Vizyon Travay Bondye a (1)

Jan te travay pandan sèt ane pou Jezi, epi li te deja prepare chemen an lè Jezi te rive. Anvan sa, levanjil wayòm syèl la Jan t ap preche a te simaye atravè tè a; li te gaye nan tout Jide, epi tout moun te rele l yon pwofèt. Nan epòk sa a, Wa Ewòd te vle touye Jan, poutan li pa t oze fè sa, paske pèp la te gen anpil konsiderasyon pou Jan, epi Ewòd te pè pou pèp la pa t revòlte kont li si l te touye Jan. Travay Jan te fè a te pran rasin nan mitan pèp la, epi li te konvenk tout Jwif yo. Pandan sèt ane, li t ap prepare chemen an pou Jezi, rive jouk nan moman Jezi te kòmanse akonpli ministè Li a. Pou rezon sa, Jan te pi gran pase tout lòt pwofèt yo. Se sèlman apre yo te fin mete Jan nan prizon Jezi te kòmanse travay ofisyèl Li a. Anvan Jan, pa t janm gen yon pwofèt ki te prepare chemen an pou Bondye, paske anvan Jezi, Bondye pa t janm vin lachè. Konsa, pami tout pwofèt ki te egziste yo rive jis sou Jan, se li menm sèl ki te prepare chemen an pou Bondye enkane, epi nan fason sa a, Jan te vin tounen pi gran pwofèt nan Ansyen ak Nouvo Testaman yo. Jan te kòmanse preche levanjil wayòm syèl la toupatou sèt ane anvan batèm Jezi a. Pou moun yo, travay li te fè a te sanble depase travay Jezi t ap vin fè apre a, epoutan, malgre sa, li te toujou yon pwofèt sèlman. Li pa t travay ni li pa t pale anndan tanp lan, men pito nan vil ak ti vilaj ki te andeyò l yo. Natirèlman, li te fè sa nan mitan pèp Jwif la, sitou nan mitan sa ki te pòv yo. Jan te raman antre an kontak ak moun ki te nan pi gwo klas nan sosyete a, epi se sèlman nan mitan moun òdinè Jide a li te konn preche levanjil la toupatou pou l te prepare moun ki apwopriye yo pou Seyè Jezi, epi pou l prepare kote ki apwopriye pou Li travay. Grasa yon pwofèt tankou Jan pou prepare chemen an, Seyè Jezi te kapab antre dirèkteman nan chemen Li, ki mennen sou kwa a kou Li te rive. Lè Bondye te vin lachè pou akonpli travay Li a, Li pa t gen pou Li fè travay chwazi moun yo, ni Li pa t bezwen chèche moun Li menm pèsonèlman, ni chèche yon kote pou Li travay. Li pa t gen pou L fè kalite travay sa a lè Li te vini; moun ki apwopriye a te deja prepare bagay sa yo pou Li depi anvan Li te rive. Jan te deja fin akonpli travay sa a anvan Jezi te kòmanse travay pa Li a, paske lè Bondye enkane te rive pou akonpli travay Li a, Li te kòmanse travay dirèkteman sou moun ki t ap tann Li depi lontan yo. Jezi pa t vini pou Li fè travay lòm gen pou l fè pou korije bagay yo. Li te vin sèlman pou Li akonpli ministè Li te gen pou Li akonpli a; tout lòt bagay yo pa t gen okenn rapò avèk Li. Lè Jan te vini, sèl sa li te fè se te rasanble, pami moun ki te nan tanp la ak pami Jwif yo, yon gwoup moun ki te aksepte levanjil wayòm syèl la, yon fason pou yo te kapab tounen moun Seyè Jezi ap travay sou yo a. Jan te travay pandan sèt ane, ki vle di li te preche levanjil la pandan sèt ane. Pandan li t ap akonpli travay li a, Jan pa t fè anpil mirak, paske misyon li se te prepare chemen an; travay li se te travay preparasyon. Tout lòt travay yo, travay Jezi ta pral akonpli yo, pa t gen okenn rapò avèk li ditou; li te sèlman mande moun yo pou yo konfese peche yo epi repanti, epi li te batize yo, yon fason pou yo te kapab jwenn redanmsyon. Menmsi li te akonpli yon nouvo travay epi li te louvri yon chemen lòm pa t janm mache sou li anvan, li te sèlman prepare chemen an pou Jezi. Li te senpleman yon pwofèt ki t ap akonpli travay preparasyon an, epi li pa t gen kapasite pou akonpli travay Jezi a. Menmsi Jezi pa t premye moun ki te preche levanjil wayòm syèl la, epi menmsi Li te kontinye nan chemen Jan te kòmanse trase a, toujou pa t gen okenn lòt moun ki te kapab akonpli travay Li a, epi travay Li a te depase travay Jan an. Jezi pa t kapab prepare pwòp chemen pa Li; travay Li a te akonpli dirèkteman nan non Bondye. Se poutèt sa, kèlkeswa kantite ane Jan te travay, li te toujou rete yon pwofèt, epi li te toujou yon moun ki te prepare chemen an. Twa ane travay Jezi te fè yo te depase sèt ane travay Jan te fè yo, paske esans travay Li a pa t menm ak pa Jan an. Lè Jezi te kòmanse akonpli ministè Li a, ki se moman travay Jan an te rive nan bout li tou, Jan te deja prepare ase moun ak ase kote pou Seyè Jezi te kapab sèvi ak yo, epi yo te sifi pou Seyè Jezi te akonpli twa ane travay Li a. E konsa, kou travay Jan an te fini, Seyè Jezi te kòmanse pwòp travay pa Li ofisyèlman, epi pawòl Jan te pwononse yo pa t gen valè ankò. Se paske travay Jan te fè a se te sèlman pou tranzisyon an, epi pawòl li yo pa t pawòl lavi ki t ap mennen lòm nan yon nouvo kwasans; alafen, pawòl li yo te sèvi pou yon ti tan sèlman.

Travay Jezi te fè a pa t yon bagay ki te fèt yon fason sinatirèl; te gen yon pwosesis ladan li, epi tout bagay te pwogrese selon lwa nòmal bagay yo. Nan sis dènye mwa lavi Li, Jezi te konnen Li te vrèman vin fè travay sa a, epi Li te konnen Li te vin pou yo kloure Li sou kwa a. Anvan yo te kloure Li sou kwa a, Jezi te toujou ap priye Bondye Papa a, pa egzanp, twa priyè Li te fè nan Jaden Jetsemani an. Apre yo te fin batize Li, Jezi te akonpli ministè Li pandan twazan edmi, epi travay ofisyèl Li a te dire dezan edmi. Pandan premye ane a, Satan te akize Li, lòm te twouble Li, epi li te sibi eprèv lòm te fè Li pase. Pandan Li t ap akonpli travay Li a, Li te simonte anpil eprèv. Nan sis dènye mwa yo, lè moman pou yo te kloure Jezi sou kwa a te prèske rive, se nan bouch Pyè pawòl ke Li se Pitit gason Bondye vivan an, ke Li se Kris la te soti. Se sèlman lè sa a lòm te vin konnen travay Li t ap akonpli a, epi se sèlman lè sa a idantite Li te revele bay piblik la. Apre sa, Jezi te di disip Li yo yo te gen pou kloure Li sou kwa a poutèt lòm, twa jou apre Li t ap resisite, Li te vini pou Li reyalize travay redanmsyon an, epi Li se Sovè a. Se sèlman nan sis dènye mwa yo Li te revele idantite Li ak travay Li te gen entansyon akonpli a. Se te moman Bondye tou, epi se konsa travay la te dwe akonpli. Nan epòk sa a, yon pati nan travay Jezi te ann akò ak Ansyen Testaman an, ansanm ak pawòl Jewova yo pandan Epòk Lalwa a ak lwa Moyiz yo. Jezi te itilize tout bagay sa yo pou fè yon pati nan travay Li a. Li te preche pèp la epi Li te anseye yo nan sinagòg yo, epi Li te sèvi ak pwofesi pwofèt ki nan Ansyen Testaman yo pou reprimande Farizyen ki te lènmi Li yo, epi Li te sèvi ak pawòl ki nan Ekriti yo pou ekspoze rebelyon yo e konsa, pou kondane yo. Paske yo te deteste sa Jezi te fè; an patikilye, yon gwo pati nan travay Jezi a pa t akonpli selon lwa ki nan Ekriti yo, e anplis, sa Li te anseye a te depase pwòp pawòl pa yo, epi li te menm depase sa pwofèt ki nan Ekriti yo te predi a. Travay Jezi a te sèlman poutèt redanmsyon lòm epi pou krisifiksyon an, kidonk Li pa t bezwen di plis pawòl pou Li te ka konkeri okenn moun. Yon gwo pati nan sa Li te anseye lòm yo te soti nan pawòl Ekriti yo, epi menmsi travay Li a pa t depase Ekriti yo, Li te kapab akonpli travay krisifiksyon an kanmenm. Travay Li a pa t travay pawòl la, ni se pa t travay ki te fèt nan objektif pou konkeri limanite, men se te travay ki te fèt pou rachte limanite. Li te sèlman aji kòm ofrann pou peche limanite, epi Li pa t aji kòm sous pawòl la pou limanite. Li pa t fè travay moun lòt nasyon yo, ki te travay pou konkeri lòm nan, men Li te fè travay krisifiksyon an pito, yon travay ki te fèt nan mitan moun ki te kwè te gen yon Bondye. Menmsi travay Li a te reyalize sou fondasyon Ekriti yo, epi menmsi Li te itilize sa ansyen pwofèt yo te predi pou kondane Farizyen yo, sa te sifi pou Li konplete travay krisifiksyon an. Si travay jodi a te toujou ap reyalize sou fondasyon pwofesi ansyen pwofèt ki nan Ekriti yo, ebyen, li t ap enposib pou konkeri nou, paske Ansyen Testaman an pa gen okenn dosye sou rebelyon ak peche nou menm moun Chinwa, epi pa gen okenn istwa sou peche nou yo. Kidonk, si travay sa a te ret nan Bib la toujou, nou pa t ap janm soumèt. Bib la rapòte sèlman yon istwa limite sou Izrayelit yo, yon istwa ki pa kapab detèmine si nou bon oswa si nou move, ni li pa kapab jije nou. Imajine Mwen ta jije nou selon istwa Izrayelit yo — èske nou t ap toujou swiv Mwen jan nou fè sa jodi a? Èske nou konnen nan ki pwen li difisil pou fonksyone avèk nou? Si pa t gen okenn pawòl ki te pwononse nan etap sa a, lè sa a, li t ap enposib pou konplete travay konkèt la. Paske Mwen pa t vini pou yo kloure Mwen sou kwa a, Mwen dwe pwononse pawòl ki andeyò Bib la, yon fason pou yo konkeri nou. Travay Jezi te fè a se te senpleman yon etap ki te pi wo pase Ansyen Testaman an; yo te sèvi avè l pou kòmanse yon epòk, epi pou dirije epòk sa a. Poukisa Li te di: «Mwen pa vin aboli lalwa, men pou Mwen akonpli lalwa a»? Epoutan, nan travay Li a, te gen anpil bagay ki te diferan ak lwa Izrayelit ki nan Ansyen Testaman yo te pratike e ak kòmandman yo te swiv yo, paske Li pa t vin pou Li obeyi lalwa a, men pou Li akonpli l. Pwosesis pou akonpli l la te gen anpil bagay pratik ladan l: travay Li a te pi pratik epi li te pi reyalis, e anplis, li te pi vivan, epi li pa t atachman strik ak règleman. Èske Izrayelit yo pa t konn obsève jou Saba a? Lè Jezi te vini, Li pa t obsève jou Saba a, paske Li te di Pitit lòm nan se te Seyè Saba a, epi lè Seyè Saba a te rive, Li t ap fè sa L te vle. Li te vini pou Li akonpli lwa Ansyen Testaman yo epi pou Li chanje lwa yo. Tout sa k ap fèt jodi a baze sou prezan an, epoutan li toujou repoze sou fondasyon travay Jewova nan Epòk Lalwa a, epi li pa depase limit sa a. Veye lang ou, epi pa fè adiltè, pa egzanp — èske sa yo se pa lwa Ansyen Testaman an? Jodi a, sa yo egzije nou an pa limite sèlman a Dis Kòmandman yo, men li gen ladan l kòmandman ak lwa ki nan yon nivo ki pi wo pase sa ki te vin anvan yo. Epoutan, sa pa vle di sa ki te vin anvan an aboli, paske chak etap nan travay Bondye reyalize sou fondasyon etap ki te vin anvan an. Kanta pou travay Jewova te fè ann Izrayèl nan moman sa a, tankou mande pèp la ofri sakrifis, onore paran yo, pa adore zidòl, pa frape ni joure lòt moun, pa fè adiltè, pa fimen ni bwè, epi pa manje bagay mouri ni bwè san — èske sa pa fòme fondasyon pou pratik nou menm jodi a? Se sou fondasyon tan pase a travay la te reyalize rive jis jodi a. Menmsi yo pa mansyone lwa tan pase yo ankò epi yo fè nouvo egzijans pou ou, lwa sa yo pa aboli ditou, okontrè yo leve pi wo. Di yo te aboli vle di epòk anvan an demode, alòske gen kèk kòmandman ou dwe onore pou tout letènite. Kòmandman tan pase yo deja an pratik, yo deja tounen sa lòm ye, epi pa gen okenn nesesite pou mete aksan espesyal sou kòmandman tankou «Pa fimen,» «Pa bwè,» elatriye. Sou fondasyon sa a, yo tabli nouvo kòmandman selon bezwen nou jodi a, selon nivo espirityèl nou, epi selon travay jodi a. Pibliye kòmandman pou nouvo epòk la pa vle di aboli kòmandman ansyen epòk yo, men pito leve yo pi wo sou fondasyon sa a, pou fè aksyon lòm vin pi konplè, epi pi pratik. Si, jodi a, yo te egzije nou pou nou swiv kòmandman yo epi obeyi lwa Ansyen Testaman yo sèlman, epi pou nou aji menm jan ak Izrayelit yo, e si yo te menm mande nou pou nou memorize lwa Jewova te tabli yo, pa t ap gen okenn posiblite pou nou chanje. Si se te pou nou sèlman obeyi kèk ti kòmandman limite sa yo oswa memorize yon pil lwa moun pa ka konte, ansyen dispozisyon nou an t ap rete anrasinen byen fon, epi pa t ap gen okenn fason pou derasinen li. Konsa nou t ap vin kòwonpi pi plis chak jou, epi pa gen youn nan nou ki t ap vin soumèt. Sa vle di, kèk kòmandman senp oswa anpil lwa moun pa ka konte pa kapab ede nou konnen zèv Jewova yo. Nou pa menm jan ak Izrayelit yo: Se nan swiv lwa yo epi memorize kòmandman yo sèlman, yo te kapab wè zèv Jewova yo ak je yo epi bay Li menm sèl lwayote yo. Men nou pa kapab akonpli sa ditou, epi kèk kòmandman epòk Ansyen Testaman an non sèlman pa kapab fè nou remèt kè nou, oswa pwoteje nou, men okontrè y ap fè nou vin lach, epi y ap fè nou tonbe kote mò yo ye a. Paske travay Mwen an se travay konkèt la, epi li vize rebelyon nou ak ansyen dispozisyon nou an. Bèl pawòl Jewova ak Jezi yo pa rive nan pye pawòl jijman ki di jodi a. San pawòl di konsa, li t ap enposib pou konkeri nou menm, «ekspè» yo, ki te rebèl pandan plizyè milye ane. Lwa Ansyen Testaman yo te pèdi pouvwa yo sou nou depi lontan, epi jijman jodi a pi redoutab pase lwa nan epòk sa a. Sa ki pi apwopriye pou nou se jijman, se pa ti kontrent lwa yo, paske nou pa limanite ki te la okòmansman an, men nou se yon limanite ki te kòwonpi pandan plizyè milye ane. Sa yo egzije lòm pou l reyalize kounye a baze sou vrè eta lòm nan jodi a, selon kalib ak nivo espirityèl reyèl lòm jodi a, epi yo pa mande ou pou swiv règleman. Sa, se pou chanjman ka reyalize nan ansyen dispozisyon ou an, epi yon fason pou ou kapab abandone konsepsyon ou yo. Èske ou panse kòmandman yo se règleman? Ou ta ka di, yo se egzijans nòmal yo fè lòm. Yo pa règleman ou dwe swiv. Pran kesyon pa pèmèt ou fimen, pa egzanp — èske sa se yon règleman? Li pa yon règleman! Se limanite nòmal ki mande l; li pa yon règleman, men se yon bagay yo fikse pou tout limanite nèt. Jodi a, douzèn kòmandman yo mete deyò yo pa règleman nonplis; se yo ki nesesè pou atenn limanite nòmal. Moun yo pa t posede bagay konsa nan tan lontan epi yo pa t konnen yo, e konsa yo egzije moun yo atenn yo jodi a, epi bagay sa yo pa konte kòm règleman. Lwa pa reprezante règleman. Règleman Mwen pale yo se an referans ak seremoni, fòmalite oswa pratik defòme lòm yo; yo se pwotokòl ki pa itil lòm anyen. Règleman sa yo pa gen okenn benefis pou lòm; yo se fason pou aji ki pa gen okenn sans. Sa a se reprezantasyon pafè yon règleman, epi règleman sa yo dwe aboli, paske yo pa ofri okenn benefis pou lòm; alòske, sa ki pote benefis pou lòm dwe mete an pratik.

Anvan: Travay ak antre (10)

Apre: Vizyon Travay Bondye a (2)

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger