Chape Anba Enfliyans Fènwa, epi Bondye Ap Genyen Ou.

Ki sa enfliyans fènwa a ye? Sa yo rele “enfliyans fènwa” a se enfliyans Satan genyen lè li twonpe moun, kòwonp yo, mare yo epi kontwole yo; enfliyans Satan an se yon enfliyans ki gen yon atmosfè lanmò. Tout moun k ap viv anba pouvwa Satan kondane pou peri. Ki jan ou ka chape anba enfliyans fènwa a apre ou vin kwè nan Bondye? Lè ou fin priye Bondye avèk senserite, kè ou ap tounen vin jwenn Li nèt; nan moman sa a, Lespri Bondye ap touche kè ou, epi w ap vin dispoze pou bay tèt ou nèt pou Li, epi se nan moman sa a ou ap chape anba enfliyans fènwa a. Si tout sa yon moun fè se bagay ki fè Bondye plezi epi ki annakò ak egzijans Li yo, lè sa a moun sa a se yon moun k ap viv nan pawòl Bondye yo epi anba swen ak pwoteksyon Li. Si moun yo pa kapab mete pawòl Bondye yo an pratik, si yo toujou ap aji yon fason ki neglijan anvè Li, epi yo pa kwè nan egzistans Li, enben yo tout se se moun k ap viv anba enfliyans fènwa a. Tout moun Bondye poko sove ap viv anba pouvwa Satan; sa vle di, yo tout ap viv anba enfliyans fènwa a. Moun ki pa kwè nan Bondye ap viv anba pouvwa Satan. Menm moun ki kwè nan egzistans Bondye pa nesesèman ap viv nan limyè Li, paske moun ki kwè nan Li yo pa nesesèman ap viv nan pawòl Li yo ni kapab soumèt devan Li. Lòm limite tèt li sèlman nan kwè nan Bondye, e paske li pa gen konesans sou Bondye, li toujou ap viv selon ansyen règleman yo, l ap viv nan mitan pawòl ki pa gen lavi, epi l ap mennen yon lavi ki nan fènwa ak konfizyon; san Bondye pa fin pirifye l nèt, ni pran l nèt pou Li. Se poutèt sa, li klè moun ki pa kwè nan Bondye ap viv anba enfliyans fènwa; menm moun ki kwè Bondye egziste ka toujou ap viv anba enfliyans sa a paske yo pa gen travay Sentespri a nan yo. Moun ki pa gen gras oswa mizèrikòd Bondye pa kapab wè tandans travay Sentespri a. Tout moun ki pa kapab disène si Sentespri a ap travay nan yo oswa Li pap travay nan yo ap viv anba enfliyans fènwa; e pifò tan, se menm bagay la pou moun ki sèlman ap jwi gras Bondye a san yo pa konnen Li. Si yon moun kwè nan Bondye, men li pase pifò nan lavi li ap viv anba enfliyans fènwa, lè sa a, egzistans moun sa a pèdi sans li; epi èske li menm nesesè pou nou pale de moun ki pa kwè Bondye egziste?

Tout moun ki pa kapab aksepte travay Bondye a, oswa ki aksepte travay Bondye a men ki pa kapab satisfè egzijans Li yo, se moun k ap viv anba enfliyans fènwa. Se sèlman moun ki chèche laverite epi ki kapab satisfè egzijans Bondye yo ki resevwa benediksyon nan men Bondye, e se yo menm sèlman ki chape anba enfliyans fènwa a. Moun ki pa santi yo lib, ki toujou anba kontrent kèk bagay, epi ki pa kapab bay Bondye kè yo, se moun ki anba esklavaj Satan epi k ap viv nan mitan yon atmosfè lanmò. Moun ki pa devwe nan devwa yo dwe ranpli a ki pa devwe nan manda Bondye ba yo, epi ki pa ranpli fonksyon yo nan legliz la, se moun k ap viv anba enfliyans fènwa a. Moun ki chwazi deranje lavi legliz la, ki simen divizyon nan mitan frè ak sè yo entansyonèlman, oswa ki fòme ti klan pa yo, se moun k ap viv anba enfliyans fènwa plis toujou, nan esklavaj Satan. Moun ki gen yon relasyon ki pa nòmal avèk Bondye, ki toujou gen dezi egzajere, ki toujou vle tire yon avantaj, epi ki senpleman pa vle chèche yon chanjman nan dispozisyon yo, se moun k ap viv anba enfliyans fènwa. Moun ki toujou neglijan epi ki pa janm serye nan mete laverite an pratik, ki pa chèche satisfè entansyon Bondye yo, epi ki sèlman chèche satisfè lachè yo, se moun k ap viv anba enfliyans fènwa a tou, anba lonbraj lanmò. Moun ki sèvi ak twonpri ak riz lè y ap travay pou Bondye, ki aji avèk neglijans anvè Bondye, ki twonpe Bondye, epi ki toujou ap fè plan pou tèt yo, se moun k ap viv anba enfliyans fènwa a. Tout moun ki pa kapab renmen Bondye ak yon kè sensè, ki pa chèche laverite, epi ki pa konsantre sou chanje dispozisyon yo, se moun k ap viv anba enfliyans fènwa a.

Si ou vle jwenn apwobasyon Bondye, dabò fòk ou chape anba enfliyans fènwa Satan, ouvri kè ou bay Bondye epi vire l nèt sou Li. Èske bagay w ap fè kounye a se bagay Bondye apwouve? Èske kè ou tounen vin jwenn Bondye? Èske bagay w ap fè yo se bagay Bondye mande ou fè? Èske yo annakò ak laverite? Egzamine tèt ou tout tan epi konsantre w sou manje ak bwè pawòl Bondye yo; louvri kè ou devan Li, renmen Li avèk senserite, epi konsakre tèt ou nèt pou Bondye avèk devouman. Moun ki fè sa ap resevwa apwobasyon Bondye sètènman. Tout moun ki kwè nan Bondye, men ki pa chèche laverite, pa gen okenn fason pou yo chape anba enfliyans Satan. Tout moun ki pa konpòte yo avèk senserite, ki aji yon fason devan lòt moun men yon lòt fason dèyè do yo, ki bay aparans imilite, pasyans ak lanmou, alòske nan fon yo se moun ki twonpe moun e ki rize, epi ki pa gen okenn fidelite anvè Bondye—moun sa yo se reprezantan tipik moun k ap viv anba enfliyans fènwa a; yo se moun ki menm ras ak sèpan an. Moun ki, nan kwayans yo nan Bondye, sèlman ap fè kalkil pou pwòp enterè yo, ki kwè yo jis epi ki bay tèt yo twòp enpòtans, ki fè grandizè, epi ki pwoteje pwòp pozisyon yo, se moun ki renmen Satan epi ki opoze ak verite a. Moun sa yo reziste kont Bondye e yo pou Satan nèt. Moun ki pa pran an konsiderasyon fado Bondye yo, ki pa sèvi Bondye ak tout kè yo, ki toujou konsène ak pwòp enterè yo ak enterè fanmi yo, ki pa kapab abandone tout bagay pou konsakre tèt yo pou Bondye, epi ki pa janm viv selon pawòl Li yo, se moun ki andeyò pawòl Li yo. Moun konsa pa kapab resevwa apwobasyjpon Bondye.

Lè Bondye te kreye moun, se te pou yo te kapab jwi abondans Li epi renmen Li ak tout kè yo pou tout bon; konsa, yo t ap viv nan limyè Li. Jodi a, tout moun ki pa kapab renmen Bondye, ki pa kapran fado Li yo an konsiderasyon, ki pa ka bay Li tout kè yo, ki pa kapran sa ki nan kè Li kòm pwòp sa ki nan kè yo, epi ki pa ka pote fado Li yo tankou pwòp fado pa yo, pa gen limyè Bondye k ap klere sou yo; se poutèt sa, yo tout ap viv anba enfliyans fènwa a. Moun sa yo kontredi entansyon Bondye yo nèt, epi pa gen menm yon ti kras laverite nan anyen yo fè. Yo ap woule kò yo nan labou ak Satan; yo se moun k ap viv anba enfliyans fènwa a. Si ou kapab manje epi bwè pawòl Bondye yo souvan, pran entansyon Li yo an konsiderasyon epi mete pawòl Li yo an pratik, lè sa a Bondye chwazi ou, epi ou se yon moun k ap viv nan pawòl Li yo. Èske ou vle chape anba pouvwa Satan epi viv nan limyè Bondye? Si ou ap viv nan pawòl Bondye yo, lè sa a Sentespri a ap gen posiblite pou Li fè travay Li. Si ou ap viv anba enfliyans Satan, Sentespri a pap gen yon posibilite konsa. Travay Sentespri a fè sou moun, limyè Li fè klere sou yo ak lafwa Li ba yo dire sèlman pou yon moman; si moun yo pa veye epi yo pa bay sa atansyon, travay Sentespri a ap pase bò kote yo. Si moun yo ap viv nan pawòl Bondye yo, lè sa a Sentespri a ap avèk yo epi L ap fè travay sou yo. Si yo pa viv nan pawòl Bondye yo, lè sa a yo ap viv nan esklavaj Satan. Si y ap viv nan dispozisyon kòwonpi, lè sa a yo pa gen prezans oubyentravay Sentespri a. Si w ap viv nan limit pawòl Bondye yo, epi ou nan kondisyon Bondye mande a, lè sa a ou se yon moun Li chwazi, e Li ap fè travay Li sou ou. Si ou pa viv nan limit egzijans Bondye yo, men w ap viv anba pouvwa Satan pito, lè sa a, w ap viv nan koripsyon Satan san okenn dout. Se sèlman lè ou viv nan pawòl Bondye yo epi ou ba Li kè ou ou kapab satisfè egzijans Li yo. Ou dwe fè l jan Bondye di a, fè pawòl Li yo tounen fondasyon egzistans ou ak reyalite lavi ou chak jou; se sèlman lè sa a ou se yon moun Bondye chwazi. Si ou vrèman aji ann akò ak entansyon Bondye yo, Li ap fè travay Li sou ou, epi lè sa a w ap viv anba benediksyon Li, nan limyè prezansLi; w ap konprann travay Sentespri a epi w ap santi lajwa prezans Bondye.

Pou chape anba enfliyans fènwa a, ou dwe dabò rete fidèl anvè Bondye epi gen yon kè k ap chèche verite a; se sèlman lè sa a ou kapab nan yon bon kondisyon. Viv nan yon bon kondisyon se egzakteman kondisyon ki nesesè pou chape anba enfliyans fènwa a. Lè yon moun pa nan yon bon kondisyon, sa vle di li pa fidèl anvè Bondye epi li pa gen yon kè k ap chèche verite a; nan ka sa a, pa gen okenn posibilite pou li chape anba enfliyans fènwa a. Pawòl Mwen yo se baz pou lèzòm chape anba enfliyans fènwa a, e moun ki pa kapab mete pawòl Mwen yo an pratik pap kapab chape anba esklavaj enfliyans fènwa a. Viv nan yon bon kondisyon se viv anba direksyon pawòl Bondye yo, se viv nan yon kondisyon kote ou fidèl anvè Bondye, viv nan yon kondisyon kote w ap chèche verite a, se viv nan reyalite kote w ap konsakre tèt ou pou Bondye avèk senserite, epi viv nan yon kondisyon kote w renmen Bondye toutbon. Moun ki viv nan kondisyon sa yo e nan reyalite sa yo ap transfòme piti piti pandan y ap antre pi fon nan verite a; e pandan travay la ap vin pi pwofon; alafen, yo pral sètènman vin moun Bondye genyen e ki renmen Bondye toutbon. Moun ki chape anba enfliyans fènwa a kapab konprann entansyon Bondye yo piti piti, epi vin konprann yo plis toujou, pou finalman yo vin zanmi entim Bondye. Non sèlman yo pa gen okenn nosyon sou Bondye epi yo pa rebele kont Li, men yo vin rayi plis toujou nosyon ak rebelyon yo te genyen nan tan lontan, epi yon lanmou toutbon pou Bondye leve nan kè yo. Moun ki pa kapab chape anba enfliyans fènwa a se moun ki konplètman anvayi ak bagay lachè epi ki chaje ak rebelyon; kè yo plen ak nosyon lèzòm eKonsepsyon pou jere zafè monn nan, ansanm ak pwòp entansyon ak plan pa yo. Sa Bondye vle se yon lanmou san pataj nan men lèzòm; sa Li vle se pou pawòl Li yo e yon kè ki plen lanmou pou Li okipe lèzòm. Viv nan pawòl Bondye yo, jwenn nan pawòl Li yo sa moun ta dwe chèche, renmen Bondye poutèt pawòl Li yo, kouri poutèt pawòl Li yo, viv poutèt pawòl Li yo—se sa moun ta dwe rive atenn. Tout bagay dwe bati sou pawòl Bondye yo; se sèlman lè sa a lèzòm ap kapab satisfè egzijans Bondye yo. Si lèzòm pa ekipe ak pawòl Bondye yo, enben yo pa lòt bagay pase yon vè Satan posede! Reflechi sou sa: Ki kantite nan pawòl Bondye yo ki pran rasin anndan ou? Nan ki bagay ou ap viv annakò ak pawòl Li yo? Nan ki bagay ou pap viv annakò avèk yo? Si pawòl Bondye yo poko anvayi ou nèt, alò, ki sa k ap okipe kè ou egzakteman? Nan lavi ou chak jou, èske se Satan ki kontwole ou, oswa se pawòl Bondye yo ki okipe ou? Èske priyè ou yo chita sou fondasyon pawòl Bondye yo? Èske, gras a limyè pawòl Bondye yo, ou soti nan kondisyon negatif ou a? Pran pawòl Bondye yo kòm fondasyon egzistans ou—se nan sa tout moun dwe antre. Si pawòl Li yo pa prezan nan lavi ou, enben w ap viv anba enfliyans fènwa, w ap rebele kont Bondye, w ap reziste kont Li, epi w ap dezonore non Li. Kwayans moun sa yo genyen nan Bondye se yon senp maskarad ak yon sous twoub! Konbyen tan ou pase ap viv annakò avèk pawòl Li yo? Konbyen tan ou pa fè sa? Nan tout sa pawòl Bondye yo mande ou fè, ki kantite ki reyalize nan ou? Ki kantite ki pèdi nan ou? Èske ou egzamine bagay sa yo avèk anpil atansyon?

Chape anba enfliyans fènwa a mande travay Sentespri a ansanm ak pi gwo kolaborasyon lèzòm kapab bay. Poukisa Mwen di lèzòm pa sou bon chemen an? Moun ki sou bon chemen an kapab bay Bondye kè yo dabò. Se yon leson ki mande anpil tan pou moun antre ladan l, paske limanite toujou ap viv anba enfliyans fènwa, epi li anba esklavaj Satan depi plizyè milye ane. Kidonk, li pa posib pou moun rive antre nan sa nan youn oswa de jou sèlman. Mwen soulve kesyon sa a jodi a pou moun kapab konprann pwòp kondisyon yo; depi moun kapab disène sa enfliyans fènwa a ye ak sa sa vle di pou viv nan limyè a, antre nan sa vin pi fasil. Se paske ou dwe konnen ki sa enfliyans Satan an ye anvan ou kapab chape anba li; se sèlman apre sa w ap gen yon fason pou w libere tèt ou piti piti anba enfliyans sa a. Kanta pou sa pou fè apre sa, se responsablite chak moun. Antre nan tout bagay apati yon aspè pozitif, epi pa janm tann pasivman. Se sèlman konsa Bondye kapab genyen ou.

Anvan: Èske travay Bondye a se yon travay senp jan lòm panse a?

Apre: Pran Entansyon Bondye yo an Konsiderasyon pou w Rive nan Pèfeksyon.

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger