Se Sèlman Mete Laverite an Pratik ki Kapab Fè nou Posede Reyalite a

Mete pawòl Bondye a devan epi kapab esplike li avèk asirans pa vle di ou posede reyalite a; bagay yo pa senp konsa jan ou panse a. Posede reyalite a se pa jis yon bagay ou pale de li, men se yon bagay ou viv. Se sèlman lè pawòl Bondye ak lavi w fè yon sèl, epi tounen revelasyon natirèl ou, ou kapab di ou posede reyalite a; e se sèlman lè sa a yo kapab konsidere ou genyen yon veritab konpreyansyon ak yon estati reyèl. Montre kapasite pou reziste anba eprèv yo pandan yon long peryòd epi viv yon lavi ki sanble ak sa ki konfòm ak egzijans Bondye yo — pa nan fè sanblan, men nan montre sa natirèlman — Vwala sa posede reyalite a vle di tout bon, epi genyen lavi. Kite Mwen pran egzanp moun ki fè sèvis yo, ke tout moun konnen: Nenpòt moun kapab avanse teyori ki pi konsekan yo sou moun ki ap asire sèvis yo, e chak moun gen yon konpreyansyon aseptab sou sijè a, tout moun ap pale sou sa e chak diskou depase sa ki te fèt anvan li an, kòmsi se te yon konpetisyon. Sepandan, si yon moun poko janm travèse yon gwo eprèv, sa ap trè difisil pou afime li genyen yon bon temwayaj pou li rann. An rezime, sa yon moun ap viv konkrètman rete trè limite, konplètman diferan pa rapò ak konpreyansyon li. Pa konsekan, sa poko defini nivo reyèl yon moun, e se poko sa lavi moun ye. Kòm konpreyansyon moun pako konkretize nan reyalite a, nivo li toujou sanble ak yon chato ki bati sou sab, ki ap balanse de bò, ki prèske anfale. Sa moun posede nan reyalite a twò piti ; li prèske enposib pou jwenn menm yon tikal nan reyalite a nan moun. Reyalite nan sa moun rive revele natirèlman twò piti ; tout sa li ap viv se nan fòse. Se pou rezon sa a Mwen di moun pa posede okenn reyalite. Menm lè moun yo ap afime kè yo ki renmen Bondye a pa janm chanje, se sèlman pawòl yo ap di anvan yo fè faskare devan okenn eprèv. Lè yo va twouve yo sanzatann devan eprèv yon jou, pawòl yo va genyen pou yo di ap totalman kontrè ak reyalite a, sa ki ap pwouve yon fwa ankò kijan lòm pa posede reyalite a menm. Nou kapab di chak fwa ou rankontre bagay ki pa koresponn ak konsepsyon ou, epi ki ta egzije ou pou ou lache priz, se bagay sa yo menm ki eprèv ou. Anvan entansyon Bondye manifeste, bagay sa yo se tès sevè yo ye epi yon gwo manman eprèv pou chak moun. Èske ou kapab byen konprann sa ? Lè Bondye vle mete moun aleprèv, Li toujou pèmèt yo fè chwa anvan reyalite sijè a revele. Sa vle di lè Bondye ap soumèt ou anba eprèv, Li p ap janm revele reyalite sijè a ba ou, se sèlman pa mwayen sa a moun yo devwale tèt yo. Se yon fason Bondye akonpli travay Li, sa depann si ou konnen Bondye jodi a, epi anmenmtan, si ou posede yon reyalite kèlkonk. Èske reyèlman ou pa genyen okenn dout nan sa ki gen pou wè ak travay Bondye a ? Èske ou ap kapab vreman kenbe fèm lè yon gwo eprèv pral vin tonbe sou ou ? Kiyès ki oze di, « Mwen bay garanti p ap genyen okenn pwoblèm » ? Kiyès ki kapab pran chans afime, « Lèzòt yo ta kapab genyen dout, men Mwen p ap janm genyen dout » ? Se egzakteman sa ki te pase lè Pyè te retwouve li devan eprèv : Li te toujou ap fè lwanj pou tèt li anvan menm reyalite bagay yo revele. Sa pa defo pèsonèl Pyè sèlman. Se pi gwo difikilte chak moun ap fè fas jounen jodi a. Si mwen ta dwe ale kèk kote oswa vizite kèk frè ak sè pou mwen ta gade kijan nou konprann travay Bondye a jounen jodi a, siman nou t ap kapab di anpil bagay apati konesans nou e nou pa t ap sanble gen okenn dout sou sa nou ap di yo. Si mwen ta mande ou, « Èske ou kapab vreman asire ke travay jodi a, se Bondye Li menm ki akonpli li ? San okenn dout ? » Siman ou t ap reponn, « San okenn dout, travay sa a se Lespri Bondye ki akonpli li. » Depi ou ta fin reponn konsa, ou pa t ap santi menm lonbray yon ti dout, epi ou t ap santi yon gran satisfaksyon, paske ou t ap panse ou genyen yon lòsyè reyalite. Sila yo ki gen tandans konprann bagay yo nan fason sa a, se yo menm ki posede mwens reyalite ; plis yon moun kwè li genyen li, se mwens li pral kapab kanpe fèm devan eprèv yo. Malè pou moun ki awogan ak pretansye, epi malè pou sila yo ki manke konnen tèt yo byen ; moun sa yo genyen bèl diskou men yo echwe trè lèd lè pou yo mete pawòl yo an pratik. Mwenn latwoublay ki genyen, moun sa yo kòmanse doute epi lide pou kite sa gentan glise nan lespri yo. Yo pa posede okenn reyalite menm ; yo sèlman genyen yon bann teyori ki depase nivo relijyon, ki pa gen anyen pou wè ak reyalite Bondye egzije jodi a. Mwen deteste pase tout lòt bagay sila yo ki sèlman ap fè teyori san yo pa posede okenn reyalite. Se yo menm ki fè plis bwi lè yo ap fè travay yo, men kou yo fè fas ak reyalite a, yo tonbe. Èske sa pa demontre moun sa yo pa posede okenn reyalite ? Kèlkeswa jan van an ak vag yo ta vyolan, si ou reyisi ret kanpe san ou pa kite okenn dout antre nan lespri ou, kenbe fèm epi ou pa bay tèt ou manti, menm lè pa gen pèsonn ki kanpe avè w, lè sa a yo ap kapab konsidere ou genyen yon vrè konpreyansyon epi ou posede reyalite a vre. Si ou plede ap vire-tounen nan kèlkeswa sans van an ap vante a — si se majorite a ou ap swiv, epi aprann repete pawòl lòt moun ap di, tankou jako, ebyen kèlkeswa elokans ou ta genyen pa vle di ou posede reyalite a. Pakonsekan, Mwen sigjere ou pou ou pa kouri ap voye pawòl anlè. Èske ou konnen ki sa Bondye pral fè ? Pa konpòte ou tankou yon lòt Pyè, pou ou pa kouvri tèt ou avèk wont epi pèdi kapasite pou ou kenbe tèt ou wo ; sa a p ap pwofite pèsonn. Pi fò moun pa posede yon nivo reyèl. Byenke Bondye akonpli yon travay konsiderab, moun yo pa fè faskare ak okenn reyalite ditou ; pou bay plis presizyon, Li pa janm chatye pèsonn pèsonèlman. Se kalite eprèv sa yo ki vin revele eta kèk moun, avèk men yo tou sal ak peche, ki kontinye rive lwen, byen lwen, yo panse yo kapab pran avantaj nan Bondye, epi kontinye fè sa yo vle. Pwiske yo pa menm kapab sipòte kalite eprèv sa a, lide pou yo ta afwonte lòt eprèv ki pi di pa ladan, ni pou yo ta rive posede reyalite a. Èske yo pa tou senpman ap eseye twonpe Bondye ? Posede reyalite a pa yon bagay ou kapab pran pòz w ap fè, epi reyalite a pa nonplis yon bagay ou kapab atenn anmezi w ap konnen li. Li depann de nivo reyèl ou, ak si wi ou non ou kapab simonte tout kalite eprèv. Èske ou konprann ?

Bondye pa egzije pou moun gen senp kapasite pou pale de reyalite a ; li t ap twò fasil, pa vre ? Ebyen pou ki sa Bondye pale de antre nan lavi ? Pou ki sa Li pale de transfòmasyon ? Si moun yo se diskou vid sèlman yo kapab fè sou reyalite a, ebyen èske yo kapab reyalize yon transfòmasyon nan dispozisyon yo ? Fòme yon gwoup pou fè bon sòlda pou Wayòm nan pa vle di fòme yo sèlman pou yo kapab pale de reyalite a oswa fè djòlè, se pito fòme yo pou yo mete pawòl Bondye an pratik tout tan, pou yo rete fèm kèlkeswa difikilte yo ta kapab rankontre epi pou yo viv tout tan selon pawòl Bondye epi pa retounen nan mond la. Se reyalite sa a Bondye ap pale a ; se sa Bondye egzije lakay lòm. Konsa, pa konsidere reyalite Bondye ap pale a tankou yon bagay ki senp anpil. Yon senp ekleraj Sentespri a pa egal ak posesyon reyalite a. Sa a se pa nivo lòm, se gras Bondye, kote lòm pa bay okenn kontribisyon. Chak moun dwe andire soufrans Pyè yo, epi pi plis toujou, posede laglwa Pyè a, ke yo viv apre yo fin genyen travay Bondye a. Se sèlman sa nou kapab rele reyalite. Pa panse ou posede reyalite a tou senpman paske ou kapab pale de li ; se yon ilizyon. Mòd panse sa a pa konfòm ak entansyon Bondye, epi li pa gen okenn enpòtans reyèl. Dezòmè, pa repete mòd bagay sa yo — elimine mòd pawòl sa yo! Tout sila yo ki genyen yon konpreyansyon ensanse de pawòl Bondye se non-kwayan yo ye. Yo pa genyen okenn vrè konesans, e mwens toujou okenn nivo reyèl ; sila yo se moun ki manke bon sans ak reyalite. Pou di sa yon lòt jan, tout sila yo ki ap viv andeyò esans pawòl Bondye, se non-kwayan yo ye. Sila yo moun konsidere tankou non-kwayan, yo se bèt devan Bondye, epi sila yo Bondye konsidere tankou non-kwayan, se moun ki pa fè pawòl Bondye fè yon sèl ak lavi yo. Konsa nou kapab di sila yo ki pa posede reyalite pawòl Bondye yo, epi ki pa mete pawòl Li yo an pratik se non-kwayan yo ye. Volonte Bondye, se pou Li mennen chak moun viv reyalite pawòl Li yo, pa sèlman fè yon fason pou tout moun ap pale de reyalite sa a, men byen plis toujou, pèmèt chak moun viv reyalite pawòl Li yo. Reyalite lòm kapab pèsevwa a twò sipèfisyèl ; li pa genyen okenn valè epi li pa kapab satisfè entansyon Bondye yo. Li twò medyòk epi li pa menm merite pou pale de li. Li prezante twòp lakin epi li byen lwen pou li ta rive nan estanda Bondye egzije yo. Nou chak genyen pou nou sibi yon enspeksyon apwofondi pou detèmine kiyès pami nou ki kapab senpman pale de konpreyansyon li san li pa kapab montre wout la, epi tou pou demaske sila yo pami nou ki se sèlman rejè initil. Dezòmè, kenbe sa byen nan tèt nou ! Pa pale de konesans ki pa gen okenn valè ; pale sèlman de chemen pou pratike a epi sou reyalite a. Soti nan konesans veritab pou rive nan pratik veritab, apre sa soti nan pratik pou rive nan lavi tout bon an. Pa fè leson ak lèzòt yo, epi pa pale de konesans veritab. Si konpreyansyon ou se yon chemen, ebyen ou kapab eksprime li ; si se pa sa fèmen bouch ou tanpri epi sispann pale ! Sa w ap di a pa itil anyen. W ap pale kèk pawòl sou konpreyansyon pou twonpe Bondye epi fè lèzòt yo anvye ou. Èske se pa anbisyon ou sa ? Èske se pa chwa sa a ou fè pou w jwe avèk lèzòt yo ? Èske genyen okenn enterè nan sa ? Si w ap pale de konpreyansyon apre ou fin eksperimante li, ou p ap pase pou yon moun ki ap fè djòlè. Sinon, ou se yon moun ki ap pale pou fè awogans. Nan eksperyans reyèl ou, genyen anpil bagay ou pa kapab simonte, epi enkapab pou antre an rebelyon kont pwòp chè ou ; ou toujou ap fè sa ou pi pito, san ou pa janm satisfè entansyon Bondye yo — epoutan ou kontinye genyen odas pou w ap pale de konpreyansyon teyorik. Ou se yon sanwont ! Ou kontinye genyen odas pou w ap pale de konpreyansyon ou de pawòl Bondye. Ou pa manke pa sanwont ! Fè diskou epi fè djòlè tounen dezyèm nati ou, epi ou vin pran abitid pou ou aji konsa. Lè ou swete pale, ou alèz pou fè sa, men kou moman an rive pou mete tout sa an pratik, ou adopte yon lòt fasad. Èske la a, se pa yon mwayen pou twonpe lèzòt yo ? Petèt ou ap kapab reyisi twonpe yo, men Bondye Li menm, ou pa kapab twonpe Li. Lòm enkonsyan epi li manke bon sans, men Bondye pran bagay sa yo oserye epi Li p ap epaye ou. Frè ou yo ak sè ou kapab pran defans ou, chante lwanj pou konpreyansyon ou epi admire ou, men si ou pa posede okenn reyalite, Sentespri a p ap epaye ou. Petèt Bondye konkrè a pa pral chèche fot ou yo, men Lespri Bondye pral iyore ou, e sa a pral ase difisil pou ou sipòte. Èske ou kwè sa ? Pale plis de reyalite pratik la ; èske ou gentan bliye sa ? Pale davantaj sou chemen konkrè yo, èske ou gentan bliye sa ? « Pwopoze mwens gran teyori ak diskou vid epi pawòl awogan ; li t ap pi bon pou kòmanse pratik la kounye a. » Èske ou bliye pawòl sa yo ? Èske ou pa konprann ditou ? Ou pa genyen okenn konpreyansyon de entansyon Bondye yo ?

Anvan: Ou ta Dwe Konnen ke Bondye Pratik la se Bondye Li Menm

Apre: Konesans sou Travay Prezan Bondye a

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger