Depi Ou Konprann Verite a, Ou Dwe Mete l An Pratik
Travay ak pawòl Bondye la pou pote yon chanjman nan dispozisyon nou; objektif Li se pa sèlman ba nou bon konprann oswa konesans epi konsidere sa kòm ase. Yon moun ki gen kapasite pou konprann pa ta dwe jwenn difikilte lè l ap li pawòl Bondye, paske pifò pawòl la pale nan lang moun konprann, epi Bondye pale ak anpil klète. Pa egzanp, yo kapab aprann sa Bondye vle yo konprann ak mete an pratik la; sa se bagay yon moun nòmal ki gen kapasite pou konprann ta dwe ka fè. Jounen jodi a an patikilye, pawòl Bondye vin pi klè e pi transparan toujou; Bondye montre anpil bagay moun pa t janm wè, ansanm ak tout kalite kondisyon moun yo ye. Pawòl Li yo kouvri tout bagay, epi yo klè kou dlo kòk. Se poutèt sa, kounye a, moun yo klè sou anpil bagay epi yo konprann yo; tout sa ki rete pou yo fè se mete pawòl Li yo an pratik. Moun yo dwe eksperimante tout aspè verite a an detay. Moun yo dwe eksplore epi chèche bagay yo pi espesifikman, olye pou yo jis kontinye tann pou yo pote tout bagay ba yo. Si moun yo kontinye aji konsa, y ap tounen moun k ap viv sou do lòt moun. Moun ki konnen pawòl Bondye a men ki pa mete li an pratik se moun ki pa renmen verite a, epi finalman se yo k ap disparèt. Lè yo mande nou pou nou kreye modèl Pyè a nan ane 1990 yo, sa vle di nou chak dwe mete pawòl Bondye a an pratik, fè yon vrè eksperyans, epi kopere ak Bondye pou nou ka jwenn pi plis ak pi gran limyè, sa k ap itil nou plis toujou pou pwòp lavi nou. Si ou li pawòl Bondye anpil men ou sèlman konprann sans literal li san ou pa chèche viv li atravè eksperyans reyèl, lè sa ou p ap konnen pawòl Bondye a, epi pawòl la p ap tounen lavi pou ou, men pito yon pawòl san vi. Epitou, si ou sèlman atache ou ak pawòl ki san vi, lè sa ou p ap ka konprann esans pawòl Bondye yo, ni ou p ap konnen entansyon Li yo non plis. Se sèlman lè ou fè eksperyans ak pawòl Li atravè pwòp eksperyans ou, sans espirityèl pawòl Bondye yo ap vin klè pou ou. Se sèlman atravè eksperyans ou kapab kapte siyifikasyon espirityèl yon pakèt verite, epi dekouvri mistè ki nan pawòl Bondye yo. Si ou pa mete pawòl Bondye yo an pratik, lè sa a, kèlkeswa jan Bondye pale klè, tout sa nou genyen nan men nou se pawòl ak doktrin ki vid, ki vin tounen règ relijye pa nou. Èske se pa egzakteman sa Farizyen yo te fè? Si nou pratike epi eksperimante pawòl Bondye, l ap vin tounen yon bagay pratik pou nou; si nou pa chèche mete yo an pratik, lè sa a pawòl Bondye a pou nou p ap plis ke lejand twazyèm syèl la. An reyalite, etap kwayans nou nan Bondye se etap kote nou ap fè eksperyans ak pawòl Li yo, lè Li vin pran nou pou moun pa Li. Pou di sa yon fason ki pi klè, kwè nan Bondye se vin konnen epi konprann pawòl Li, se fè eksperyans ak pawòl Li epi viv daprè yo; se sa ki reyalite lafwa nou nan Bondye. Si nou kwè nan Bondye sèlman paske nou espere jwenn lavi ki p ap janm fini an, san nou pa chèche pratike pawòl Bondye yo epi rantre nan reyalite verite a, nou tout s on yon bann moun egare. Sa ta tankou yon moun ki ale nan yon fèt, ki sèlman ap gade bèl plat manje yo epi ki sonje yo, san li pa janm goute youn ladan yo, ni manje oswa bwè ladan yo. Èske yon moun konsa pa t ap yon moun fou?
Nan pawòl Bondye yo, gen verite moun bezwen genyen, bagay ki pi itil e ki pi pwofitab pou moun. Yo se remèd ak nouriti kò nou bezwen, bagay ki ede moun rekipere imanite yo nòmalman, ansanm ak verite moun dwe ekipe tèt yo avèk yo. Plis nou pratike pawòl Bondye yo, se plis lavi nou ap grandi rapid; plis nou pratike pawòl Bondye yo, se plis verite a ap vin klè pou nou. Pandan n ap grandi espirityèlman, n ap wè sa ki nan mond espirityèl la pi klè, epi n ap gen plis fòs pou nou triyonfe sou Satan. Anpil nan verite nou poko konprann yo ap vin klè lè nou pratike pawòl Bondye yo. Pifò moun sèlman kontante yo konprann aspè literal pawòl Bondye a, epi yo konsantre sou ekipe tèt yo ak doktrin olye pou yo fè eksperyans ak verite a epi antre pi fon nan pratik la—èske se pa menm chemen sa Farizyen yo te pran? Èske lè yon moun fè sa, li ka rive jwenn reyalite ekspresyon sa ki di “fè pawòl Bondye a tounen lavi li”? Lavi moun ka grandi sèlman lè yo pratike pawòl Bondye yo; li pa grandi tou senpleman paske yo li pawòl sa yo. Si ou kwè depi ou konprann pawòl Bondye yo, ou pral gen lavi ak yon nivo espirityèl, alò konpreyansyon ou genyen an pa kòrèk. Se lè ou pratike verite a ou rive konprann pawòl Bondye yo toutbon; ou dwe konprann “se sèlman lè ou pratike verite a w ap rive konprann li.” Jodi a, aprè ou fin li pawòl Bondye yo, ou ka sèlman di ou konnen sa pawòl la di, men ou pa ka di ou konprann yo. Gen moun ki di fòk yon moun konprann verite a anvan li ka pratike li, men sa kòrèk sèlman an pati; li pa totalman vrè. Toutotan ou poko gen konesans sou yon verite, sa vle di ou poko fè eksperyans ak verite sa. Si ou santi ou konprann verite sa paske ou tande l nan yon predikasyon, sa pa vle di ou konprann li toutbon—sa sèlman vle di ou kapte sans literal verite sa, men sa pa vle di ou konprann li tout bon. Lè ou sèlman konnen kouch sipèfisyèl verite a, sa pa vle di ou konprann verite a vre oswa ou gen konesans sou li; se lè ou fè eksperyans ak verite a ou rive konprann vrè sans li. Se poutèt sa, se sèlman lè ou fè eksperyans ak verite a ou ka konprann li, epi se sèlman atravè eksperyans ou ak li ou ka rive konprann sa ki kache ladan l. Se sèlman lè ou apwofondi eksperyans ou, ou ka rive konprann tout sa verite a vle di ak sans ki pi fon ladan li, epi konprann esans verite a. Se poutèt sa, se sèlman lè ou posede verite a ou kapab deplase lib nan mond lan. Si ou pa gen verite a, pa menm panse ou ka fè anpil moun relijye obeyi ou—menm moun nan fanmi ou pap soumèt devan ou. San verite a, ou tankou yon flokon nèj k ap vole san direksyon; men avèk verite a, ou ka viv ak kè kontan, an libète, epi pèsonn pa ka atake ou. Kèlkeswa jan yon teyori ta sanble pisan, li pa ka genyen verite a. Avèk verite a, ou ka chavire syèl la ak tè a epi deplase mòn yo ak lanmè a; san verite a, menm vè ka kraze miray vil ou. Sa se yon reyalite ki klè.
Jodi a, li enpòtan anpil pou, aprè ou fin vin konnen verite a, ou mete l an pratik epi ekipe tèt ou ak vrè sans lòt verite yo. Se sa nou ta dwe vrèman rive atenn. Olye pou w ap chèche sèlman fè lòt moun obeyi pawòl ou yo, ou ta dwe fè yo obeyi ak sa w ap pratike. Se sa ki vrèman gen sans. Kèlkeswa sa ki rive ou, kèlkeswa moun ou rankontre, se sèlman si ou gen verite a w ap kapab rete fèm. Tout pawòl Bondye yo la pou fè moun vin vivan, pa pou fè yo mouri. Si, aprè ou fin li pawòl Bondye yo, ou pa vin vivan, men ou rete mouri, enben gen yon bagay ki pa nòmal lakay ou. Si, aprè kèk tan, ou fin li anpil nan pawòl Bondye a epi ou fin tande anpil predikasyon ki gen reyalite, men kondisyon mò ou ye a toujou pa chanje, sa pwouve ou pa yon moun ki renmen verite a, ni ou pa yon moun k ap chèche verite a. Si nou te vrèman gen kè pou nou chèche genyen Bondye, nou pa t ap konsantre sou ekipe tèt nou ak doktrin epi fè lòt moun leson avèk doktrin ki byen wo, men pito nou t ap konsantre sou fè eksperyans ak pawòl Bondye yo epi mete verite a an pratik. Èske se pa nan sa nou ta dwe chèche antre kounye a?
Travay Bondye ap fè nan moun gen yon tan limite—ki rezilta ki ka genyen si ou pa kolabore avèk Li? Poukisa Bondye toujou mande nou pratike pawòl Li yo depi nou fin konprann yo? Sa montre depi Bondye fè pawòl Li yo vin klè pou nou, lòt etap la se pou nou mete yo an pratik. Pandan n ap pratike pawòl sa yo, Bondye fè yon lòt etap nan travay Li a, Li klere lespri nou epi Li gide nou. Se konsa bagay yo akonpli. Tout pawòl Bondye yo ede moun grandi nan lavi; pa gen okenn eleman ladan yo ki fè moun devye, ni pa gen okenn pati ladan yo ki fè moun vin negatif. Ou di ou li pawòl Bondye yo epi ou pratike yo, men Sentespri a poko janm konfye w okenn travay toujou. Se sèlman yon timoun pawòl ou yo ta ka twonpe. Lòt moun ka pa konnen si entansyon ou yo dwat, men èske ou panse li posib pou Bondye pa t ap konnen? Poukisa lòt moun resevwa limyè Sentespri a lè yo pratike pawòl Bondye yo? Poukisa ou pa resevwa limyè Sentespri a lè ou pratike pawòl Li yo? Èske Bondye ta gen santiman chanèl? Si entansyon ou yo vrèman dwat epi ou kolabore, Lespri Bondye a ap avèk ou. Gen kèk moun ki toujou vle plante pwòp drapo pa yo, men poukisa Bondye pa pèmèt yo leve epi dirije legliz la? Gen kèk moun ki senpleman ranpli fonksyon yo epi fè devwa yo, epi anvan menm yo rann yo kont, Bondye deja konsidere yo diy. Kijan sa fè rive? Bondye egzamine fon kè moun, epi moun k ap chèche verite a dwe fè sa avèk bon entansyon. Moun ki pa gen bon entansyon pap ka rete fèm. Bagay ki pi fondamantal nou ta dwe chèche se kite pawòl Bondye a fè efè nan nou—sa vle di, rive konprann pawòl Bondye a toutbon gras ak fason nou pratike l. Petèt kapasite nou pou konprann pawòl Bondye a pa twò bon, men atravè pratik nou fè nan pawòl Li a, Li kapab korije feblès sa a. Se poutèt sa, nou pa dwe sèlman konnen anpil verite, men plis toujou, nou dwe pratike yo. Se sa ki pi enpòtan an, e nou pa dwe neglije l. Jezi te sibi anpil imilyasyon ak anpil soufrans pandan trant-twa ane edmi Li te pase sou tè a. Li te soufri anpil konsa tou senpleman paske Li te pratike verite a, Li te suiv volonte Bondye nan tout bagay, epi Li te sèlman pran an konsiderasyon entansyon Bondye yo. Si Li te sèlman konnen verite a san Li pa t pratike l, Li pa t ap sibi tout soufrans sa yo. Si Jezi te suiv ansèyman Jwif yo epi Li te suiv Farizyen yo, Li pa t ap soufri konsa. Ou kapab aprann nan aksyon Jezi yo, efè travay Bondye fè sou moun rive atravè kolaborasyon moun, epitou se yon bagay nou dwe rekonèt. Èske Jezi t ap soufri jan Li te soufri sou kwa a si Li pa t pratike verite a? Èske Li t ap kapab priye avèk yon lapenn konsa si Li pa t aji ann akò avèk volonte Bondye? Se poutèt sa, nou ta dwe soufri paske n ap pratike verite a; se kalite soufrans sa yon moun dwe sibi.