Konsènan Tout Moun k Ap Ranpli Fonksyon Yo

Nan kouran aktyèl la, tout moun ki renmen Bondye tout bon gen opòtinite pou Bondye rann yo san defosan defo. Kit yo jèn oswa granmoun, depi yo gen yon kè ki soumèt devan Li epi ki gen krentif pou Li, Li ka rann yo san defo. Bondye rann moun san defo selon diferan fonksyon yo. Depi ou sèvi ak tout fòs ou, epi ou soumèt ou devan zèv Bondye a, Li ka rann ou san defo. Kounye a, pa gen pèsonn pami nou ki san defo. Pafwa nou kapab ranpli yon kalite fonksyon, e lòt fwa nou kapab ranpli de kalite fonksyon. Depi nou fè tout sa nou kapab pou nou konsakre tèt nou pou Bondye, alafen, Li ap rann nou san defo.

Jèn yo pa gen anpil prensip k ap gide yo pou mennen zafè yo nan mond lan, epi yo manke sajès ak bon konprann. Bondye vini pou pèfeksyone sajès ak bon konprann lèzòm. Pawòl Li yo konble mank jèn yo. Sepandan, dispozisyon jèn yo pa estab e yo dwe sibi transfòmasyon nan men Bondye. Jèn yo pa gen anpil nosyon relijye ni anpil prensip k ap gide yo pou mennen zafè yo nan mond lan; yo reflechi sou tout bagay nan fason ki senp, epi refleksyon yo manke pwofondè. Sa a se pati nan aspè yo kòm moun ki poko pran fòm, epi li se yon pati ki swetab; sepandan, jèn yo inyoran epi yo manke sajès. Sa se yon aspè Bondye bezwen pèfeksyone. Lè Bondye rann nou san defo, sa ap pèmèt nou devlope disènman. Nou pral kapab wè anpil bagay espirityèl byen klè, epi piti piti, n ap tounen moun ki bon pou Bondye itilize. Frè ak sè ki pi gran yo gen fonksyon pa yo tou pou yo ranpli, e Bondye pa abandone yo. Frè ak sè ki pi gran yo gen aspè ki swetab ak aspè ki endezirab tou. Yo gen anpil prensip k ap gide yo pou mennen zafè yo nan mond lan ak anpil nosyon relijye. Nan aksyon yo, yo respekte anpil konvansyon rijid, e yo toujou gen tandans aplike règleman—kopye yo mekanikman, yo aplike yo yon fason rijid, e yo manke fleksibilite. Sa se yon aspè ki endezirab. Sepandan, frè ak sè ki pi gran sa yo rete kalm e fèm kèlkeswa sa k rive; dispozisyon yo estab, epi yo pa yo pa chanje atitid toudenkou. Yo ka pi lan pou yo konprann bagay yo, men sa a se pa yon gwo defo. Toutotan nou ka soumèt nou; toutotan nou ka aksepte pawòl Bondye bay kounye a san nou pa egzamine pawòl Li yo twòp; toutotan nou sèlman sousye nou pou nou soumèt nou epi suiv, san nou pa janm jije pawòl Bondye yo oswa nouri lòt move panse sou yo; toutotan nou aksepte pawòl Li yo epi mete yo an pratik—lè sa a, akòz nou fin ranpli kondisyon sa yo, nou ka vin san defo.

Kit ou se yon frè oswa yon sè ki pi jèn oswa ki pi gran, ou konnen fonksyon ou dwe ranpli a. Nou menm ki jèn yo, nou pa awogan; nou menm ki pi gran yo, nou pa negatif, ni nou pa fè bak. Anplis, nou kapab sèvi ak fòs youn lòt pou konpanse feblès nou yo, epi nou kapab sèvi youn lòt san okenn prejije. Gen yon pon amitye ki bati ant frè ak sè ki pi jèn yo ak frè ak sè ki pi gran yo, epi lanmou Bondye pèmèt nou konprann youn lòt pi byen. Frè ak sè ki pi jèn yo pa meprize frè ak sè ki pi gran yo, epi frè ak sè ki pi gran yo pa pran tèt yo pou moun ki jis. Èske se pa yon kowoperasyon ann amoni li ye? Si nou tout gen detèminasyon sa a, volonte Bondye ap akonpli nan jenerasyon nou an san mank.

Alavni, se aksyon ak konpòtman w jodi a ki ap deside si w ap jwenn benediksyon oswa si w ap rankontre malè. Si Bondye dwe rann ou san defo, se nan epòk sa a li dwe fèt; p ap gen okenn lòt opòtinite alavni. Bondye vle rann nou san defo kounye a tout bon vre; se pa jis yon fason pou pale. Alavni, kèlkeswa eprèv ki vin sou wout ou, evènman ki rive, oswa katastwòf nou rankontre, Bondye gen entansyon rann nou san defo; sa se yon reyalite ki sèten e ki pa gen deba sou li. Ki kote nou ka wè sa? Nou ka wè sa nan lefèt, pandan tout epòk ak jenerasyon yo, pawòl Bondye yo pa t janm rive nan yon wotè konsa e nan yon nivo puisans jan li ye jodi a. Zèv Sentespri a sou tout moun jodi a nan yon fason san parèy. Prèske pèsonn nan jenerasyon pase yo pa t fè yon eksperyans konsa; menm nan epòk Jezi a, revelasyon ki genyen jodi a pa t egziste. Pawòl yo di nou yo, sa nou konprann yo, ak eksperyans nou yo, tout rive nan dènye nivo a. Menm nan mitan eprèv ak chatiman, nou pa kite sa, e sa se yon prèv ki kont pou montre zèv Bondye a rive nan yon grandè san parèy. Se pa yon bagay lèzòm kapab fè. Se pa lèzòm ki soutni l; okontrè, se zèv Bondye Li menm. Kidonk, apati anpil nan reyalite zèv Bondye yo, nou ka wè Bondye gen entansyon rann lèzòm san defo, e Li sètènman kapab rann nou konplè. Si nou gen konpreyansyon sa a, epi nou fè nouvo dekouvèt sa a, alò nou p ap tann dezyèm retou Jezi a; okontrè, n ap pèmèt Bondye rann nou konplè nan epòk aktyèl la. Se poutèt sa, nou chak ta dwe fè tout sa nou kapab, san nou pa epanye okenn efò, pou Bondye ka rann nou san defo.

Kounye a, pa bay bagay negatif yo enpòtans. Pou kounye a, mete sou kote epi inyore tout sa ki fè ou santi ou negatif. Lè w ap aji, fè sa ak yon kè k ap chèche epi k ap tatonnen pou l avanse, ak yon kè ki soumèt devan Bondye. Lè nou dekouvri yon feblès anndan nou men nou pa kite l kontrenn nou, epi nou ranpli fonksyon nou dwe ranpli yo, se konsa nou fè efò pou nou avanse yon fason pozitif. Pa egzanp, nou menm frè ak sè ki pi gran yo, nou gen nosyon relijye, poutan nou kapab priye, soumèt nou, manje epi bwè pawòl Bondye yo, epi chante kantik… An brèf, kèlkeswa sa nou kapab fè, ak kèlkeswa fonksyon nou kapab ranpli, nou ta dwe konsakre tout fòs nou nan yo. Pa rete tann nan pasivite. Lè nou kapab satisfè Bondye pandan n ap fè devwa nou, se premye etap la. Apre sa, yon fwa nou kapab konprann verite a epi rive antre nan reyalite pawòl Bondye yo, Li pral fin rann nou san defo.

Anvan: Kijan pou Konnen Reyalite a

Apre: Konsantre Nou Plis sou Reyalite a

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger