Konsènan Misyon Ou nan Lavni, Kijan Ou Ta Dwe Abòde L?
Èske ou kapab pran dispozisyon Bondye te eksprime nan chak epòk epi kominike l nan yon fason konkrè, avèk yon langaj ki apwopriye epi ki pote siyifikasyon epòk sa a? Èske ou menm, ki fè eksperyans travay Bondye nan dènye jou yo, kapab pran dispozisyon dwat Bondye a epi dekri l an detay? Èske ou kapab pran dispozisyon Bondye a epi temwaye sou li nan yon fason klè e egzak? Kijan w ap pran sa ou wè ak sa ou viv yo pou w rakonte yo bay kwayan relijye sa yo ki mizerab, ki pòv e ki devwe, ki grangou e ki swaf dwati, epi k ap tann pou w vin bèje yo? Moun k ap tann pou w vin bèje yo a, ki kalite «moun» yo ye? Èske ou ka imajine? Fado ki sou zepòl ou a, manda w la, ansanm ak responsablite w—èske ou okouran tout bagay sa yo? Kote sans misyon istorik ou a ye? Kijan w ap fè pou w byen sèvi kòm mèt pwochen epòk la? Èske w santi w gen yon gwo sans ke ou se yon mèt? Kijan yo ta dwe eksplike «mèt tout bagay»? Èske se vrèman mèt kreyati vivan yo ak tout bagay fizik ki nan mond lan? Ki plan ou genyen pou pwogrè pwochen etap travay la? Konbyen moun ki dwe genyen k ap tann pou w vin bèje yo? Èske tach ou a lou? Yo pòv, yo mizerab, yo avèg, epi yo pèdi bousòl yo, y ap tonbe nan fènwa epi y ap pouse rèl—kote chemen an ye? Ala yo anvi wè limyè a desann toudenkou, tankou yon etwal filan, pou l chase fòs fènwa yo ki oprime lòm depi tout ane sa yo. Yo anvi sa nan dezespwa, epi y ap soupire lajounen kou lannwit—kiyès ki ka konnen sa nèt ale, nan tout pwofondè l? Menm nan jou limyè a pase kou zèklè a, moun sa yo k ap soufri anpil yo toujou fèmen nan yon kacho fènwa, san yo pa kapab jwenn liberasyon; kilè yo va sispann kriye? Ala sa terib pou lespri frajil sa yo, ki pa janm jwenn repo, pou yo soufri yon malè konsa. Sa fè lontan depi yo rete mare anba kòd san pitye ak anba yon istwa ki jele. Epi kiyès ki janm tande rèl yo? Kiyès ki janm wè eta mizerab yo a? Èske ou janm panse kijan kè Bondye plen lapenn ak enkyetid? Kijan Li ka sipòte wè limanite inosan Li te kreye ak pwòp men Li a ap soufri yon touman konsa? Apre tou, limanite se sila ki gen devenn nan, yo te anpwazonnen an. Epi malgre limanite rive siviv jouk jodi a, kiyès ki ta konnen se depi lontan mechan an te anpwazonnen limanite? Èske ou bliye ou se youn nan viktim yo? Èske ou pa dispoze fè efò, poutèt lanmou ou gen pou Bondye a, pou w sove tout sivivan sa yo? Èske ou pa dispoze konsakre tout fòs ou pou w rekonpanse Bondye, ki renmen lòm menm jan ak pwòp chè ak san Li? Kijan egzakteman ou konprann sa sa vle di pou Bondye itilize w pou w viv lavi estrawòdinè w la? Èske ou vrèman gen detèminasyon ak lafwa pou w viv lavi ki gen sans, lavi «yon moun ki devwe, k ap sèvi Bondye»?