rive nan yon eta kote li pral toujou suiv Bondye, kèlkeswa sa Li fè. Sa a se yon bagay moun dwe fè. Menm si w suiv tout sa a kòm yon règ, ou dwe toujou respekte l, epi kèlkeswa jan eprèv yo gwo, ou pa ka kite relasyon nòmal ou genyen avèk Bondye a. Ou ta dwe priye, kenbe lavi legliz ou a, epi pa janm kite frè ak sè w yo. Lè Bondye mete w anba eprèv, ou ta dwe toujou chèche verite a. Sa a se kondisyon minimòm pou yon lavi espirityèl. Toujou gen dezi pou w chèche, epi fè efò pou w kolabore, itilize tout enèji w—èske w ka fè sa? Si w pran sa kòm yon baz, w ap fasilman rive jwenn disènman epi antre nan reyalite a. Li fasil pou w aksepte pawòl Bondye a lè pwòp eta w nòmal; nan sikonstans sa yo, ou pa santi li difisil pou w pratike verite a, epi ou santi travay Bondye a gran. Men, si kondisyon w pa bon, kèlkeswa jan travay Bondye a gran epi kèlkeswa jan yon moun byen pale, ou p ap ba li atansyon. Lè kondisyon yon moun pa nòmal, Bondye pa ka travay nan li, epi li pa ka reyalize chanjman nan karaktè l.
Si moun yo pa gen okenn lafwa, li pa fasil pou yo kontinye sou chemen sa a. Kounye a, tout moun ka wè travay Bondye a pa an akò avèk menm yon ti kras lide ak imajinasyon lòm. Bondye te fè anpil travay epi Li te di anpil pawòl, epi menmsi moun yo ka rekonèt yo se verite a, lide sou Bondye toujou ka parèt nan tèt yo. Si moun yo vle konprann verite a epi jwenn li, yo dwe gen lafwa ak volonte, epi yo dwe kapab rete fèm sou sa yo te deja wè ak sa yo te jwenn nan eksperyans yo. Kèlkeswa sa Bondye fè pou moun yo, yo dwe defann sa yo posede pou tèt yo, yo dwe sensè devan Bondye, epi yo dwe rete fidèl ak Li jiska dènye moman an. Sa a se devwa lòm. Moun yo dwe respekte sa yo gen pou yo fè. Kwayans nan Bondye mande pou moun yo soumèt devan L epi fè eksperyans travay Li. Bondye te fè anpil travay—nou ta ka di pou moun yo se pèfeksyon total, rafinman, e menm plis, chatiman. Pa t gen yon sèl etap nan travay Bondye ki te an akò ak lide lòm; sa moun yo te renmen se pawòl sevè Bondye yo. Lè Bondye vini, moun yo dwe jwi majeste Li ak kòlè Li. Sepandan, kèlkeswa jan pawòl Li yo ka sevè, Li vini pou Li sove epi pèfeksyone lòm. Antanke kreyati, moun yo ta dwe akonpli devwa yo dwe akonpli yo, epi rete fèm nan temwayaj yo bay Bondye nan mitan rafinman an. Nan chak eprèv yo ta dwe defann temwayaj yo gen pou rann lan, epi rann yon temwayaj ki sonnen fò pou Bondye. Yon moun ki fè sa se yon moun ki genyen viktwa. Kèlkeswa fason Bondye rafine w, ou ta dwe rete plen lafwa epi pa janm pèdi lafwa nan Li, epi ou ta dwe fè sa yon moun ta dwe fè tou. Se tout sa Bondye mande lòm—Li mande pou kè lòm kapab tounen vin jwenn Li konplètman epi chèche Li nan chak moman. Yon moun konsa se yon moun ki genyen viktwa. Moun Bondye rele « venkè » yo se moun ki toujou ka rete fèm nan temwayaj yo, kenbe lafwa yo ak fidelite yo anvè Bondye, epi kèlkeswa sa k rive, kenbe yon kè ki san tach devan Bondye epi kenbe vrè lanmou yo pou Bondye, pandan yo anba enfliyans Satan epi pandan Satan ap sènen yo—sa vle di, pandan yo nan mitan fòs fènwa yo. Konsa, yo rete fèm nan temwayaj yo devan Bondye. Moun sa yo se moun Bondye rele « venkè yo. » Si rechèch ou ekselan lè Bondye beni w, men ou retire w san benediksyon Li, èske sa se yon moun ki san tach? Puiske w sèten sa a se vrè chemen an, ou dwe swiv li jiska lafen; ou dwe rete fidèl ak Bondye. Puiske w te wè Bondye te vin sou tè a pou l pèfeksyone w pèsonèlman, ou ta dwe ba Li kè w antyèman. Si, kèlkeswa sa Bondye fè—petèt li ba ou yon rezilta ki pa favorab nan dènye moman an—ou ka toujou swiv Li, sa vle di ou te rete san tach devan Bondye. Ofri yon kò espirityèl ki sen ak yon vyèj ki san tach bay Bondye, jan yo pale de li a, vle di kenbe yon kè sensè devan Bondye. Senserite moun se lè li san tach, epi moun ki ka sensè ak Bondye yo rete san tach. Se sa w ta dwe mete an pratik. Lè ou dwe priye, ou priye; lè ou dwe rasanble ansanm nan kominyon, ou fè sa; lè ou dwe chante kantik, ou chante kantik; epi lè ou dwe rebele kont kò a, ou rebele kont kò a. Lè w ap fè devwa w, ou pa fè l san antouzyas; lè w fè fas ak eprèv yo, ou rete fèm. Sa a se rete fidèl ak Bondye. Si w pa respekte sa chak moun ta dwe fè, tout soufrans ak rezolisyon w te genyen anvan yo te anven.
Pou chak etap nan travay Bondye a, gen yon fason moun ta dwe kolabore. Bondye rafine moun pou yo ka gen lafwa pandan y ap sibi rafinman yo. Bondye pèfeksyone moun pou yo gen lafwa pou Bondye pèfeksyone yo epi pou yo vle aksepte rafinman L yo epi pou Bondye netwaye yo. Lespri Bondye a travay nan moun pou l pote limyè ak iliminasyon pou yo, epi pou l fè yo kolabore avèk Li epi pratike pawòl la. Bondye pa pale ni fè tande vwa Li pandan rafinman an, men toujou, gen travay moun yo ta dwe fè. Ou ta dwe kenbe sa ou deja genyen, epi ou ta dwe toujou kapab priye Bondye, rete toupre Bondye, epi rete fèm nan temwayaj ou devan Bondye; konsa w ap akonpli pwòp devwa w. Nou tout te wè klèman nan travay Bondye a eprèv Li pou lafwa ak lanmou moun yo mande pou yo priye Bondye plis, epi pou yo goute pawòl Bondye yo pi souvan devan L. Si Bondye eklere w epi fè w konprann entansyon L yo, e poutan ou pa pratike ditou, ou p ap genyen anyen. Ou ta dwe toujou kapab priye Bondye lè w mete pawòl Li yo an pratik, ou ta dwe toujou chèche Bondye lè w goute pawòl Li yo, epi ou ta dwe gen anpil lafwa nan Li, pa dekouraje ni refwadi. Moun ki pa mete pawòl Bondye an pratik yo plen enèji pandan rasanbleman yo, men yo tonbe nan fènwa lè yo retounen lakay yo. Gen kèk moun ki pa menm vle reyini ansanm. Konsa, ou dwe wè klèman ki devwa moun ta dwe fè. Ou ka pa konnen ki entansyon Bondye genyen reyèlman, men ou ta dwe akonpli devwa w, ou ta dwe priye lè ou dwe fè sa, epi ou ta dwe mete verite a an pratik lè ou dwe fè sa. Si w fè tout sa moun dwe fè, epi w kenbe vizyon ou te genyen okòmansman an, lè sa a w ap pi kapab aksepte pwochen etap travay Bondye a. Lè Bondye travay nan yon fason kache, se yon pwoblèm si w pa kontinye. Lè L ap pale epi preche pandan rasanbleman yo, ou koute avèk antouzyas, men lè Li pa pale, ou manke enèji epi ou retire tèt ou. Ki kalite moun ki aji konsa? Se yon moun ki jis swiv kote twoupo a ale. Yo pa gen okenn pozisyon, ni okenn temwayaj, ni okenn vizyon! Pifò moun yo konsa. Si w kontinye sou wout sa a, yon jou lè w rankontre yon gwo eprèv, w ap tonbe anba pinisyon. Genyen yon pozisyon fèm se bagay ki pi enpòtan nan pwosesis Bondye a pou l pèfeksyone moun. Si w pa gen dout sou yon sèl etap nan travay Bondye a, si w akonpli devwa w antanke moun, si w defann sa Bondye te fè w mete an pratik la avèk senserite—sa vle di, si w sonje egzòtasyon Bondye yo, epi kèlkeswa sa Li fè jodi a, ou pa bliye egzòtasyon Li yo, ou pa gen dout sou travay Li, ou kenbe pozisyon w fèm, ou defann temwayaj ou, epi w genyen chak etap nan chemen an—alò nan fen an Bondye pral pèfeksyone w epi fè w vin yon moun ki gen viktwa. Si w kapab rete fèm nan chak etap nan eprèv Bondye yo, epi si w toujou kapab rete fèm jis nan dènye moman an, lè sa a w ap ranpòte la viktwa, epi w se yon moun Bondye te pèfeksyone. Si w pa ka rete fèm nan eprèv w ap viv kounye a, alavni sa pral vin pi difisil toujou. Si w sèlman sibi yon kantite soufrans ki pa enpòtan epi ou pa chèche verite a, alafen ou p ap genyen anyen. Ou pral rete men vid. Gen kèk moun ki abandone kous la lè yo wè Bondye pa pale, epi kè yo vin gaye. Èske yon moun konsa pa yon moun sòt? Kalite moun sa yo pa gen okenn reyalite. Lè Bondye ap pale, yo toujou ap kouri toupatou, yo sanble okipe epi gen antouzyas deyò, men kounye a Li p ap pale, yo sispann chèche. Kalite moun sa a pa gen okenn avni. Pandan rafinman yo, ou dwe antre nan yon pèspektiv pozitif epi aprann leson ou ta dwe aprann yo; lè w ap priye Bondye epi li pawòl Li, ou ta dwe mezire pwòp eta w avèk li, dekouvri defo w yo, epi wè ou toujou gen anpil leson pou w aprann. Plis ou chèche avèk senserite pandan w ap sibi rafinman yo, se plis w ap vin konsyan de limit ou yo. Sa a se paske ou rankontre anpil pwoblèm pandan w ap rafine ou pa ka wè klè, epi ou ka plenyen, epi revele nati chanèl ou. Se sèlman lè sa a ou ka dekouvri ou gen twòp dispozisyon pou koripsyon nan ou.
Moun yo manke kalite epi yo pa reyisi reponn a egzijans Bondye yo; yo ka menm plis bezwen lafwa pou yo mache nan chemen sa a alavni. Travay Bondye nan dènye jou yo mande anpil lafwa, menm pi gwo lafwa pase sa Jòb te genyen an. San lafwa, moun yo p ap kapab kontinye gen eksperyans, kidonk Bondye p ap kapab pèfeksyone yo. Lè jou gwo eprèv yo rive, ap gen moun k ap kite legliz yo — kèk bò isit, kèk lòt bò. Gen kèk ki te byen reyisi nan efò yo nan jou ki te pase yo epi li pral difisil pou konprann poukisa yo pa kwè ankò. Gen anpil bagay ki pral rive ou p ap konprann, epi Bondye p ap montre okenn siy ni mirak, ni fè anyen ki depase lwa natirèl yo. Sa a se pou wè si ou ka rete fèm—Bondye itilize bagay ki reyèl pou l rafine moun. Ou poko soufri anpil. Nan lavni lè gwo eprèv yo vini, nan kèk kote chak grenn moun nan legliz la ap kite, epi moun ou te gen bon relasyon avèk yo ap kite epi abandone lafwa. Èske w ap kapab rete fèm lè sa a? Jis kounye a, eprèv ou te sibi yo te piti, epi ou pwobableman te apèn kapab sipòte yo. Etap sa a gen ladan amelyorasyon ak pèfeksyonman sèlman atravè mo. Nan pwochen etap la, reyalite yo pral rive sou ou pou rafine ou, epi lè sa a ou pral nan mitan danje. Yon fwa sa vin vrèman grav, menm Bondye pral konseye w pou w prese epi kite, epi moun ki relijye yo pral eseye atire w pou w ale avèk yo. Sa a se pou wè si w ka kontinye sou chemen an, epi tout bagay sa yo se eprèv. Eprèv aktyèl yo pa gwo, men jou a ap vini kote pral gen kèk kay kote paran yo pa kwè ankò, ak kèk kote timoun yo pa kwè ankò. Èske w ap kapab kontinye? Plis ou avanse, se plis eprèv ou yo ap vin pi gwo. Bondye fè travay Li pou rafine moun dapre bezwen yo ak nivo yo. Pandan etap kote Bondye ap pèfeksyone moun yo, li enposib pou kantite moun yo kontinye ogmante—li pral diminye sèlman. Se sèlman atravè rafinman sa yo moun ka vin pafè. Lè w ap sibi netwayaj, pinisyon, eprèv, chatiman, kalamite —èske w ap ka sipòte tout sa? Lè w wè yon legliz nan yon sitiyasyon ki patikilyèman bon, kote tout sè ak frè yo ap pèsevere avèk anpil enèji, ou santi w ankouraje. Lè jou a rive kote yo tout abandone, kèk nan yo pa kwè ankò, kèk nan yo abandone pou ale fè biznis oswa marye, epi kèk rantre nan relijyon an; èske w ap kapab rete fèm lè sa a? Èske w ap kapab rete san w pa twouble? Pèfeksyon Bondye bay lòm se pa yon bagay ki senp konsa! Li itilize anpil bagay pou l rafine moun. Moun yo wè sa yo kòm metòd, men nan premye entansyon Bondye, sa yo pa metòd ditou, men se bagay ki reyèl. Nan fen a, lè Li fini rafine moun yo jiska yon sèten pwen epi yo pa gen okenn plent ankò, etap sa a nan travay Li a ap fini. Gwo travay Sentespri a se pèfeksyone w, epi lè Li pa travay epi Li kache Tèt Li, se menm plis pou Li ka pèfeksyone w, epi sa fè li pi fasil toujou pou w wè si moun gen lanmou pou Bondye, si yo gen vrè lafwa nan Li. Lè Bondye pale klè, ou pa bezwen chèche; se sèlman lè Li kache ou bezwen chèche epi santi w ap avanse. Ou ta dwe kapab akonpli devwa yon kreyati, epi kèlkeswa sa ki ka rive w alavni ak kote w ap ale, ou ta dwe kapab chèche konnen Bondye epi renmen Li pandan ane w ap viv yo, epi kèlkeswa fason Bondye trete w, ou ta dwe kapab evite plenyen. Gen yon kondisyon pou Sentespri a travay nan moun. Yo dwe swaf epi chèche epi yo pa dwe kwè a demi oswa gen dout sou aksyon Bondye yo, epi yo dwe kapab akonpli devwa yo toutan; se sèlman konsa yo ka jwenn travay Sentespri a. Nan chak etap nan travay Bondye a, sa ki nesesè pou moun yo se yon gwo lafwa epi vini devan Bondye pou chèche—se sèlman atravè eksperyans moun ka dekouvri kijan Bondye merite yo renmen Li epi kijan Sentespri a travay nan moun yo. Si w pa fè eksperyans, si w pa santi w nan chemen w, si w pa chèche, ou p ap jwenn anyen. Ou dwe konprann pwogresivman atravè eksperyans ou yo, epi se sèlman atravè eksperyans ou yo ou ka wè aksyon Bondye yo epi rekonèt grandè ak ensondabilite Li.