Chapit 34

Bondye Toupisan an se vrè Bondye ki gen tout pouvwa, ki reyalize tout bagay, epi ki konplè nèt ale! Li pa sèlman kenbe sèt zetwal yo, Li gen sèt Lespri yo, Li gen sèt je yo, Li louvri sèt so yo ak woulo liv la; men, anplis, se Li ki dirije sèt flewo yo ak sèt koup yo, epi ki revele sèt loraj yo. Depi lontan, Li te fè sèt twonpèt yo sonnen tou! Tout bagay Li te kreye yo ak tout sa Li te fè vin pafè dwe fè lwanj Li, bay Li glwa, epi leve twòn Li byen wo. O Bondye Toupisan! Ou se tout bagay. Ou fin fè tout bagay vin pafè, epi avèk Ou, tout bagay pafè, tout bagay klere, tout bagay libere, tout bagay lib, tout bagay gen fòs ak pouvwa! Pa gen anyen ki kache oswa ki kouvri ditou; avèk Ou, tout mistè yo devwale. Anplis, Ou jije kantite lènmi Ou yo, Ou revele majeste Ou, Ou manifeste dife Ou ki devore tout bagay, Ou montre kòlè Ou, e plis toujou, Ou montre tout glwa Ou ki san parèy, ki etènèl, ki san limit! Bann ak paket pèp Bondye chwazi yo dwe reveye, rele ak kè kontan epi chante ak tout fòs yo, pou yo fè lwanj vrè Bondye gloriye sa a, ki gen tout pouvwa, ki vrè nèt, ki vivan nèt, ki gen abondans, depi letènite pou rive letènite. Se pou yo toujou egzalte twòn Li an, epi toujou pwoklame non sen Li an epi glorifye Li. Sa a se entansyon etènèl Bondye mwen an, epi se yon benediksyon san limit Li fè parèt aklè epi Li ba nou! Kiyès nan nou ki pa eritye benediksyon sa a? Pou eritye benediksyon Bondye a, nou dwe egzalte non sen Li an epi vin antoure twòn Li pou adore Li. Tout moun ki parèt devan Li ak lòt motivasyon oswa lòt entansyon pral fonn nan dife Li ki devore tout bagay la. Jodi a se jou yo pral jije lènmi Li yo, e se jou sa tou yo pral peri. Anplis, se jou sa a kote Mwen menm, Bondye Toupisan an, pral parèt aklè epi jwenn glwa ak onè. O tout pèp! Leve vit pou fè lwanj epi akeyi Bondye Toupisan an, ki depi nan tan lontan rive jouk letènite voye bonte lanmou Li ban nou, ba nou delivrans, ak benediksyon, fè pitit Li yo vin pafè, epi reyalize wayòm Li a! Sa a se bèl aksyon Bondye! Sa a se predestinasyon ak plan etènèl Bondye a—Li menm te vini pou sove nou, fè nou vin pafè, epi mennen nou nan glwa.

Tout moun ki pa leve kanpe pou rann temwayaj se zansèt avèg yo ak wa moun san konprann yo. Yo pral tounen moun enbesil pou tout tan, moun ki pèdi tèt yo pou tout tan, moun ki mouri avèg pou tout tan. Se poutèt sa, lespri nou dwe reveye! Tout pèp Bondye chwazi yo dwe leve kanpe! Nou dwe rele ak kè kontan, fè lwanj, epi glorifye san rete Wa glwa a, Papa mizèrikòd la, Pitit delivrans lan, sèt Lespri ki gen anpil abondans yo, Bondye Toupisan an ki pote majeste, dife ki devore tout bagay, jistis ak jijman, epi ki gen abondans san limit, ki sifi pou tout bagay, ki gen tout sa ki nesesè, ki gen tout pouvwa epi ki pafè nèt ale. Se pou twòn Li egzalte pou tout tan! Tout pèp Bondye chwazi yo dwe wè sa: se sajès Bondye, se mwayen ekstraòdinè Li bay pou sove, se akonplisman volonte Li ki gen glwa! Si nou toujou pa leve kanpe pou rann temwayaj, lè peryòd sa a fin pase, pa gen okenn posibilite retounen. Si n ap resevwa benediksyon oswa si n ap jwenn malè, sa ap detèmine selon sa nou fè, sa nou panse, ak fason nou viv pandan peryòd sa a—pandan etap sa a nan vwayaj la. Ki jan nou dwe aji? Rann temwayaj pou Bondye epi egzalte Li pou tout tan; egzalte Bondye Toupisan an, Kris dènye jou yo—sèl vrè Bondye a pou tout letènite!

Depi kounye a, nou dwe wè aklè ke tout moun ki pa rann temwayaj pou Bondye—ki pa rann temwayaj pou sèl vrè Bondye sa a—ansanm ak moun ki gen dout sou Li, tout se moun malad, moun mouri, ak moun ki opoze ak Bondye yo! Pawòl Bondye yo deja pwouve depi nan tan lontan ke tout moun ki pa rasanble ansanm ak Mwen ap gaye, epi tout moun ki pa ann akò avèk Mwen se lènmi Mwen—sa a se yon verite yo pa ka demanti e ki p ap janm chanje! Moun ki pa rann temwayaj pou Bondye se sèvitè Satan. Moun sa yo vini pou deranje ak twonpe pitit Bondye yo, epi pou deranje jesyon Li; yo dwe trete ak yon epe byen file! Nenpòt moun ki montre yo jantiyès ap lakòz pwòp destriksyon li. Nou dwe koute pawòl Lespri Bondye a epi kwè yo, mache sou chemen Lespri Bondye a, epi viv pawòl Lespri Bondye a. Plis toujou, nou dwe egzalte twòn Bondye Toupisan an jouk nan fen tan an!

Bondye Toupisan an se Bondye sèt Lespri yo! Se Li menm tou ki gen sèt je yo ak sèt zetwal yo; se Li ki louvri sèt so yo, epi woulo liv la dewoule nèt anba men Li! Li fè sèt twonpèt yo sonnen, epi sèt koup yo ak sèt flewo yo nan men Li, pou Li lage yo jan Li vle. O, sèt loraj ki te toujou sele yo! Lè pou revele yo rive! Li ki revele sèt loraj yo deja parèt devan je nou!

O Bondye Toupisan! Avèk Ou, tout bagay libere epi vin lib; pa gen okenn difikilte, epi tout bagay dewoule san pwoblèm! Pa gen anyen ki oze bloke Ou oswa anpeche Ou avanse; tout bagay soumèt devan Ou. Nenpòt moun ki pa soumèt ap mouri!

O Bondye Toupisan, Bondye ki gen sèt je yo! Tout bagay klè nèt, tout bagay klere epi pa gen anyen ki kache; tout bagay parèt aklè epi tout bagay devwale. Avèk Li, tout bagay klè tankou kristal. Se pa sèlman Bondye Li menm ki konsa, men pitit gason Li yo tou. Pa gen okenn moun, okenn bagay, okenn evènman ki ka kache devan Li ak pitit gason Li yo!

Sèt zetwal Bondye Toupisan an klere anpil! Li fè legliz la vin pafè; Li nome mesaje legliz Li yo, epi tout legliz la anba swen Li. Se Li ki louvri sèt so yo nèt, epi se Li menm sèlman ki akonpli plan jesyon Li a ak volonte Li. Woulo liv la se langaj espirityèl misterye ki gen rapò ak jesyon Li a; Li te deja dewoule l epi fè l parèt aklè!

Tout pèp yo dwe koute sèt twonpèt Li yo ki sonnen fò. Avèk Li, moun vin konnen tout bagay; pa gen anyen k ap rete kache ankò, pa gen tristès ankò. Tout bagay devwale, epi tout bagay pote viktwa!

Sèt twonpèt Bondye Toupisan an se twonpèt ki fè tout bagay parèt aklè, ki gen glwa epi ki pote viktwa! Yo se twonpèt ki jije lènmi Li yo tou! Nan mitan viktwa Li a, kòn Li ap leve byen wo! Li dirije tout linivè a!

Li deja prepare sèt koup flewo yo; lènmi Li yo se sib yo, epi Li vide yo nèt, jouk nan dènye limit. Dife Li ki devore tout bagay la ap devore tout lènmi yo. Otorite Bondye Toupisan an montre pouvwa li, epi tout lènmi Li yo detwi. Sèt dènye loraj yo pa rete sele ankò devan Bondye Toupisan an; yo devwale tout! Yo devwale tout! Li frape lènmi Li yo ak sèt loraj yo jouk yo mouri, Li fè tè a vin estab epi sèvi Li, san li pa rete vid ankò!

O Bondye Toupisan ki jis! Nou fè lwanj Ou pou tout tan! Ou merite lwanj san fen, ansanm ak aklamasyon ak glorifikasyon san fen! Sèt loraj Ou yo pa sèlman pou jijman Ou, men plis toujou pou glwa Ou ak otorite Ou, epi pou tout bagay vin akonpli!

Bann ak pakèt pèp Bondye chwazi yo ap fete devan twòn nan, y ap egzalte epi glorifye Bondye Toupisan an, Kris dènye jou yo! Vwa yo fè tout linivè a tranble tankou loraj! Se grasa Li tout bagay egziste, epi tout bagay pran nesans akoz de Li. Kiyès ki ta oze pa bay Li tout glwa, tout onè, tout otorite, tout sajès, tout sentete, tout viktwa, epi tout sa ki devwale nèt ba Li? Sa a se akonplisman volonte Li, se finisman travay Li nan bati ak dirije a!

Anvan: Chapit 26

Apre: Chapit 36

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger