Sa Sa Vle Di pou Yon Moun Se yon Vrè Moun

Jere lòm se te toujou devwa Mwen. Konkèt lòm, pi plis toujou, se yon bagay Mwen te òdone depi byen lontan, lè Mwen te kreye mond lan. Moun yo pa konnen Mwen pral konkeri lòm nèt nan dènye jou yo, ni yo pa konnen konkèt moun ki rebèl pami limanite yo se prèv ki montre Mwen bat Satan. Men, lè lènmi Mwen an t ap fè lagè avèk Mwen, Mwen te deja di l Mwen t ap konkeri moun Satan te fè prizonye epi fè yo tounen pitit li, sèvitè lwayal ki t ap veye kay li. Sans orijinal konkèt se bat, imilye; nan lang Izrayelit yo, sa vle di bat nèt, detwi, epi rann yo pa kapab reziste kont Mwen ankò. Men jodi a, lè yo itilize l nan mitan nou, sans li se konkèt. Nou ta dwe konnen entansyon Mwen se te toujou pou Mwen dechouke mechan pami limanite yo nèt, pou yo pa kapab trayi Mwen ankò, alewè pou yo ta gen souf pou dezòganize oubyen twouble travay Mwen an. Konsa, kanta pou lòm, mo sa a vin vle di konkèt. Kèlkeswa sa tèm nan vle di, travay Mwen se pou Mwen bat lèzòm. Paske kwak se vre limanite se yon akseswa nan jesyon Mwen an, pou Mwen di sa pi presi, lèzòm pa lòt ke lènmi Mwen. Lèzòm se mechan ki opoze epi rebele kont Mwen yo. Lèzòm pa lòt ke desandans mechan Mwen te modi a. Lèzòm pa lòt ke desandan akanj ki te trayi Mwen an. Lèzòm pa lòt ke eritaj dyab mechan an Mwen te deteste epi rejte depi byen lontan epi ki nan yon ostilite dirèk avèk Mwen. Paske syèl ki anlè tout limanite a twoub epi li fènwa, san menm yon ti klète, epi mond lòm nan plonje nan yon fènwa pwès, yon fason moun k ap viv ladan l lan pa kapab menm wè pla men li lonje devan je l, ni wè solèy la lè l leve tèt li. Wout ki anba pye yo a, ki plen labou epi ki chaje ak twou, fè yon pakèt koub byen kwochi; tout tè a chaje ak kadav. Kwen fènwa yo ranpli ak rès mò yo, epi foul demon tabli kò yo nan kwen ki fre epi ki gen lonbray yo. Toupatou, gwoup demon ap fè ale vini nan mitan limanite. Desandans tout kalite bèt, ki kouvri anba kras, mare nan yon gwo batay, e bri batay la fè kè moun sote. Nan epòk sa yo, nan yon mond konsa, nan yon «paradi sou latè» konsa, ki kote yon moun prale pou l chèche ti plezi lavi a? Ki kote yon moun ta ka ale pou l jwenn destinasyon lavi li? Limanite, ki te pilonnen anba pye Satan depi byen lontan, se yon aktè ki pran imaj Satan—plis pase sa, limanite se Satan an pèsòn, epi li sèvi kòm prèv k ap rann yon «temwayaj eklatan» sou Satan. Ki jan yon ras imen konsa, yon bann fatra dejenere konsa, desandan yon fanmi imen kowonpi konsa, kapab rann temwayaj sou Bondye? Ki kote glwa Mwen soti? Èske gen okenn temwayaj sou Mwen pou n ta pale de li? Paske lènmi ki kanpe kont Mwen an, epi ki te kowonp limanite a, te deja pran limanite—limanite Mwen te kreye depi byen lontan an epi ki te ranpli ak glwa Mwen ansanm ak sa Mwen ap viv la—epi li te sal yo. Li te vòlè glwa Mwen, epi tout sa li bay lòm se pwazon ki chaje anpil ak lèdè Satan ansanm ak ji fwi ki sot nan pyebwa konesans sa ki byen ak sa ki mal la. Nan kòmansman, Mwen te kreye limanite; sa vle di, Mwen te kreye zansèt limanite, Adan. Li te gen fòm ak imaj, li te ranpli ak vitalite, li te ranpli ak fòs, epi pi plis toujou, glwa Mwen te akonpaye li. Sa a se te jou gloriye kote Mwen te kreye lòm nan. Apre sa, Èv te soti nan kò Adan, epi li menm tou li te zansèt lòm. Konsa, moun Mwen te kreye yo te ranpli ak souf Mwen epi yo te debòde ak glwa Mwen. Okòmansman, Adan te «fèt» nan men Mwen epi li te reprezantasyon imaj Mwen. Konsa, sans orijinal «Adan» an se yon èt Mwen te kreye ki te ranpli ak enèji vital Mwen, ki te ranpli ak glwa Mwen, ki gen fòm ak imaj, ki gen yon lespri ak souf. Li te sèl kreyati ki te posede yon lespri ki te kapab reprezante Mwen epi pote imaj Mwen, epi ki te resevwa souf Mwen. Nan kòmansman, Èv te dezyèm èt imen ki te gen souf, e se Mwen ki te òdone kreyasyon li, donk sans orijinal «Èv» la se yon kreyati ki ta pral kontinye glwa Mwen, epi ki te ranpli ak vitalite Mwen e menm plis toujou ki te kouvri ak glwa Mwen. Èv te soti nan Adan, donk li te pote imaj Mwen tou, paske li te dezyèm moun ki te kreye nan imaj Mwen. Sans orijinal «Èv» la se yon moun vivan ki gen yon lespri, chè, ak zo. Li te dezyèm temwayaj Mwen ansanm ak dezyèm imaj Mwen nan mitan limanite. Yo te zansèt limanite, èt presye ak èt ki san melanj nan limanite, epi okòmansman yo te èt vivan ki te posede lespri. Sepandan, mechan an te pilonnen epi fè desandans zansèt limanite yo prizonye, li fè mond lòm nan plonje nan yon fènwa total, epi li fè l yon fason pou desandans lan pa kwè nan egzistans Mwen ankò. Sa ki pi abominab toujou sèke, pandan mechan an t ap kowonp moun yo epi pilonnen yo anba pye l, li te rache glwa Mwen an ak britalite, temwayaj Mwen an, vitalite Mwen te ba yo a, souf la ansanm ak lavi Mwen te soufle nan yo a, tout glwa Mwen nan mond lòm nan, ak tout efò, enèji ak sakrifis Mwen te fè pou limanite. Limanite pa nan limyè a ankò, yo pèdi tout sa Mwen te ba yo a, epi yo voye jete glwa Mwen te ba yo a. Ki jan yo kapab rekonèt Mwen se Seyè tout kreyasyon an? Ki jan yo kapab kwè nan egzistans Mwen nan syèl la? Ki jan yo kapab dekouvri manifestasyon glwa Mwen sou latè? Ki jan pitit pitit gason ak pitit pitit fi sa yo kapab pran Bondye pwòp zansèt yo te gen krentif pou li a kòm Seyè ki te kreye yo a? Pitit pitit gason ak pitit pitit fi podyab sa yo an reyalite «ofri» bay mechan an avèk anpil jenerozite glwa, imaj, ak temwayaj Mwen te bay Adan ak Èv la, ansanm ak lavi Mwen te bay limanite a epi ki fè yo kapab egziste a; epi prezans mechan an pa deranje yo ditou, epi yo ba li tout glwa Mwen nèt. Èske se pa sa menm ki sous tèm «fatra dejenere» a? Ki jan yon limanite konsa, demon mechan konsa, kadav k ap mache konsa, Satan konsa, lènmi Mwen sa yo kapab posede glwa Mwen? Mwen pral reprann glwa Mwen, reprann temwayaj Mwen nan mitan lòm, ansanm ak tout sa ki te pou Mwen okòmansman epi Mwen te bay limanite depi byen lontan yo—Mwen pral konkeri lòm nèt. Sepandan, ou ta dwe konnen moun Mwen te kreye yo se te moun ki san melanj ki te pote imaj Mwen ak glwa Mwen. Yo pa t pou Satan, ni yo pa t pilonnen anba pye li, men yo te yon manifestasyon Mwen toupi, yo pa t gen menm yon ti tras pwazon Satan. Konsa, Mwen fè tout moun konnen sa: Mwen vle sèlman sila ki san melanj yo, sa ki te kreye ak men Mwen, sa Mwen renmen e ki pa pou okenn lòt antite, epi Mwen pral pran plezi nan yo epi konsidere yo kòm glwa Mwen, sepandan, sa Mwen vle a se pa limanite Satan te kowonpi a, ki pou Satan jodi a, epi ki pa kreyasyon orijinal Mwen an ankò. Paske Mwen gen entansyon reprann glwa Mwen nan mond lòm nan, Mwen pral konkeri moun k ap siviv pami limanite yo nèt, kòm prèv glwa Mwen dèske Mwen bat Satan. Mwen pran sèlman temwayaj Mwen kòm kristalizasyon Mwen, kòm objè pou Mwen pran plezi. Sa a se entansyon Mwen.

Limanite devlope pandan plizyè dizèn milye ane rive jis jounen jodi a. Epoutan, limanite Mwen te kreye nan kòmansman an te tonbe nan dejenerasyon depi byen lontan, epi limanite pa limanite Mwen vle a ankò, e konsa, nan je Mwen, lòm sispann pote non limanite depi byen lontan. Okontrè, li se fatra dejenere limanite Satan te fè prizonye, yon vye kadav pouri k ap mache, Satan rete ladan l e Satan mete l sou li kòm rad. Lòm pa kwè nan egzistans Mwen ditou, ni li pa akeyi vini Mwen an. Limanite sèlman trete egzijans Mwen yo a kontrekè yon fason neglijan e sipèfisyèl, li aksepte yo pou yon ti tan, epi li pa vrèman pataje ni bon tan ni move tan avèk Mwen. Piske lòm wè Mwen kòm yon moun ki ensondab, li ban Mwen souri a kontrekè, sa ki revele yon konpòtman moun k ap chèche mete tèt li byen ak moun ki gen pouvwa, paske lòm pa gen okenn konesans sou travay Mwen, alewè pou l ta gen konesans sou entansyon Mwen yo kounye a. M ap onèt avèk nou: Lè jou a va rive, soufrans nenpòt moun ki adore Mwen ap pi fasil pou l sipòte pase pa nou an. An reyalite, nivo lafwa nou nan Mwen pa depase lafwa Jòb—menm lafwa Farizyen Jwif yo depase pa nou an—e konsa, si jou dife a desann, jou nou yo ap pi mal pase repwòch Farizyen yo te resevwa nan men Jezi a, pase soufrans 250 lidè ki te opoze ak Moyiz yo te sibi a, e pase gwo dife Sodòm te sibi pandan destriksyon l lan. Lè Moyiz te frape wòch la, epi dlo Jewova te bay la te soti ak fòs, se te grasa ak lafwa li. Lè David te jwe hap ak lir pou fè lwanj pou Mwen, Jewova — avèk kè l ranpli ak lajwa — se te grasa lafwa li. Lè Jòb te pèdi bèt li yo ki te plen mòn yo ansanm ak yon pakèt richès moun pa ka konte, epi kò li te vin kouvri ak gwo bouton, se te grasa lafwa li. Lè l te kapab tande vwa Mwen, Jewova, epi wè glwa Mwen, Jewova, se te grasa lafwa li. Lefètke Pyè te kapab swiv Jezi Kris, se te grasa lafwa li. Lefètke yo te kapab kloure l sou kwa a pou Mwen epi l te bay yon temwayaj gloriye, se te grasa lafwa l tou. Lè Jan te wè imaj gloriye Pitit lòm nan, se te grasa lafwa li. Lè l te wè vizyon dènye jou yo, se te pi plis toujou grasa lafwa li. Rezon ki fè swadizan pakèt lòt nasyon moun pa ka konte sa yo resevwa revelasyon Mwen, epi yo vin konnen Mwen retounen nan lachè pou Mwen fè travay Mwen nan mitan lòm, se grasa lafwa yo tou. Tout moun ki frape anba pawòl di Mwen yo epoutan ki jwenn konsolasyon nan sa epi ki sove — èske se pa grasa lafwa yo ki fè sa rive? Moun ki kwè nan Mwen men epoutan k ap soufri anba difikilte yo, èske mond lan pa t rejte yo tou? Moun k ap viv andeyò pawòl Mwen yo epi k ap kouri pou soufrans eprèv la, èske yo tout p ap flote toupatou nan mond lan? Yo tankou fèy otòn k ap flote pasi pala, san yo pa gen okenn kote pou yo repoze, alewè pou yo ta gen pawòl konsolasyon Mwen yo. Malgre chatiman ak rafinman Mwen yo pa swiv yo, èske yo pa tankou mandyan k ap pwonmennen sot yon kote al nan yon lòt, k ap flannen nan lari andeyò wayòm syèl la? Èske mond lan se vrèman kote pou ou repoze? Èske, lè ou evite chatiman Mwen an, ou kapab vrèman jwenn menm yon ti souri satisfaksyon nan mond lan? Èske ou kapab vrèman itilize plezi ki pa dirab ou a pou kouvri vid ki nan kè ou la, vid ki pa ka kache a? Ou ta kapab twonpe tout moun nan fanmi ou, men ou p ap janm kapab twonpe Mwen. Paske lafwa ou twò piti, ou menm, jis jounen jodi a, toujou pa kapab jwenn lajwa pou viv la. Men egzòtasyon Mwen pou ou: Olye ou pase tout lavi ou nan medyokrite pou lachè, ap sipòte tout soufrans yon moun ka apèn sipòte, li t ap pi bon pou ou pase mwatye lavi ou ap bay tout ou menm toutbonvre pou Mwen. Ki sa sa ap itil pou ou bay tèt ou valè konsa epi kouri pou chatiman Mwen an? Ki sa sa ap itil pou ou kache tèt ou pou evite chatiman Mwen an ki la pou yon ti moman sèlman pou ou rekòlte yon wont k ap dire pou letènite, yon chatiman k ap dire pou letènite? Mwen pa fòse egzijans Mwen yo sou lòm. Si yon moun dispoze vrèman pou l soumèt devan tout aranjman Mwen yo, Mwen pa t ap trete l mal. Men Mwen mande pou tout moun kwè nan Mwen, menm jan Jòb te kwè nan Mwen, Jewova. Si lafwa nou depase lafwa Toma, lè sa a lafwa nou ap jwenn apwobasyon Mwen, lwayote nou ap fè Mwen plezi, epi san mank n ap jwenn glwa Mwen nan jou nou yo. Sepandan, moun ki kwè nan mond lan epi ki kwè nan dyab mechan an gen kè di, menm jan ak foul moun nan vil Sodòm yo, ak grenn sab van pote nan je yo ansanm ak ofrann dyab mechan an bay nan bouch yo, epi lespri twoub yo te tonbe depi lontan anba kontwòl mechan an ki te akapare mond lan. Panse yo prèske tonbe nèt kòm prizonye anba dyab mechan ki la depi tan lontan an. E konsa, lafwa limanite ale ak van an, epi yo pa menm kapab remake travay Mwen an. Sèl sa yo kapab fè se fè yon ti tantativ fèb pou yo trete travay Mwen an yon fason neglijan e sipèfisyèl oswa pou analize l an gwo, paske yo te deja tonbe anba anpriz pwazon Satan an depi byen lontan.

Mwen konkeri limanite paske se Mwen ki te kreye moun yo e, anplis, yo te jwi tout bagay abondan kreyasyon Mwen yo, epoutan yo te rejte Mwen tou, yo pa gen okenn plas pou Mwen nan kè yo, yo wè Mwen tankou yon fado pou egzistans yo, epi menm apre yo fin wè Mwen aklè, yo toujou rejte Mwen epi yo kase tèt yo ap chèche tout mwayen posib pou yo «bat» Mwen. Moun yo pa pèmèt Mwen pran yo oserye ni fè egzijans strik sou yo, ni yo pa pèmèt Mwen jije oswa chatye enjistis yo. Olye yo wè sa kòm yon bagay ki nouvo, sa ba yo degoutans. E konsa, travay Mwen se pran limanite ki manje, bwè, epi jwi Mwen men ki pa konnen Mwen an, epi bat yo, fè yo jete zam yo epi kouri ak wont. Apre sa, M ap pran zanj Mwen yo, M ap pran glwa Mwen, epi Mwen pral retounen nan kote Mwen rete a. Aksyon moun yo te gentan kase kè Mwen depi byen lontan epi kraze travay Mwen an an miyèt moso, donk Mwen gen entansyon reprann glwa mechan an te pran an anvan Mwen ale ak kè kontan, kite limanite kontinye viv lavi yo, kontinye «viv ak travay nan lapè ak satisfaksyon», kontinye «kiltive pwòp jaden yo», epi Mwen p ap mele nan lavi yo ankò. Men kounye a Mwen gen entansyon reprann glwa Mwen nèt sot nan men mechan an, reprann tout glwa nèt Mwen te fòme anndan lòm lè Mwen t ap kreye mond lan. Mwen p ap janm bay ras imen ki sou latè a glwa sa a ankò. Paske moun yo non sèlman pa t konsève glwa Mwen, men yo te boukante l pou imaj Satan. Moun yo pa bay vini Mwen an valè, ni yo pa apresye jou glwa Mwen an. Yo pa kontan aksepte chatiman Mwen, alewè pou yo ta dispoze remèt Mwen glwa Mwen, ni yo pa dispoze voye pwazon mechan an jete. Limanite kontinye twonpe Mwen menm jan yo te toujou konn fè l la, moun yo toujou mete bèl souri ak vizaj kontan menm jan yo te toujou konn fè l la. Yo pa okouran gwo fènwa ki pral desann sou limanite apre glwa Mwen fin kite yo. An patikilye, yo pa konnen lè jou Mwen an rive sou tout limanite, l ap pi rèd pou yo toujou pase pou moun nan epòk Noe yo, paske yo pa konnen nan ki pwen Izrayèl te vin fè nwa lè glwa Mwen te kite li, paske lè jou ap kase lòm bliye jan l te difisil pou l pase lannuit ki te fè nwa kou lank la. Lè solèy la kache ankò epi fènwa desann sou lòm, l ap kriye ankò epi l ap griyen dan l nan fènwa a. Èske nou bliye, lè glwa Mwen te kite Izrayèl, jan l te difisil pou Izrayelit yo te sipòte jou soufrans sa yo? Kounye a se moman kote nou wè glwa Mwen, epi se moman tou kote nou pataje jou glwa Mwen an. Lòm ap kriye nan mitan fènwa a lè glwa Mwen kite tè sal la. Kounye a se jou glwa kote M ap fè travay Mwen an, epi se jou kote Mwen epanye limanite anba soufrans, paske Mwen p ap pataje moman touman ak soufrans yo avèk yo. M ap sèlman konkeri limanite nèt, epi bat mechan ki nan mitan limanite yo nèt.

Anvan: Kisa Konpreyansyon Ou de Bondye Ye?

Apre: Kisa Ou Konnen sou Lafwa?

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger