Deklarasyon kris nan kòmansman—Chapit 1

Louwanj rive jwenn Siyon epi kote Bondye rete a parèt. Non sen ak gloriye a, non gwo foul moun Bondye chwazi yo ap fè lwanj pou li a, ap pwopaje. A, Bondye ki gen tout pouvwa a! Chèf linivè a, Kris dènye jou yo—Li se Solèy klere ki leve sou tout linivè, k ap domine sou majeste ak grandè Mòn Siyon an.

Bondye ki gen tout pouvwa a! Nou rele Ou ak anpil kè kontan; nou danse epi nou chante. Se Ou menm ki redanmtè nou tout bon vre, gran Wa linivè a! Ou fè yon gwoup venkè epi ou akonpli plan jesyon Bondye a. Gwo foul moun Bondye chwazi yo ap rasanble sou montay sa a. Yo gen pou yo mete ajenou devan twòn nan! Se Ou menm sèl ki Bondye tout bon epi Ou merite glwa ak lonè. Tout glwa, louwanj, ak otorite se pou twòn nan! Sous lavi a koule soti nan twòn nan, li wouze epi li bay tout pèp Bondye a manje. Lavi nou chanje chak jou; nouvo limyè ak revelasyon suiv nou, pou ofri nou yon nouvo konpreyansyon sou Bondye san rete. Nan mitan eksperyans yo, nou rive gen sètitid konplè sou Bondye. Pawòl Li yo toujou parèt aklè, parèt aklè nan moun ki dwat yo. Nou sitèlman beni! Nou rankontre Bondye fasafas chak jou, nou kominye ak Bondye nan tout bagay, epi nou kite Bondye pran kontwòl tout bagay. Nou medite sou pawòl Bondye avèk anpil atansyon, kè nou rete trankil nan Bondye, alò nou vin devan Bondye, kote nou resevwa ekleraj Li. Chak jou, nan lavi nou, aksyon nou, pawòl nou, panse nou, ak lide nou, nou viv nan pawòl Bondye, epi nou an mezi pou disène bagay yo tout tan. Pawòl Bondye gide fil la nan eguiy la; sanzatann, bagay ki kache anndan nou parèt aklè, youn apre lòt. Kominyon ak Bondye pa ka tann; Bondye fè panse nou ak lide nou parèt aklè. Chak moman n ap viv devan fòtèy Kris kote nou sibi jijman. Satan kontinye okipe tout kote nan kò nou. Jodi a, pou retabli otorite Bondye kòm Wa, fòk tanp Li a pirifye. Nou dwe angaje nou nan yon lit ant lavi ak lanmò pou Bondye ka okipe nou nèt ale. Se sèlman lè ansyen moun nou te ye avan an krisifye, lavi resisite Kris la ka renye ak otorite siprèm.

Kounye a, Sentespri a ap lanse yon atak nan tout ti kwen nan nou pou Li goumen pou rekipere nou! Toutotan nou pare pou n renonse ak tèt nou epi dispoze pou kolabore ak Bondye, se sèten Bondye ap klere nou epi pirifye kè nou nan tout sikonstans, epi reprann sa Satan te okipe, pou Bondye ka rann nou konplè pi vit posib. Pa gaspiye tan—viv chak moman nan Pawòl Bondye. Se pou Bondye bati nou ansanm ak sen yo, mennen nou antre nan wayòm Li an, epi fè nou antre nan laglwa ansanm avèk Li.

Apre: Nan lafwa ou nan Bondye ou dwe obeyi Bondye

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger