Sèt Kout Loray Yo Gwonde — Ki Pwofetize Levanjil Wayòm nan Pral Simaye Nan tout Linivè a
Mwen ap simaye travay Mwen an nan mitan lòt nasyon yo. Limyè gloriye Mwen an ap klere nan tout linivè a; tout moun ki dispèse nan chak kwen linivè a pote entansyon Mwen yo nan yo menm, epi, anba òkestrasyon men Mwen fè, yo tout ap fè travay Mwen te konfye yo a. Depi moman sa a, Mwen antre nan yon nouvo epòk, epi Mwen mennen tout moun nan yon lòt monn. Lè Mwen te retounen nan «peyi natal» Mwen, Mwen te kòmanse yon lòt pati nan travay ki nan plan orijinal Mwen an, yon fason pou lòm ta kapab jwenn plis konesans konsènan Mwen. Mwen egzamine linivè a nan totalite li: Se egzakteman bon moman an pou travay Mwen an, se poutèt sa Mwen prese ale toupatou, pandan M ap akonpli nouvo travay Mwen an sou lòm. Dayè, sa se yon nouvo epòk, Mwen pote yon nouvo travay, kote Mwen ap fè plis nouvo moun antre nan nouvo epòk la, epi Mwen ap mete sou kote plis toujou nan moun Mwen pral elimine yo. Nan peyi gwo dragon wouj la, Mwen te akonpli yon etap travay Mwen an ki ensondab pou lòm, sa ki fè tout moun ap balanse anba van an, epi apre sa anpil moun ap kite van k ap soufle a pote yo ale an silans. Sa a se egzakteman «glasi yo bat ble» Mwen gen entansyon netwaye a; se sa Mwen anvi e se plan Mwen tou, paske pandan Mwen ap akonpli travay Mwen an, anpil «malfektè» te fofile antre san pèsonn pa wè yo. Men, Mwen pa prese pou Mwen chase yo; okontrè, Mwen ap dispèse yo lè bon moman an rive. Se sèlman apre sa Mwen pral tounen sous lavi a, pou Mwen pèmèt moun ki vrèman renmen Mwen yo resevwa fwi pye fig frans la nan men Mwen epi resevwa sant pafen flè lili a nan men Mwen. Nan tè kote Satan ap viv la, tè pousyè a, pa gen okenn lò pi ki rete, se sèlman sab ki genyen, e konsa, lè Mwen konfwonte sitiyasyon sa yo, Mwen akonpli yon etap travay konsa. Nou ta dwe konnen sa Mwen jwenn nan se lò pi ki rafine, se pa sab. Ki jan pou mechan yo ta ka rete nan kay Mwen an? Ki jan Mwen ta ka tolere rena k ap viv tankou parazit nan paradi Mwen an? Mwen itilize tout metòd pou Mwen chase yo. Anvan entansyon Mwen yo parèt aklè, pa gen pèsonn ki konnen sa Mwen pral fè. Mwen pwofite okazyon sa a, Mwen chase mechan sa yo, epi yo oblije kite Mwen. Se konsa Mwen aji ak mechan yo, men ap toujou gen yon jou pou yo rann Mwen sèvis. Dezi moun yo genyen pou jwenn benediksyon twò wo; se poutèt sa, Mwen vire kò Mwen epi Mwen montre vizaj Mwen bay «moun lòt nasyon yo», sa ki fè moun yo tout ap viv nan pwòp monn pa yo epi y ap jije pwòp tèt yo, pandan Mwen ap kontinye pwononse pawòl Mwen dwe di yo, epi Mwen ap «founi» sa yo bezwen. Lè tout moun reprann bon sans yo, Mwen ap gentan simaye travay Mwen an depi lontan. Lè sa a, Mwen pral eksprime entansyon Mwen yo bay moun yo, epi Mwen pral kòmanse dezyèm pati travay Mwen an sou moun yo, kote Mwen ap kite yo tout swiv Mwen deprè yon fason pou yo ka kopere nan travay Mwen an, epi kite yo fè tout sa yo kapab pou yo akonpli ansanm ak Mwen travay Mwen dwe fè a.
Pa gen pèsonn ki gen lafwa yo pral wè glwa Mwen, epi Mwen pa fòse yo, men okontrè Mwen retire glwa Mwen nan mitan moun yo epi Mwen mennen li nan yon lòt mond. Lè tout moun yo santi yo gen remò yon lòt fwa ankò, Mwen ap montre glwa Mwen bay plis nan moun ki gen «lafwa» yo toujou. Se prensip sa a Mwen swiv nan travay Mwen an. Paske gen yon moman kote glwa Mwen ap kite Kanaran, epi gen yon moman tou kote glwa Mwen kite moun Bondye chwazi yo, epi anplis de sa, gen yon moman kote glwa Mwen kite tout tè a, sa ki fè l pèdi klète li epi plonje l nan fènwa. Menm tè Kanaran p ap gen limyè solèy la; tout moun pral pèdi lafwa yo, men pa gen youn k ap ka sipòte kite sant pafen tè Kanaran an. Se sèlman lè Mwen antre nan nouvo syèl la ak nouvo tè a Mwen fè lòt pati nan glwa Mwen an parèt nan tè Kanaran an premye, sa k ap koze yon ti ekla limyè pral klere sou tout tè a ki plonje nan yon fènwa total tankou lannwit, yon fason pou moun sou tout tè a kapab vin jwenn limyè sa a. Se yon fason pou moun toupatou sou tè a kapab vini epi pran fòs nan pouvwa limyè a, pou pèmèt glwa Mwen ogmante pi plis toujou epi parèt yon lòt fwa ankò nan chak nasyon, epi yon fason pou tout moun ap kapab rann yo kont Mwen te vini nan monn imen an depi lontan, epi Mwen te pote glwa Mwen te genyen nan Izrayèl la nan Lès depi lontan tou, paske glwa Mwen ap briye soti nan Lès epi yo te pote l sot nan Epòk Lagras la pou rive jis jounen jodi a. Men se Izrayèl Mwen te kite e se soti la Mwen te rive nan Lès. Se sèlman lè limyè Lès la vin blanch ofiramezi, fènwa ki kouvri tè a kòmanse tounen limyè, epi se sèlman lè sa a tout moun vin dekouvri Mwen te ale kite Izrayèl depi lontan e Mwen ap leve yon lòt fwa ankò nan Lès la. Li pa t ap ka fèt pou, apre Mwen te fin «desann nan» Izrayèl yon fwa epi apre sa pou Mwen kite l, Mwen ta vin «fèt nan» Izrayèl yon lòt fwa ankò, paske travay Mwen se dirije tout linivè a epi, anplis de sa, se nan Lès zèklè a soti pou l briye tou dwat rive nan Lwès la; se poutèt sa, se nan Lès la Mwen desann, Mwen pote Kanaran bay pèp Mwen chwazi a nan Lès la. Mwen pral mennen moun Mwen chwazi yo ki soti toupatou sou tè a vin nan tè Kanaran, e poutèt sa Mwen ap kontinye pwononse deklarasyon Mwen yo, epi pale nan tè Kanaran pou Mwen kontwole tout linivè a. Nan moman sa a, tout tè a san limyè. Apa de moun ki nan Kanaran yo, tout moun ap viv anba menas grangou ak fredi. Mwen te bay Izrayèl glwa Mwen, epi answit Mwen te retire l nan Izrayèl, e konsa Mwen mennen Izrayelit yo nan Lès, epi Mwen mennen tout moun nan Lès tou, Mwen mennen yo tout nan «limyè a» pou yo kapab reyini avè l, epi asosye avè l, epi pou yo pa chèche ankò. Mwen pral kite tout moun k ap chèche yo wè limyè a ankò, wè glwa Mwen te genyen ann Izrayèl la, wè Mwen te desann sou yon nyaj blan nan mitan moun yo depi lontan, wè nyaj blan yo ki fè plizyè gwoup, epi wè fwi yo ki fè gwo grap, epi anplis de sa, pou yo kontanple Jewova Bondye nan Izrayèl la, kontanple «Mèt» Jwif yo, kontanple Mesi a yo te anvi wè a, epi kontanple aparans konplè Mwen an, Li menm wa yo t ap pèsekite atravè epòk yo. Mwen pral akonpli travay Mwen nan tout linivè a, epi Mwen pral akonpli yon kokennchenn travay. Mwen pral montre tout glwa Mwen bay lòm dènye jou yo; Mwen pral montre tout zèv Mwen yo bay lòm dènye jou yo; Mwen ap revele tout vizaj Mwen bay moun ki gen anpil ane depi y ap tann Mwen yo, montre l bay moun ki te anvi wè Mwen desann sou yon nyaj blan, montre l bay Izrayèl ki gen anpil tan depi l ap tann Mwen parèt yon lòt fwa ankò a, epi montre l bay tout limanite k ap pèsekite Mwen an, Mwen ap fè tout moun konnen Mwen te retire glwa Mwen an depi lontan pou Mwen te pote li nan Lès la, epi glwa Mwen pa nan Jide ankò, paske dènye jou yo deja rive!
Nan tout linivè a Mwen ap akonpli travay Mwen, epi nan Lès, gwo kout loray ap gwonde san rete, k ap souke tout nasyon ak denominasyon yo. Se deklarasyon Mwen yo ki mennen tout moun rive jouk jounen jodi a. Mwen fè tout moun vin konkeri anba deklarasyon Mwen yo, Mwen fè yo tout antre nan kouran sa a, epi Mwen fè yo tout soumèt devan Mwen, paske depi lontan Mwen te retire glwa Mwen an sou tout tè a, epi Mwen te fè l parèt yon lòt fwa ankò nan Lès la. Kiyès ki pa espere wè glwa Mwen? Kiyès ki p ap tann retou Mwen avèk anpil enpasyans? Kiyès ki pa swaf pou Mwen parèt ankò? Kiyès ki pa anvi bèlte Mwen? Kiyès ki pa ta vin nan limyè a? Kiyès ki pa ta kontanple richès Kanaran yo? Kiyès ki pa anvi retou «Redanmtè a»? Kiyès ki pa admire Sila ki gen gwo pouvwa a? Deklarasyon Mwen yo pral pwopaje atravè tout tè a, epi Mwen pral pwononse plis deklarasyon epi Mwen pral di plis pawòl bay moun Mwen chwazi yo, Mwen ap souke mòn yo ak rivyè yo tankou yon gwo loray ki gen anpil fòs. Mwen ap pale ak tout linivè a, epi Mwen ap pale ak limanite tou. Se poutèt sa, pawòl ki soti nan bouch Mwen yo tounen trezò pou lòm, epi tout moun ap bay pawòl Mwen yo anpil valè. Zèklè a flache soti nan Lès pou rive jis nan Lwès la. Pawòl Mwen yo fè lòm pa vle separe ak yo, yo fè lòm pa kapab sonde yo, epi plis ankò yo pote lajwa pou lòm. Tankou tibebe ki fèk fèt, tout moun santi yo kontan epi yo gen lajwa, e y ap selebre arive Mwen an. Grasa mwayen deklarasyon Mwen yo, Mwen pral mennen tout moun devan Mwen. Depi lè sa a, Mwen pral antre ofisyèlman nan mitan limanite, epi Mwen ap fè l yon fason pou tout moun vin rann Mwen omaj. Akoz glwa Mwen k ap briye epi akoz pawòl ki soti nan bouch Mwen yo, tout moun vin devan Mwen, epi yo wè zèklè a ap flache soti nan Lès la, yo wè Mwen te desann sou «Mòn Oliv» ki nan Lès la tou, e Mwen te vin sou tè a depi lontan, epi Mwen pa «Pitit Gason Jwif yo» ankò, okontrè Mwen se Zèklè Lès la. Paske depi lontan Mwen te deja resisite nan lanmò, epi Mwen te kite mitan moun yo, epi apre sa Mwen te reparèt nan mond lòm nan avèk glwa. Mwen se Sila a yo t ap adore pandan anpil epòk yo pa ka konte anvan epòk sa a, e Mwen se «tibebe a» Izrayelit yo te abandone depi anpil epòk yo pa ka konte anvan epòk sa a tou. Pi plis pase sa, Mwen se Bondye Toupisan epòk prezan an, ki plen ak glwa! Se pou tout moun vin devan twòn Mwen an epi pou yo wè vizaj Mwen, tande deklarasyon Mwen yo, epi kontanple zèv Mwen yo. Sa a se tout entansyon Mwen; se finisman ak pwen ki pi wo nan plan Mwen an, e se objektif jesyon Mwen an tou: pou kantite nasyon yo pa ka konte rann Mwen omaj, pou kantite bouch yo pa ka konte rekonèt Mwen, pou kantite moun yo pa ka konte mete konfyans yo nan Mwen, epi pou kantite moun yo pa ka konte Mwen chwazi yo tout soumèt yo devan Mwen nèt!