Kijan pou Konnen Reyalite a
Bondye se yon Bondye pratik: Tout travay Li yo pratik, tout pawòl Li pale yo pratik, epi tout verite Li eksprime yo pratik. Tout sa ki pa pawòl Li yo se bagay ki vid, ki pa egziste e ki pa ka kanpe. Jodi a, Sentespri a dwe gide moun pou yo antre nan pawòl Bondye yo. Si moun vle chèche antre nan reyalite a, yo dwe chèche reyalite a epi konnen reyalite a; apre sa, yo dwe fè eksperyans reyalite a epi viv reyalite a. Plis moun konnen reyalite a, se plis yo kapab disène si pawòl lòt moun yo reyèl; plis moun konnen reyalite a, se mwens nosyon yo genyen; plis moun fè eksperyans reyalite a, se plis yo konnen zèv Bondye pratik la, epi li pi fasil pou yo libere tèt yo anba dispozisyon kòwonpi satanik yo. Plis moun gen reyalite a, se plis yo konnen Bondye, epi konsa se plis yo rayi lachè epi renmen verite a; epi plis moun gen reyalite a, se plis yo vin pi pre nòm Bondye ekzije yo. Moun Bondye genyen yo se moun ki posede reyalite a, ki konnen reyalite a, epi ki vin konnen zèv pratik Bondye yo atravè eksperyans reyalite a. Plis ou kolabore ak Bondye yon fason pratik epi ou disipline kò ou, se plis w ap rive jwenn travay Sentespri a, se plis w ap rive jwenn reyalite a, epi se plis Bondye ap eklere w; konsa, konesans ou genyen sou zèv pratik Bondye yo ap vin pi plis. Si ou kapab viv nan limyè Sentespri a bay nan moman an, lè sa a, chemen pratik ou dwe suiv la ap vin pi klè pou ou, epi w ap vin pi kapab pou separe tèt ou ak nosyon relijye yo ansanm ak ansyen pratik ki te genyen nan tan lontan. Jodi a, se reyalite a ki pwen prensipal la: plis moun gen reyalite a, konesans yo genyen sou verite a vin pi klè, epi yo konprann entansyon Bondye yo pi plis. Reyalite a kapab venk tout pawòl ak doktrin, li kapab venk tout konesans teyorik; epi plis moun yo konsantre sou reyalite a, se plis yo kapab renmen Bondye toutbon epi anvi pawòl Li yo. Si ou toujou konsantre sou reyalite a, lè sa a filozofi ou genyen sou fason pou ou aji nan monn nan, nosyon relijye ou yo ak karaktè natirèl ou ap disparèt natirèlman pandan travay Bondye ap fèt. Moun ki pa chèche reyalite a epi ki pa gen konesans sou reyalite a gen tandans chèche bagay sipènatirèl, epi yo fasil pou twonpe. Sentespri a pa kapab travay nan moun konsa, se poutèt sa yo santi yo vid epi yo santi egzistans yo pa gen sans.
Sentespri a kapab travay nan ou sèlman lè ou fòme toutbon, w ap chèche toutbon, w ap priye toutbon, epi ou dispoze soufri poutèt w ap chèche verite a. Sèl sa moun ki pa chèche verite a genyen se pawòl, doktrin ak teyori vid, epitou moun ki pa gen verite a natirèlman gen anpil nosyon sou Bondye. Moun konsa sèlman anvi pou Bondye transfòme kò lachè yo nan yon kò espirityèl pou yo kapab monte nan twazyèm syèl la. Ala moun sa yo sòt! Tout moun ki pale konsa pa gen konesans sou Bondye oswa sou reyalite a; moun konsa pa kapab kolabore ak Bondye, yo kapab sèlman rete tann yon fason pasif. Si moun vle konprann verite a epi rive konprann li aklè, anplis de sa, si yo vle antre nan verite a epi mete l an pratik, enben yo dwe fòme toutbon, chèche toutbon epi anvi verite a toutbon. Lè ou anvi toutbon epi ou kolabore ak Bondye toutbon, Lespri Bondye ap touche ou san mank epi Li ap travay nan ou; konsa, w ap jwenn plis ekleraj, w ap gen plis konesans sou reyalite a, epi sa ap ede lavi ou pi plis.
Si moun vle konnen Bondye, yo dwe premyèman konnen Bondye se yon Bondye pratik. Yo dwe konnen pawòl Bondye yo, aparisyon pratik Bondye nan lachè a, epi travay pratik Bondye. Se sèlman apre ou fin konnen tout travay Bondye yo pratik w ap kapab kolabore ak Bondye yon fason pratik; se sèlman atravè chemen sa a w ap kapab grandi nan lavi a. Tout moun ki pa gen konesans sou reyalite a pa gen mwayen pou yo fè eksperyans ak pawòl Bondye; yo pran nan pyèj nosyon yo epi yo viv nan imajinasyon yo, konsa yo pa gen konesans sou pawòl Bondye yo. Plis konesans ou genyen sou reyalite a, se plis ou vin pi pre Bondye, e relasyon ou avèk Li vin pi entim men, plis w ap chèche bagay ki flou, plis w wap chache doktrin, se tank ou prale pi lwen Bondye, e se konsa w ap santi eksperyans ou ak pawòl Bondye vin pi difisil ak pi fatigan, epi ou p ap kapab antre ladan yo. Si ou vle antre nan reyalite pawòl Bondye yo epi antre nan bon chemen lavi espirityèl ou, ou dwe premyèman konnen reyalite a epi separe tèt ou ak bagay ki flou ansanm ak bagay ki sipènatirèl. Sa vle di, ou dwe premyèman konprann fason Sentespri a eklere ou epi gide ou yon fason pratik. Konsa, si ou kapab vrèman konprann travay pratik Sentespri a nan lòm, w ap rive antre nan bon chemen pou Bondye fè ou vin pafè a.
Jodi a, tout bagay dwe kòmanse avèk reyalite a. Travay Bondye se travay ki pi pratik la; moun kapab touche l, fè eksperyans avè l epi rive reyalize li. Gen anpil bagay ki flou ak sipènatirèl nan moun, e bagay sa yo anpeche yo konnen travay Bondye ap fè kounye a. Se poutèt sa, nan eksperyans yo, yo toujou gen devyasyon epi yo toujou santi bagay yo difisil; se nosyon yo ki lakòz tout bagay sa yo. Moun yo pa kapab konprann prensip travay Sentespri a, yo pa konnen reyalite a, e konsa yo toujou negatif sou chemen yo antre a. Yo gade egzijans Bondye yo de lwen, yo pa kapab rive jwenn yo; yo sèlman wè jan pawòl Bondye yo bon toutbon, men yo pa kapab jwenn chemen pou yo antre. Sentespri a travay selon prensip sa a: se sèlman atravè kolaborasyon moun yo—atravè lapriyè, chèche epi pwoche bò kote Bondye avèk volonte yo—yo kapab jwenn rezilta, epi Sentespri a kapab klere yo epi eklere yo. Se pa Sentespri a k ap aji pou kont Li, ni se pa moun nan k ap aji pou kont li. Toude pati yo endispansab; epi plis moun yo kolabore, plis yo fè efò pou rive nan estanda Bondye mande yo, se plis travay Sentespri a ap fèt. Se sèlman kolaborasyon pratik moun yo ansanm ak travay Sentespri a ki kapab pwodui eksperyans pratik epi bay konesans sou esans pawòl Bondye yo. Gradyèlman, se atravè eksperyans sa yo yon moun finalman vin pafè. Bondye pa fè bagay sipènatirèl. Nan nosyon moun yo, Bondye Toupisan e se Li menm ki fè tout bagay; konsa, moun yo rete ap tann yon fason pasif, yo pa li pawòl Bondye ni yo pa priye, epi yo sèlman rete ap tann pou Sentespri a touche yo. Sepandan, men sa moun ki gen yon konpreyansyon ki klè yo kwè: Aksyon Bondye kapab ale sèlman nan limit kolaborasyon mwen, epi efè travay Bondye nan mwen depann de fason mwen kolabore. Lè Bondye pale, mwen dwe fè tout sa mwen kapab pou m chèche pawòl Bondye epi fè efò pou m rive nan yo; se sa mwen dwe fè.
Nan egzanp Pyè ak Pòl, nou kapab wè aklè se Pyè ki te bay reyalite a plis enpòtans. Apati eksperyans Pyè yo, nou kapab wè li te tire leson nan men moun ki te echwe nan tan lontan epi li te pran fòs nan men sen ki te viv nan epòk anvan yo. Sa montre aklè jan eksperyans Pyè yo te Pratik; yo se bagay moun kapab touche, yo fasil pou rive jwenn epi moun kapab rive atenn yo. Pòl, sepandan, te diferan. Tout sa li te pale sou yo te flou e envizib, tankou ale nan twazyèm syèl la, monte sou twòn nan ak resevwa kouwòn jistis la. Li te konsantre sou bagay ekstèn yo: pozisyon, bay moun konferans, montre kalifikasyon li yo, santi li touche pa Sentespri a, elatriye. Pa gen anyen li t ap chèche ki te reyalis, e anpil nan bagay sa yo te imajinasyon. Konsa, nou kapab wè ke tout bagay ki sipènatirèl yo—tankou fason Sentespri a touche moun, gwo lajwa moun santi, ale nan twazyèm syèl la, rive nan yon sèten nivo lajwa nan egzèsis nòmal yon moun, oswa rive nan yon sèten nivo plezi lè y ap li pawòl Bondye—okenn nan bagay sa yo pa reyalis. Tout travay Sentespri a nòmal e li trè reyalis. Lè ou li pawòl Bondye epi ou priye, ou santi yon limyè ak estabilite nan kè ou, epi bagay ki deyò yo pa kapab twouble ou; anndan ou, ou gen volonte pou renmen Bondye, ou gen volonte pou angaje w nan bagay pozitif, epi ou rayi monn mechan an. Sa vle di w ap viv nan Bondye. Se pa yon kesyon pou yon moun jwenn yon gwo plezi, jan moun yo di a; pawòl konsa pa reyalis. Jodi a, tout bagay dwe kòmanse avèk reyalite a. Tout sa Bondye fè se bagay pratik. Si, nan eksperyans ou yo, ou konsantre sou konnen Bondye yon fason pratik, ou chèche tras travay Bondye ansanm ak fason Sentespri a touche epi eklere moun; si ou manje epi w bwè pawòl Bondye yo, ou priye epi kolabore yon fason ki pi pratik, “pran fòs nan men tout moun ki te vini anvan nan tan lontan yo epi mete erè yo te fè dekote,” menm jan Pyè te fè; si ou koute avèk zòrèy ou, obsève avèk je ou, priye epi reflechi souvan nan kè ou, epi ou fè tout sa ou kapab pou kolabore ak travay Bondye, lè sa a Bondye ap gide ou san mank.