Kijan pou Sèvi ann Akò ak Entansyon Bondye
Nou dwe klè sou fason yon moun dwe sèvi Bondye nan lafwa li, sou kondisyon moun k ap sèvi Bondye yo dwe ranpli ak verite yo dwe konprann, ansanm ak devyasyon nou genyen nan fason n ap sèvi a. Kesyon sa yo gen rapò ak fason nou kwè nan Bondye, ak fason nou mache sou chemen Lespri Sen an ap dirije a epi kite Bondye òganize nou nou jan Li vle nan tout bagay, konsa nou kapab konprann chak etap travay Bondye ap fè nan nou. Lè nou rive nan pwen sa a, n ap konprann sa lafwa nan Bondye ye toutbon, kijan pou nou kwè nan Bondye yon fason ki kòrèk, ak sa nou dwe fè pou nou aji ann akò ak entansyon Bondye. Sa ap fè nou vin soumèt konplètman e absoliman devan travay Bondye, san okenn plenyen, san nou pa jije ni analize travay Bondye, alewè pou nou ta egzamine l avèk anpil dout. Konsa, nou tout ap kapab soumèt devan Bondye jouk nan lanmò, nan kite Bondye dirije nou epi kondwi nou menm jan ak mouton y ap mennen nan labatw, epi nou chak kapab vin tounen yon Pyè nan ane 1990 yo, k ap renmen Bondye ak tout fòs li, menm lè li sou kwa a, san okenn plenyen. Se lè sa a sèlman n ap kapab viv menm jan ak Pyè te viv nan ane 1990 yo.
Tout moun ki gen detèminasyon kapab sèvi Bondye—men se sèlman moun ki montre konsiderasyon epi konpran entansyon Bondye ki kalifye e gen dwa sèvi Bondye. Mwen dekouvri sa nan mitan nou: Gen anpil moun ki kwè depi yo preche chemen Bondye a avèk anpil zèl, angaje sou wout la pou Bondye, depanse san konte epi renonse ak bagay yo pou Bondye, elatriye, se sèvi y ap sèvi Bondye konsa. Majorite moun relijye yo kwè sèvi Bondye vle di mache toupatou ak yon Bib nan men yo, preche levanjil wayòm syèl la epi sove moun lè yo mennen yo repanti epi konfese. Genyen tou anpil responsab relijye ki panse sèvi Bondye se preche nan chapèl apre yo fin fè etid avanse ak fòmasyon nan seminè, epi anseye moun atravè lekti vèsè nan Bib la. Anplis, gen moun nan rejyon ki pòv yo ki kwè sèvi Bondye vle di geri malad yo epi chase demon nan mitan frè ak sè yo, priye pou yo epi sèvi yo. Nan mitan nou, gen anpil moun ki kwè sèvi Bondye vle di manje ak bwè pawòl Bondye yo epi priye Bondye chak jou, ansanm ak vizite ak fè travay nan legliz toupatou. Gen lòt frè ak sè ki kwè sèvi Bondye vle di pa janm marye ni fonde yon fanmi, epi konsakre tout egzistans yo bay Bondye. Poutan, se kèk moun sèlman ki konnen sa sa vle di sèvi Bondye toubon. Malgre moun k ap sèvi Bondye yo anpil tankou zetwal nan syèl la, kantite moun ki kapab sèvi Bondye dirèkteman e ki kapab sèvi ann akò ak entansyon Bondye piti anpil—li piti anpil anpil. Poukisa mwen di sa? Mwen di sa paske nou pa konprann sans pwofon ekspresyon « sèvi Bondye » a, ti konpreyansyon sou fason pou nou sèvi ann akò ak entansyon Bondye piti anpil. Gen yon bezwen ijan pou moun konprann egzakteman ki kalite pou sèvis Bondye ki ann akò ak entansyon Li.
Si nou vle sèvi ann akò ak entansyon Bondye, nou dwe konprann dabò ki kalite moun ki fè Bondye plezi, ki kalite moun Bondye rayi, ki kalite moun Bondye rann pafè, ak ki kalite moun ki kalifye pou sèvi Bondye. Omwen, nou dwe gen konesans sa a. Sa ki pi enpòtan toujou, nou dwe konnen objektif travay Bondye a, ansanm ak travay Bondye ap fè nan moman sa a. Apre nou fin konprann sa, epi atravè direksyon pawòl Bondye yo, nou dwe antre dabò , epi aksepte manda Bondye a. Lè nou fin fè eksperyans pratik ak pawòl Bondye yo, epi lè nou konnen travay Bondye a toutbon, n ap kalifye pou sèvi Bondye. Epi Bondye ap ouvri je espirityèl nou pandan n ap sèvi Li, e Li ap pèmèt nou gen yon pi gwo konpreyansyon sou travay Li a epi wè l pi klè. Lè ou antre nan reyalite sa a, eksperyans ou yo ap vin pi pwofon e pi pratik, epi tout moun pami nou ki te fè eksperyans konsa ap kapab mache nan mitan legliz yo epi bay frè ak sè yo sa yo bezwen, konsa nou chak kapab pwofite fòs youn lòt pou konpanse pwòp feblès nou, epi jwenn yon konesans ki pi rich nan lespri nou. Se sèlman apre nou fin rive atenn rezilta sa a n ap kapab sèvi ann akò ak entansyon Bondye epi Bondye ap rann nou pafè pandan n ap sèvi Li.
Moun k ap sèvi Bondye yo dwe moun ki pwòch Bondye, yo dwe fè Bondye plezi, epi yo dwe kapab gen yon fidelite san pataj pou Bondye. Kit se an prive oswa an piblik, devan Bondye, aksyon nou yo dwe fè Li plezi, epi yo tout dwe kapab kanpe fèm devan Li; kèlkeswa fason lòt moun trete ou, ou dwe toujou mache sou chemen ou dwe mache a pou montre konsiderasyon pou fado Bondye. Se moun konsa sèlman ki pwòch Bondye. Si moun ki pwòch Bondye yo kapab sèvi Li dirèkteman, se paske Bondye ba yo yon gwo manda ak fado Li, yo kapab fè kè Bondye vin kè pa yo, epi pran fado Bondye kòm pwòp fado pa yo, san yo pa konsidere pwofi oswa pèt ki gen rapò ak avni yo - menm lè avni yo ta sanble pa gen anyen pou yo jwenn e yo pap genyen anyen pou yo benefisye, y ap toujou kwè nan Bondye ak yon kè ki renmen Bondye. E se poutèt sa, moun konsa se moun ki pwòch Bondye. Moun ki pwòch Bondye yo se moun Li konfye sekrè Li tou; se sèlman moun Bondye konfye sekrè Li ki kapab pataje ijans Li ak panse Li, epi byenke kò yo fè yo mal e yo fèb, yo kapab andire soufrans ak abandone sa yo renmen pou satisfè Bondye. Bondye bay moun konsa plis fado, epi sa Bondye vle fè a manifeste atravè temwayaj moun konsa. Se konsa, moun sa yo fè Bondye plezi; yo se moun k ap sèvi Bondye epi k ap sèvi ann akò ak entansyon Li yo, epi se moun konsa sèlman ki kapab egzèse pouvwa kòm wa ansanm ak Bondye. Lè ou vin moun ki pwòch Bondye toutbon, se egzakteman lè sa a w ap egzèse pouvwa kòm wa ansanm ak Bondye.
Jezi te akonpli misyon Bondye a—travay redanmsyon tout limanite —jisteman paske Li te montre konsiderasyon pou entansyon Bondye , san Li pa t fè okenn plan oswa aranjman pou tèt Li. Li te moun ki pwòch Bondye a—Bondye Li menm—, yon bagay nou tout konprann trè byen. (An reyalite, Li te Bondye Li menm, Bondye te rann temwayaj sou Li a. Mwen mansyone sa isit la pou m sèvi ak reyalite Jezi a pou m esplike kesyon an.) Li te mete plan jesyon Bondye a nan sant tout bagay, epi Li te toujou priye Papa ki nan syèl la epi chèche volonte Papa ki nan syèl la. Li te priye epi Li te di: “Bondye Papa! Akonpli sa ki nan volonte Ou, epi pa aji selon dezi pa M, men selon plan Ou. Lòm gendwa fèb, poukisa Ou ta dwe pran swen li? Ki jan lòm ta ka merite atansyon Ou, lòm ki tankou yon foumi nan men Ou? Nan kè M, sèl bagay Mwen vle se akonpli volonte Ou, e Mwen ta renmen pou Ou akonpli sa Ou vle fè nan Mwen selon pwòp dezi Ou yo” Sou wout pou Jerizalèm nan, Jezi te nan agoni, tankou si yon kouto t ap antre nan kè Li, men Li pa t gen menm yon ti entansyon pou Li fè bak; te toujou gen yon fòs pisan ki t ap pouse Li ale pi devan jouk kote yo t ap kloure Li sou kwa a. Finalman, yo te kloure Li sou kwa a epi Li te vin gen menm resanblans ak chè peche a, konsa Li te akonpli travay redanmsyon limanite a. Li te transande tout kontrent lanmò ak kote mò yo ye a. Devan Li, lanmò, lanfè ak kote mò yo ye a te pèdi pouvwa yo, epi Li te venk yo. Li te viv pandan trant-twa ane; pandan tout tan sa a, Li te toujou fè tout sa Li kapab pou satisfè entansyon Bondye selon travay Bondye t ap fè nan moman an, san Li pa t janm konsidere pwòp avantaj oswa pèt Li, epi Li te toujou fè plan nan enterè entansyon Bondye Papa a. Se konsa, apre yo te fin batize Li, Bondye te di: «Sa a se Pitit mwen renmen anpil la, Li fè kèn M konta anpil.» Piske sèvis Li devan Bondye te ann akò ak entansyon Bondye, Bondye te mete gwo fado pou rachte tout limanite sou zepòl Li epi Li te fè L akonpli l; konsa, Li te kalifye e Li te gen dwa pou Li akonpli travay enpòtan sa a. Pandan tout lavi Li, Li te andire soufrans san mezi pou Bondye, epi Satan te tante Li yon kantite fwa moun pa ka konte, men Li pa t janm dekouraje. Bondye te ba Li yon travay ki te tèlman enpòtan paske Li te fè Li konfyans e Li te renmen Li, e se konsa Bondye Li menm te di: «Sa a se Pitit mwen renmen anpil la, Li fè kè M kontan anpil.» Nan moman sa a, se Jezi sèlman ki te kapab akonpli misyon sa a, e sa te youn nan aspè reyalite fason Bondye te akonpli travay redanmsyon tout limanite a nan Epòk Lagras la.
Si, menm jan ak Jezi, nou kapab pran an konsiderasyon fado Bondye, epi rebele kont lachè nou, Bondye ap konfye nou gwo responsablite Li a, pou nou ka ranpli kondisyon ki nesesè pou sèvi Bondye. Se sèlman nan kondisyon konsa nou pral oze di nou se moun ki swiv volonte Bondye, yon moun ki akonpli misyon Bondye, ak yon moun ki sèvi Bondye toutbon. Lè ou konpare tèt nou ak egzanp Jezi a, èske ou oze di ou se yon moun ki pwòch Bondye? Èske ou oze di ou se yon moun ki swiv volonte Bondye? Èske ou oze di ou se yon moun ki sèvi Bondye toutbon? Jodi a, ou pa konprann kijan pou sèvi Bondye; èske ou oze di ou se yon moun ki pwòch Bondye? Si ou di ou se yon moun k ap sèvi Bondye, èske se pa blasfèm w ap fè kont Li? Reflechi sou sa: Èske se Bondye w ap sèvi, oswa se tèt ou? Ou sèvi Satan, epoutan ou pèsiste di se Bondye w ap sèvi—nan ka sa a, èske se pa blasfèm w ap fè kont Bondye? Gen anpil moun—dèyè do M—k ap pran plezi nan avantaj pozisyon yo; yo lage kò yo nan manje, yo renmen dòmi, epi yo bay lachè a tout swen posib, yo toujou pè pou lachè a pa gen okenn mwayen pou l chape. Yo pa ranpli fonksyon yo kòmsadwa nan legliz la, men yo ap viv sou do legliz la, okontrè yo bay frè ak sè yo leson sou pawòl Mwen yo, pou yo domine lòt moun depi anwo. Moun sa yo toujou ap di yo se moun ki swiv volonte Bondye e yo toujou di yo se moun ki pwòch Bondye—èske sa a pa absid? Si motivasyon ou kòrèk, men ou pa kapab sèvi ann akò ak entansyon Bondye, enben ou aji tankou yon moun sòt; men si motivasyon ou pa kòrèk, epi ou toujou di ou se yon moun k ap sèvi Bondye, alò ou se yon moun k ap opoze ak Bondye, epi Bondye ta dwe pini ou! Mwen pa gen okenn senpati pou moun konsa! Nan kay Bondye a, yo ap viv sou do lòt moun, yo toujou lage kò yo nan konfò lachè a, epi yo pa gen okenn konsiderasyon pou enterè Bondye yo. Yo toujou ap chèche avantaj pèsonèl, epi yo pa okipe entansyon Bondye. Yo pa kapab aksepte egzamen Lespri Bondye a nan anyen y ap fè. Yo toujou ap twonpe frè ak sè yo lè yo aji avèk twonpri ak manti, epi yo gen de vizaj. Yo sanble anpil ak yon rena nan yon jaden rezen, ki toujou ap vòlè rezen epi kraze jaden rezen an. Èske moun konsa ta ka moun ki pwòch Bondye? Èske ou diy pou eritye benediksyon Bondye yo? Ou pa pote okenn fado pou lavi ou ak pou legliz la; èske ou diy pou resevwa misyon Bondye? Kilès ki ta oze fè yon moun tankou ou konfyans? Lè w ap sèvi konsa, èske Bondye ta ka konfye ou yon pi gwo travay? Èske sa pa t ap lakòz travay la pran reta?
Mwen di sa pou nou ka konnen ki kondisyon nou dwe ranpli pou nou sèvi ann akò ak entansyon Bondye. Si nou pa bay Bondye kè nou, si nou pa montre konsiderasyon pou entansyon Bondye menm jan ak Jezi, l ap difisil pou nou jwenn konfyans Bondye, epi n ap fini pa resevwa jijman Bondye. Petèt jodi a, nan sèvis ou pou Bondye, ou toujou kache entansyon pou twonpe Bondye epi ou toujou aji anvè Li yon fason sipèfisyèl. An rezime, kèlkeswa jan sa ye, si ou twonpe Bondye, yon jijman san pitye ap tonbe sou ou. Kounye a, pandan nou fèk antre sou bon chemen sèvis Bondye a, bay Bondye kè nou dabò; nou pa kapab gen yon kè ki divize. Kit nou devan Bondye oswa devan lòt moun, kè ou dwe toujou ale nan sans Bondye, epi nou dwe gen detèminasyon pou nou renmen Bondye menm jan Jezi te renmen Li. Konsa, Bondye ap rann ou pafè, pou ou vin moun k ap sèvi Bondye epi dakò ak entansyon Li yo. Si ou vle pou Bondye rann ou pafè toutbon, epi pou sèvis ou ann akò ak entansyon Li yo, enben ou dwe chanje ansyen fason ou te wè lafwa nan Bondye a, epi chanje ansyen fason ou te konn sèvi Bondye, pou Bondye ka rann plis bagay nan ou pafè. Konsa, Bondye pap abandone ou, epi, menm jan ak Pyè, ou pral nan premye ran pami moun ki renmen Bondye yo. Si ou rete san repanti, enben ou pral jwenn menm sò ak Jida. Tout moun ki kwè nan Bondye dwe konprann sa.