Konesans sou Travay Prezan Bondye a
Konnen travay Bondye nan epòk sa a se, prensipalman, konnen kisa ministè prensipal Bondye enkane nan dènye jou yo ye, epi kisa Li vin fè sou tè a. Mwen te deja mansyone nan pawòl Mwen yo ke Bondye vin sou tè a (nan dènye jou yo) pou Li tabli yon egzanp pafè anvan Li ale. Kòman Bondye tabli egzanp pafè sa a? Li fè sa lè Li pwononse pawòl, epi lè Li travay e Li pale toupatou nan peyi a. Sa a se travay Bondye ap fè pandan dènye jou yo; Li sèlman pale, yon fason pou tè a kapab tounen yon mond pawòl, e yon fason pou pawòl Li yo fè pwovizyon pou chak moun epi eklere yo, konsa yo wè limyè nan lespri yo epi vizyon yo vin klè pou yo. Nan dènye jou yo, Bondye tounen moun epi Li vin sou tè a prensipalman pou Li pwononse pawòl. Lè Jezi te vini, Li te preche levanjil wayòm syèl la, epi Li te akonpli travay redanmsyon an sou kwa a. Li te mete yon fen nan Epòk Lalwa a epi Li te aboli tout sa ki te ansyen. Vini Jezi a te mete fen nan Epòk Lalwa a epi li te louvri Epòk Lagras la; vini Bondye enkane nan dènye jou yo te mete fen nan Epòk Lagras la. Li vini prensipalman pou Li pale pawòl Li yo—Li sèvi ak pawòl yo pou Li fè lòm vin pafè, pou Li klere ak eklere lòm—e konsa Li retire plas dye imajinè a nan kè lòm. Lè Jezi te vini, Li pa t fè etap travay sa a. Lè Li te vini, Li te fè anpil mirak, Li te geri malad epi Li te chase demon, epi Li te fè travay redanmsyon an sou kwa a. Se poutèt sa, nan konsepsyon lòm, li kwè se konsa Bondye ta dwe ye. Paske lè Jezi te vini, Li pa t fè travay pou retire imaj dye imajinè a nan kè lòm; lè Li te vini, yo te kloure Li sou kwa a, Li te geri malad epi Li te chase demon, epi Li te preche levanjil wayòm syèl la. Yon bò, enkanasyon Bondye pandan dènye jou yo retire plas dye imajinè a genyen nan konsepsyon lòm yo, dekwa pou pa gen imaj dye imajinè a nan kè lòm ankò. Atravè pawòl pratik Li yo ansanm ak travay pratik Li a, vizit Li fè nan diferan kote, ak travay eksepsyonèlman pratik ak nòmal Li ap fè nan mitan lòm, Li fè lòm konnen aspè pratik Bondye, epi Li retire plas dye imajinè a nan kè lòm. Yon lòt bò, Bondye itilize pawòl lachè Li pwononse yo pou Li rann lòm konplè, epi pou Li akonpli tout bagay. Sa a se travay Bondye pral akonpli pandan dènye jou yo.
Sa nou dwe konnen:
1. Travay Bondye pa sinatirèl, epi nou pa ta dwe gen konsepsyon sou li.
2. Nou dwe konprann travay prensipal Bondye enkane a vin fè fwa sa a.
Li pa vin pou Li geri malad, ni pou Li chase demon, ni pou Li fè mirak, epi Li pa vin pou Li preche levanjil repantans lan, oswa pou Li bay lòm redanmsyon. Se paske Jezi te deja fè travay sa a, epi Bondye pa repete menm travay la. Jodi a, Bondye vini pou Li mete fen nan Epòk Lagras la epi pou Li aboli tout pratik Epòk Lagras la. Bondye pratik la vini prensipalman pou Li revele aspè pratik Li. Lè Jezi te vini, Li pa t pale twòp; Li te sitou fè mirak, Li te fè siy ak mèvèy, epi Li te geri malad epi Li te chase demon, oswa Li te pwononse pwofesi, tout sa nan bi pou fè lòm kwè nan Li ak yon konviksyon total epi fè l wè Li te vrèman Bondye epi Li pa t gen santiman lachè. Alafen, Li te konplete travay krisifiksyon an. Bondye jodi a pa montre siy ak mèvèy, ni Li pa geri malad ni chase demon. Lè Jezi te vini, travay Li te fè a te reprezante yon pati nan Bondye, men fwa sa a Bondye vini pou Li fè etap travay ki dwe fèt la. Bondye pa repete menm travay la, Li se Bondye ki toujou nouvo epi ki pa janm ansyen an, e se poutèt sa tout sa ou wè jodi a se pawòl ansanm ak travay Bondye pratik la.
Nan dènye jou yo, Bondye tounen moun prensipalman pou Li pale pawòl Li yo, pou Li eksplike tout sa ki nesesè pou lavi lòm, pou Li montre aklè sa lòm dwe antre ladan l, pou Li montre lòm zèv Bondye yo, epi pou Li montre lòm sajès, tout pouvwa ak karaktè mèveye Bondye. Atravè plizyè fason Bondye pale yo, lòm kontanple sipremasi Bondye, grandè Bondye, e sitou, imilite ak karaktè kache Bondye. Lòm wè Bondye siprèm, men Li enb epi Li kache, epi Li kapab tounen pi piti pase tout moun. Gen kèk nan pawòl Li yo Li pale dirèkteman apati pwennvi Lespri a, gen kèk dirèkteman apati pwennvi lòm, epi gen kèk apati pwennvi yon twazyèm pati. Nan sa a, moun kapab wè fason Bondye travay yo anpil e yo divès kalite, epi se atravè pawòl Li pèmèt lòm wè yo. Travay Bondye pandan dènye jou yo nòmal e pratik anmenmtan, e konsa gwoup moun nan dènye jou yo sibi pi gwo eprèv pase tout lòt eprèv. Akoz nòmalite ak aspè pratik Bondye, tout moun antre nan eprèv; lefètke lòm tonbe anba eprèv Bondye se akoz nòmalite ak aspè pratik Bondye. Pandan epòk Jezi a, pa t gen ni konsepsyon ni eprèv. Paske pifò nan travay Jezi te fè yo te konfòme ak konsepsyon lòm, moun yo te swiv Li, epi yo pa t gen okenn konsepsyon sou Li. Eprèv moun jodi a ap fè fas ak yo se pi gwo eprèv ki te janm genyen, epi lè yo di moun sa yo soti nan gwo tribilasyon an, se tribilasyon sa a y ap pale a. Jodi a, Bondye pale pou Li edifye lafwa, lanmou, akseptasyon soufrans, ansanm ak soumisyon nan moun sa yo. Bondye enkane nan dènye jou yo pwononse pawòl Li yo selon esans nati lòm, konpòtman ak manifestasyon lòm, ansanm ak sa lòm ta dwe antre ladan l nan moman prezan an. Pawòl Li yo pratik epi nòmal anmenmtan: Li pa pale sou sa k ap fèt demen, ni Li pa gade dèyè sou sa k te pase yè; Li sèlman pale sou sa lòm dwe antre ladan l, sou sa ki dwe mete an pratik, epi sou sa lòm dwe konprann jodi a. Si, nan epòk jodi a, ta parèt yon moun ki kapab montre siy ak mèvèy, chase demon, geri malad, epi fè anpil mirak, epi si moun sa a pretann li se Jezi ki vini, lè sa a, se t ap yon move lespri k ap pran yon fo idantite, se t ap aksyon yon move lespri k ap imite Jezi. Sonje sa! Bondye pa repete menm travay la. Etap travay Jezi a deja fin konplete, epi Bondye p ap janm antreprann etap travay sa a ankò. Travay Bondye pa konfòme ak konsepsyon lòm; pa egzanp, Ansyen Testaman an te pwofetize vini yon Mesi, epi finalman se Jezi ki te vini. Konsa, sa t ap yon erè si yon lòt Mesi ta vini. Jezi deja vini yon fwa, epi sa t ap yon erè si «Jezi» ta vini ankò fwa sa a. Gen yon sèl non pou chak epòk, epi chak non gen ladan l karakteristik epòk sa a. Nan konsepsyon lòm, Bondye dwe toujou fè siy ak mèvèy, Li dwe toujou geri malad epi chase demon, epi Li dwe toujou egzakteman tankou Jezi. Poutan fwa sa a, Bondye pa konsa ditou. Si, pandan dènye jou yo, Bondye te toujou fè siy ak mèvèy, epi Li te toujou chase demon e Li te geri malad—si Li te fè egzakteman sa Jezi te fè—lè sa a, Bondye t ap repete menm travay la, epi travay Jezi a pa t ap gen okenn sans ni okenn valè. Konsa, Bondye fè yon etap travay nan chak epòk. Depi chak etap travay Li fin konplete, move lespri yo imedyatman eseye imite l, epi aprè Satan kòmanse swiv Bondye pye pou pye, Bondye pase nan yon lòt metòd. Depi Bondye fin konplete yon etap travay Li, move lespri yo eseye imite l. Nou dwe klè sou sa. Poukisa travay Bondye jodi a diferan ak travay Jezi a? Poukisa Bondye jodi a pa fè siy ak mèvèy, Li pa chase demon, epi Li pa geri malad? Si travay Jezi a te menm jan ak travay ki te fèt pandan Epòk Lalwa a, èske Li t ap kapab reprezante Bondye Epòk Lagras la? Èske Li t ap kapab konplete travay krisifiksyon an? Si Jezi te ale nan tanp epi Li te respekte jou Saba a menm jan yo te fè nan Epòk Lalwa a, san pèsonn pa pèsekite Li, e tout moun te aksepte Li, èske yo t ap kapab kloure Li sou kwa a? Èske Li t ap kapab konplete travay redanmsyon an? Ki sans sa ta genyen si Bondye enkane nan dènye jou yo te fè siy ak mèvèy, menm jan Jezi te fè a? Se sèlman si Bondye fè yon lòt pati nan travay Li a pandan dènye jou yo, yon pati ki reprezante yon pòsyon nan plan jesyon Li a, lòm kapab jwenn yon konesans pi apwofondi sou Bondye, epi plan jesyon Bondye a kapab konplete.
Pandan dènye jou yo, Bondye vini prensipalman pou Li pwononse pawòl Li yo. Li pale apati pwennvi Lespri a, apati pwennvi lòm, epi apati pwennvi yon twazyèm pati; Li pale nan plizyè fason diferan, Li itilize yon sèl fason pou yon peryòd tan, epi Li itilize fason Li pale sa yo pou Li chanje konsepsyon lòm yo epi retire imaj dye imajinè a nan kè lòm. Sa a se travay prensipal Bondye fè. Paske lòm kwè lè Bondye vini, L ap geri malad, chase demon, fè mirak, epi bay lòm benediksyon materyèl, Bondye reyalize etap travay sa a—travay chatiman ak jijman an—nan bi pou retire bagay sa yo nan konsepsyon lòm, fè lòm konnen aspè pratik ak nòmalite Bondye, epi retire imaj Jezi jan Li ye nan kè lòm nan, pou pèmèt nouvo imaj Bondye a okipe kè lòm pito. Depi imaj Bondye ki anndan lòm nan vin ansyen, lè sa a li tounen yon zidòl. Lè Jezi te vini epi Li te reyalize etap travay sa a, Li pa t reprezante tout sa Bondye ye nèt. Li te fè kèk siy ak mèvèy, Li te pwononse kèk pawòl, epi alafen yo te kloure Li sou kwa a. Li te reprezante yon pati nan Bondye. Li pa t kapab reprezante tout sa ki nan Bondye, men okontrè Li te reprezante Bondye lè Li te fè yon pati nan travay Bondye a. Se paske Bondye tèlman gran, tèlman mèveye, epi Li ensondab, e paske Bondye sèlman fè yon pati nan travay Li nan chak epòk. Travay Bondye fè pandan epòk sa a se prensipalman fè pwovizyon pawòl lavi yo pou lòm; ekspoze esans nati lòm ansanm ak dispozisyon kòwonpi li; epi elimine konsepsyon relijye li, panse feyodal li, panse demode li, ansanm ak konesans ak kilti li. Tout bagay sa yo dwe netwaye lè pawòl Bondye ekspoze yo. Nan dènye jou yo, Bondye itilize pawòl, e non pa siy ak mèvèy, pou Li fè lòm vin pafè. Li itilize pawòl Li yo pou Li revele lòm, pou Li jije lòm, pou Li chatye lòm, epi pou Li fè lòm vin pafè, dekwa pou nan pawòl Bondye yo, lòm rive wè sajès ak bèlte Bondye, epi li rive konprann dispozisyon Bondye, e konsa atravè pawòl Bondye yo, lòm kontanple zèv Bondye yo. Pandan Epòk Lalwa a, Jewova te dirije Moyiz soti nan peyi Lejip avèk pawòl Li, epi Li te pwononse kèk pawòl bay Izrayelit yo; nan epòk sa a, yon pati nan zèv Bondye yo te parèt aklè, men paske kalib lòm te limite epi pa t gen anyen ki te kapab rann konesans li konplè, Bondye te kontinye pale epi travay. Nan Epòk Lagras la, lòm te wè yon pati nan zèv Bondye yo yon lòt fwa. Jezi te kapab montre siy ak mèvèy, geri malad epi chase demon, epi yo te kloure Li sou kwa a, twa jou aprè Li te leve soti vivan pami mò yo epi Li te parèt nan lachè devan lòm. Sou Bondye, lòm pa t konnen anyen plis pase sa. Lòm konnen sèlman kantite Bondye fè parèt aklè ba li, epi si Bondye pa t ap fè anyen parèt aklè bay lòm ankò, lè sa a, se nan nivo sa a lòm t ap trase limit pou Bondye. Konsa, Bondye kontinye travay, yon fason pou konesans lòm genyen sou Li a kapab vin pi apwofondi, epi pou lòm kapab rive konnen esans Bondye ofiramezi. Nan dènye jou yo, Bondye itilize pawòl Li yo pou Li fè lòm vin pafè. Pawòl Bondye ekspoze dispozisyon kòwonpi ou a, epi aspè pratik Bondye a ranplase konsepsyon relijye ou yo. Nan dènye jou yo, Bondye tounen moun prensipalman pou Li akonpli pawòl ki di: «Pawòl la tounen moun, Pawòl la vini nan lachè, epi Pawòl la parèt nan lachè», epi si ou pa gen yon konesans byen fon sou sa, lè sa a ou p ap kapab rete fèm. Pandan dènye jou yo, Bondye gen entansyon prensipalman pou Li akonpli yon etap travay kote Pawòl la parèt nan lachè, epi sa se yon pati nan travay plan jesyon Bondye a. Konsa, konesans nou dwe byen fon; kèlkeswa fason Bondye ap travay, Bondye pa pèmèt lòm trase limit pou Li. Si Bondye pa t fè travay sa a pandan dènye jou yo, lè sa a konesans lòm genyen sou Li a pa t ap kapab ale pi lwen. Ou t ap sèlman konnen yo kapab kloure Bondye sou kwa a epi Li kapab detwi Sodòm, epi Jezi kapab leve soti vivan pami mò yo epi parèt devan Pyè... Men ou pa t ap janm di pawòl Bondye yo kapab akonpli tout bagay, epi yo kapab konkeri lòm. Se sèlman lè ou fè eksperyans pawòl Bondye yo ou kapab pale sou yon konesans konsa. Plis ou fè eksperyans travay Bondye, se plis konesans ou genyen sou Li ap vin pi fon, epi se sèlman lè sa a ou p ap trase limit pou Bondye anndan pwòp konsepsyon ou. Lòm rive konnen Bondye lè l fè eksperyans travay Li; pa gen okenn lòt fason ki kòrèk pou konnen Bondye. Jodi a, gen anpil moun ki pa fè anyen eksepte tann pou yo wè siy ak mèvèy, epi tann pou yo wè ki lè gwo dezas yo ap desann. Èske ou kwè nan Bondye, oswa ou kwè nan gwo dezas yo? Lè gwo dezas yo rive, l ap twò ta, epi si Bondye pa voye gwo dezas yo desann, èske lè sa a Li pa Bondye? Èske ou kwè nan siy ak mèvèy, oswa ou kwè nan Bondye Li menm? Jezi pa t montre siy ak mèvèy lè lòt moun t ap pase Li nan betiz, men èske Li pa t Bondye? Èske ou kwè nan siy ak mèvèy, oswa ou kwè nan esans Bondye? Pwennvi lòm sou kwayans nan Bondye yo pa bon! Jewova te pwononse anpil pawòl pandan Epòk Lalwa a, men menm jodi a gen kèk nan yo ki poko akonpli. Èske ou kapab di Jewova pa Bondye?
Jodi a, li ta dwe klè pou nou tout ke, nan dènye jou yo, se prensipalman reyalite «Pawòl la tounen moun» lan Bondye akonpli. Atravè travay pratik Li sou tè a, Li pèmèt lòm konnen Li, antre an kontak avè L, epi wè zèv pratik Li yo. Li pèmèt lòm wè klè ke Li kapab fè siy ak mèvèy e ke gen moman tou kote Li pa kapab fè sa; sa depann de epòk la. Apati sa a, ou kapab wè se pa paske Bondye pa kapab fè siy ak mèvèy, men okontrè Li chanje fason Li travay selon travay ki dwe fèt la epi selon epòk la. Nan etap travay aktyèl la, Li pa fè siy ak mèvèy; Li te fè kèk siy ak mèvèy nan epòk Jezi a paske travay Li nan epòk sa a te diferan. Bondye pa fè travay sa a jodi a, epi gen kèk moun ki kwè Li pa kapab fè siy ak mèvèy, oswa yo panse piske Li pa fè siy ak mèvèy, Li pa Bondye. Èske sa a pa yon rezonman ki fo e san sans? Bondye kapab fè siy ak mèvèy, men L ap travay nan yon epòk ki diferan, kidonk Li pa fè travay konsa. Nan epòk ki diferan epi selon diferan etap travay Li yo, Bondye montre zèv ki diferan. Kwayans lòm nan Bondye se pa kwayans nan siy ak mèvèy, ni kwayans nan mirak, men se kwayans nan travay pratik Li pandan nouvo epòk la. Lòm rive konnen Bondye atravè fason Li travay la, epi konesans sa a pwodui kwayans nan Bondye anndan lòm, sa vle di, kwayans nan travay ak zèv Bondye yo. Nan etap travay sa a, Bondye sitou pale. Pa tann pou ou wè siy ak mèvèy; ou p ap wè okenn! Se paske ou pa t fèt pandan Epòk Lagras la. Si ou te fèt nan epòk sa a, ou t ap kapab wè siy ak mèvèy, men ou te fèt pandan dènye jou yo, e konsa ou kapab wè sèlman aspè pratik ak nòmalite Bondye. Pa atann pou w wè Jezi sinatirèl la pandan dènye jou yo. Ou sèlman kapab wè Bondye pratik enkane a, ki pa diferan ak nenpòt moun nòmal. Nan chak epòk, Bondye montre zèv ki diferan. Nan chak epòk, Li montre yon pati nan zèv Li yo, epi travay nan chak epòk reprezante yon pati nan dispozisyon Bondye, epi yon pati nan zèv Bondye yo. Zèv Li montre yo varye selon epòk kote L ap travay la, men yo tout pèmèt konesans lòm genyen sou Bondye a vin pi apwofondi, epi yo pèmèt lòm gen yon kwayans ki pi vrè e ki pi solid nan Bondye. Lòm kwè nan Bondye akoz tout zèv Li yo, paske Bondye tèlman mèveye, Li tèlman gran, epi Li gen tout pouvwa, epi paske Li ensondab—se poutèt sa lòm kwè nan Bondye. Si ou kwè nan Bondye paske Li kapab fè siy ak mèvèy epi Li kapab geri malad epi chase demon, lè sa a pwennvi ou a pa bon, epi gen kèk moun k ap di w: «Èske move lespri yo pa kapab fè bagay sa yo tou?» Èske sa pa vle di ou konfonn imaj Bondye ak imaj Satan? Jodi a, kwayans lòm nan Bondye se akoz anpil zèv Li yo ansanm ak gwo kantite travay Li fè a epi plizyè fason Li pale yo. Bondye konkeri lòm epi Li fè l vin pafè atravè pawòl Li yo. Lòm kwè nan Bondye akoz anpil zèv Li yo, se pa paske Li kapab montre siy ak mèvèy; lòm sèlman rive konnen Bondye lè l wè zèv Li yo ak de je l. Se sèlman lè ou konnen zèv pratik Bondye yo, fason Li travay, ki metòd saj Li itilize, fason Li pale, epi fason Li fè lòm vin pafè—se sèlman lè ou konnen aspè sa yo—ou kapab konprann aspè pratik Bondye epi konprann dispozisyon Li, lè ou konnen kisa Li renmen, kisa Li rayi anpil, epi fason Li travay nan lòm. Lè ou konprann sa Bondye renmen ak sa Li rayi anpil, ou kapab fè diferans ant sa ki pozitif ak sa ki negatif, epi atravè konesans ou genyen sou Bondye gen pwogrè nan lavi ou. Nan mwens mo, ou dwe jwenn yon konesans sou travay Bondye, epi ou dwe korije pwennvi ou yo sou kwayans nan Bondye.