Karaktè Nou Tout Tèlman Ba!

Nou tout chita nan plas ki prestijye, n ap bay jèn jenerasyon ki menm kalite ak nou yo leson epi nou fè yo tout chita avèk ou. Kòman nou fè pa konnen “desandan” nou yo gen lontan depi yo bouke epi yo pèdi travay Mwen an? Glwa Mwen briye de Lès a Lwès, epoutan lè li pwopaje rive jouk nan bout latè, epi li kòmanse leve epi briye, Mwen pral pran glwa Mwen nan Lès epi pote li nan Lwès, konsa, apati moman sa a, moun fènwa yo ki te abandone Mwen nan Lès yo p ap resevwa limyè ankò. Lè sa rive, nou pral viv nan vale lonbraj la. Menm si moun jodi yo san fwa pi bon pase anvan, yo toujou pa ka satisfè egzijans Mwen yo, epi yo toujou pa yon temwayaj pou glwa Mwen. Si nou kapab san fwa pi bon pase anvan, se sèlman gras ak travay Mwen an; se fwi travay Mwen sou tè a bay. Epoutan, Mwen toujou gen degoutans pou pawòl nou yo, aksyon nou yo ak karaktè nou, epi Mwen santi yon endiyasyon san parèy akòz fason nou aji devan Mwen, paske nou pa konprann Mwen ditou. Donk, ki jan nou ka rive viv glwa Mwen, epi ki jan nou ka konsakre nou pou travay Mwen alavni? Lafwa nou bèl anpil; nou di nou dispoze bay tout lavi nou pou travay Mwen an, epi nou dispoze pou sakrifye lavi nou pou li, men dispozisyon nou yo pa twò chanje. Nou sèlman pale avèk awogans, alòske konpòtman nou an reyalite deplorab anpil. Se kòmsi lang ak po bouch moun yo se nan syèl la yo ye, men janm yo byen ba sou tè a. Kòm rezilta, pawòl yo, aksyon yo ak repitasyon yo an miyèt mòso epi gate toujou. Repitasyon nou detwi, konpòtman nou ba, fason nou pale meprizab, epi lavi nou deplorab; menm imanite nou an antye nan yon nivo ki ba anpil. Nou gen lespri fèmen anvè lòt moun, epi nou fè diskisyon pou chak ti bagay. Nou fè kont pou pwòp repitasyon ak pozisyon pa nou, jis nan pwen nou dispoze pou desann nan lanfè ak nan letan dife a. Pawòl ak aksyon aktyèl nou sifi pou Mwen detèmine nou se pechè. Atitid nou anvè travay Mwen an sifi pou Mwen detèmine nou se moun ki pa dwat, epi tout dispozisyon nou yo sifi pou montre nou se nanm sal ki chaje ak abominasyon. Sa nou manifeste ak sa nou revele sifi pou yo di nou se moun ki bwè san lespri enpi yo jouk nou plen vant nou. Lè yo pale de antre nan wayòm syèl la, nou pa fè konnen sa nou santi. Èske nou kwè jan nou ye kounye a sifi pou nou travèse pòtay ki mennen nan wayòm syèl Mwen an? Èske nou kwè nou ka jwenn pèmisyon pou nou antre nan tè sen kote travay Mwen ak pawòl Mwen yo ye a, san Mwen pa teste pwòp pawòl ak aksyon nou yo anvan? Kiyès ki ka twonpe Mwen? Kòman pou Mwen ta ka pa wè konpòtman ak pawòl ba e meprizab nou yo? Pou Mwen, lavi nou se lavi moun ki bwè san lespri enpi sa yo epi ki manje chè yo, paske nou imite yo devan Mwen chak jou. Konpòtman nou devan Mwen te patikilyèman move e degradan, ki jan Mwen ta ka pa twouve nou repiyan? Pawòl nou yo gen salte lespri enpi ladan yo: Nou kajole, nou kache epi nou flate menm jan ak moun k ap pratike maji, epi menm jan ak moun k ap pratike twonpri e k ap bwè san moun ki pa dwat yo. Tout sa lòm manifeste se bagay ki pa dwat menm, donk ki jan yo ka mete tout moun nan peyi ki sen kote moun ki dwat yo ye a? Èske ou panse konpòtman meprizab ou a ka distenge ou kòm yon moun ki sen nan mitan moun ki pa dwat sa yo? Lang sèpan an ou an ap fini pa detwi lachè ou ki simen destriksyon epi ki komèt abominasyon; epi men w ki kouvri ak san lespri enpi yo ap fini pa trennen nanm ou nan lanfè. Donk, poukisa ou pa kouri sezi chans sa a pou netwaye men ou ki kouvri ak salte? Epi poukisa ou pa pwofite okazyon sa a pou koupe lang ou k ap pale pawòl ki pa dwat la? Èske se vre ou dispoze soufri nan flanm dife lanfè yo poutèt men ou, lang ou ak po bouch ou? Mwen egzamine kè miltitid moun yo ak toude je Mwen, paske byen lontan anvan Mwen te kreye limanite, Mwen te deja kenbe kè yo nan men Mwen. Mwen te gentan wè fon kè moun yo depi lontan, donk ki jan panse yo ta ka chape anba je Mwen? Kòman li ta fè pa twò ta pou yo chape anba dife Lespri Mwen?

Po bouch ou pi dous pase pijon, men kè ou pi malveyan pase sèpan tan lontan an. Po bouch ou bèl menm jan ak pa medam Liban yo, men kè ou pa pi dou pase kè yo, e sètènman li pa ka konpare ak bote moun Kanaran yo. Kè ou tèlman twonpè! Bouch ak kè moun ki pa dwat yo, se sèl bagay Mwen rayi; e sa Mwen mande moun yo, se pa pou yo depase moun ki sen yo, se jis Mwen santi repiyans pou move zak moun ki pa dwat yo fè yo, epi Mwen espere yo kapab voye salte yo genyen an jete epi chape anba sitiyasyon difisil yo ye kounye a, pou yo ka distenge tèt yo ak moun ki pa dwat sa yo, epi viv ansanm epi vin sen ansanm ak moun ki dwat yo. Nou nan menm sikonstans avèk Mwen, poutan nou kouvri ak salte; nou pa menm sanble yon ti zuit ak moun ki te kreye nan kòmansman an. Anplis, paske chak jou nou imite aparans lespri enpi sa yo, nou fè sa yo fè epi nou di sa yo di, tout pati nan nou—menm lang ak bouch nou—tranpe nan dlo sal yo, jouk nou kouvri nèt ak kalite tach sa yo, epi pa gen yon sèl pati nan nou ki ka sèvi pou travay Mwen an. Se rache kè M ap rache! N ap viv nan yon monn cheval ak bèf konsa, poutan nou pa santi nou nan lapenn vre; nou plen ak lajwa epi n ap viv lib e libè. N ap naje nan dlo sal sa a, poutan nou pa menm rann nou kont nou tonbe nan yon sitiyasyon difisil konsa. Chak jou, ou frekante lespri enpi yo epi ou fwote ak “poupou”; lavi ou vrèman vilgè, poutan ou pa menm rann ou kont se pa ditou nan monn lèzòm w ap viv, epi se pa ou ki gen kontwòl tèt ou. Èske ou pa konnen lespri enpi sa yo te pilonnen lavi ou depi lontan, oubyen dlo sal la te gentan souye karaktè ou depi lontan? Èske ou panse w ap viv nan yon paradi sou tè a nan bonjan kè kontan? Èske ou pa konnen ou te viv tout yon vi kòtakòt ak lespri enpi yo, epi ou t ap mennen lavi w nan mitan tout bagay yo te prepare pou ou? Ki jan fason w ap viv la ta ka gen yon sans? Ki jan lavi ou ta ka gen okenn valè? Ou te konn ap kouri monte desann pou paran ou yo, paran lespri enpi yo, poutan ou pa menm gen okenn lide ke se menm paran lespri enpi sa yo ki te ba ou nesans epi ki te grandi ou, k ap fè w mal. Anplis de sa, ou pa menm rann ou kont an reyalite se yo ki te ba ou tout salte ou genyen an; sèl sa ou konnen, sèke yo ka ba ou “plezi,” yo pa chatye ou, yo pa jije ou, e sitou yo pa madichonnen ou. Yo pa janm nève sou ou, men yo trete ou avèk jantiyès ak amablite. Pawòl yo nouri kè ou epi yo vire lòlòj ou, konsa ou pèdi direksyon, san ou pa rann ou kont, yo rale ou antre, ou dispoze pou rann yo sèvis, epi ou tounen mwayen pou yo defoule yo ak sèvitè yo. Ou pa plenyen ditou; okontrè, ou dispoze travay pou yo tankou chen, tankou chwal; yo devye w. Se poutèt sa, ou pa reyaji ditou devan travay Mwen fè a. Se pa etonan si ou toujou vle fofile kò w an kachèt pou w chape anba men Mwen, e se pa etonan si ou toujou vle sèvi ak bèl pawòl pou twonpe Mwen pou w ka jwenn favè nan men Mwen. An reyalite, ou te deja gen yon lòt plan, yon lòt aranjman. Ou ka wè yon pati tou piti nan aksyon Mwen yo antanke Toupisan an, men ou pa gen menm yon ti kras konesans sou jijman ak chatiman Mwen. Ou pa gen okenn lide kilè chatiman Mwen te kòmanse; sèl sa ou konnen se twonpe Mwen—men ou pa konnen Mwen p ap tolere okenn moun ofanse Mwen. Piske ou deja pran desizyon pou sèvi Mwen, Mwen p ap kite w chape. Mwen se yon Bondye ki rayi sa ki mal, e Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi pou limanite. Piske ou deja depoze pawòl ou sou lotèl Mwen, Mwen p ap pèmèt ou kouri ale devan je Mwen, ni Mwen p ap pèmèt ou sèvi de mèt. Èske ou te panse ou te kapab renmen yon lòt aprè ou fin depoze pawòl ou sou lotèl Mwen, devan je Mwen? Ki jan Mwen ta ka pèmèt moun fè Mwen pase pou moun sòt konsa? Èske ou te panse ou te ka fè ve ak sèman ban Mwen ak lang ou konsa, san pran sa oserye? Ki jan ou ta ka fè sèman sou twòn Mwen, twòn Mwen menm ki se Trèwo a? Èske ou te panse sèman ou yo te deja sispann egziste? Kite Mwen di nou sa: Menm si lachè nou ka disparèt, sèman nou yo pa ka disparèt. Alafen, Mwen pral kondane nou dapre sèman nou yo. Epoutan, nou kwè nou ka aji ak Mwen pou lafòm lè nou mete pawòl nou yo devan Mwen, pandan kè nou ap sèvi lespri enpi ak move lespri. Ki jan kòlè Mwen ta ka tolere twonpri moun sa yo ki tankou chen ak kochon? Mwen dwe egzekite dekrè administratif Mwen yo, epi reprann nan men lespri enpi yo tout moun sa yo ki rijid e ki “relijye,” ki kwè nan Mwen, pou yo ka “sèvi” Mwen avèk disiplin, pou yo vin bèf Mwen ak chwal Mwen, epi rete a dispozisyon Mwen pou Mwen touye yo. M ap fè w reprann rezolisyon ou te pran anvan yo epi sèvi Mwen ankò. Mwen p ap pèmèt okenn kreyati Bondye twonpe Mwen. Ou te panse ou te ka fè demann jan ou vle epi bay manti devan Mwen? Ou te panse Mwen pa t tande pawòl ou ni wè aksyon ou yo? Ki jan pawòl ak aksyon ou yo ta ka pa anba je Mwen? Ki jan Mwen ta ka janm pèmèt lèzòm twonpe Mwen konsa?

Sa fè plizyè prentan ak otòn depi Mwen ap mache nan mitan nou; sa fè lontan depi Mwen ap viv nan mitan nou, e Mwen viv ansanm avèk nou. Konbyen nan konpòtman meprizab nou yo ki te chape anba je Mwen menm pandan yo t ap fèt devan Mwen? Pawòl sensè nou yo toujou ap sonnen nan zòrèy Mwen; nou depoze plizyè milyon rezolisyon sou lotèl Mwen—tèlman anpil, yo pa menm ka konte. Epoutan, kanta devouman nou ak sa nou depanse, nou pa bay menm yon ti zuit. Nou pa mete menm yon ti gout senserite sou lotèl Mwen. Kote fwi lafwa nou gen nan Mwen an? Nou resevwa favè san fen nan men Mwen, epi nou wè mistè san fen ki nan syèl la; Mwen menm montre nou flanm dife ki nan syèl la, men Mwen pa t gen kè pou Mwen boule nou. Epoutan, konbyen nou ban Mwen an retou? Konbyen nou dispoze pou ban Mwen? Ou kenbe manje Mwen te ba ou a nan men ou, ou tounen vin ofri Mwen li, e ou menm di se yon bagay ou te resevwa an retou poutèt ou te travay di, e se tout sa ou posede ou ap ofri Mwen. Ki jan ou fè pa konnen “kontribisyon” ou ban Mwen yo tout se bagay yo te vòlè sou lotèl Mwen an? Anplis, kounye a ou pote bagay sa yo ban Mwen kòm ofrann; èske se pa twonpe w ap twonpe Mwen? Ki jan ou fè pa konnen sa Mwen jwi jodi a se tout ofrann ki sou lotèl Mwen yo, se pa sa ou te jwenn grasa travay di ou epi ou pote ban Mwen kòm ofrann? Nou menm oze twonpe Mwen konsa, donk ki jan Mwen ta ka padone nou? Ki jan nou ka atann pou Mwen kontinye sipòte sa? Mwen te ban nou tout bagay, Mwen te louvri tout bagay pou nou, Mwen te satisfè bezwen nou, e Mwen te elaji orizon nou; epoutan, nou twonpe Mwen konsa san nou pa koute konsyans nou. Mwen te ban nou tout bagay san Mwen pa chèche anyen pou tèt Mwen, yon fason, menm si nou soufri, pou nou toujou jwenn nan men Mwen tout sa Mwen te pote soti nan syèl la. Epoutan, nou pa gen okenn devouman ditou, e menm si nou bay yon ti kontribisyon, aprè sa nou eseye “fè regleman” avèk Mwen. Èske kontribisyon ou an p ap fini pa vo anyen? Sa ou ofri Mwen an se sèlman yon grenn sab, alòske sa ou mande Mwen an se yon tòn lò. Èske se pa senpleman derezonab ou derezonab? Mwen travay nan mitan nou. Pa gen menm yon tras nan dim Mwen ta dwe resevwa yo, alewè pou ta gen lòt sakrifis anplis. Anplis de sa, malfektè yo sezi dim moun ki devwe yo ofri a. Èske nou tout pa gaye lwen Mwen? Èske nou tout pa opoze ak Mwen? Èske nou tout pa detwi lotèl Mwen an? Ki jan Mwen ta ka konsidere moun konsa kòm trezò nan je Mwen? Èske se pa kochon ak chen Mwen rayi yo ye? Ki jan Mwen ta ka rele move aksyon nou yo yon trezò? Pou kiyès egzakteman Mwen fè travay Mwen an? Èske objektif travay sa a ta ka sèlman pou vide nou tout atè pou revele otorite Mwen? Èske lavi nou tout pa depann de yon sèl pawòl ki soti nan Mwen? Poukisa Mwen sèlman sèvi ak pawòl pou enstwi nou, olye Mwen fè pawòl Mwen yo tounen reyalite pou Mwen vide nou atè touswit Mwen jwenn posiblite pou m fè l? Èske objektif pawòl Mwen ak travay Mwen se sèlman pou vide moun atè? Èske Mwen se yon Bondye ki touye inosan san distenksyon? Kounye a, konbyen nan nou ki vin devan Mwen ak tout sa nou ye pou chèche chemen kòrèk lavi moun dwe swiv la? Se sèlman kò nou ki devan Mwen; kè nou yo toujou ap vagabonde, epi yo byen byen lwen Mwen. Piske nou pa konnen kisa travay Mwen an ye toutbon vre, gen yon kantite nan nou ki vle kite Mwen epi pran distans ak Mwen, nan espwa pou nou ka viv pito nan yon mond kè kontan kote pa gen ni chatiman ni jijman. Èske se pa sa lèzòm swete nan kè yo? Mwen p ap eseye fòse w. Kèlkeswa chemen ou pran, se pwòp chwa pa w. Chemen jodi a se yon chemen ki mache ansanm ak jijman ak madichon, men nou tout dwe konnen ke tout sa Mwen te ban nou—kit se jijman, kit se chatiman—se pi bon kado Mwen te akòde nou, e yo tout se bagay nou bezwen ijan.

Anvan: Travay Simaye Levanjil la se Travay pou Sove Lòm Li Ye Tou

Apre: Pawòl pou Jèn yo ak Granmoun yo

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger