Bondye Gen Souverènte Sou Sò Tout Limanite

Antanke manm limanite ak kretyen ki devwe, se responsablite ak obligasyon nou tout pou nou ofri lespri nou ak kò nou pou akonpli misyon Bondye konfye nou an, paske tout sa nou ye soti nan Bondye, epi nou egziste grasa souverènte Bondye. Si nou pa konsakre lespri nou ak kò nou nan misyon Bondye konfye nou an ak nan koz jis limanite a, lè sa a nanm nou ap wont devan moun ki te bay lavi yo kòm mati pou misyon Bondye a, e n ap wont pi plis toujou devan Bondye, Li menm ki ban nou tout bagay.

Bondye te kreye mond sa a, Li te kreye limanite sa a, e se Li menm tou ki te achitèk kilti ansyen Lagrès ak sivilizasyon limanite. Se Bondye sèlman ki konsole limanite sa a, e se Bondye sèlman ki veye sou limanite sa a lajounen kou lannuit. Devlopman ak pwogrè limanite pa ka separe ak souverènte Bondye, epi ni istwa limanite ni avni li pa ka chape anba aranjman Bondye fè ak men Li. Si ou se yon vrè kretyen, se sèten ou kwè ke leve ak tonbe nenpòt peyi oswa nasyon fèt anba aranjman Bondye. Se Bondye sèlman ki konnen sò nenpòt peyi oswa nasyon, e se Bondye sèlman ki kontwole direksyon limanite sa a ap pran. Si limanite vle gen yon bon sò, si yon peyi vle gen yon bon sò, ebyen tout limanite dwe bese tèt li devan Bondye epi adore Li, epi vin devan Bondye pou repanti ak konfese ba Li; sinon, sò ak destinasyon limanite pral yon katastwòf yo p ap kapab evite.

Al gade nan epòk kote Noye te bati lach la: Limanite te kowonpi jouk nan zo, yo te elwaye yo de benediksyon Bondye yo, Bondye pa t ap veye sou yo ankò, epi yo te pèdi pwomès Bondye yo. Yo t ap viv nan fènwa, san limyè Bondye. Apre sa, nati yo te vin gen yon nati pèvès, epi yo te vin tèlman kowonpi, sa te lèd pou wè. Yon limanite konsa pa t kapab resevwa pwomès Bondye a ankò; yo pa t diy pou wè fas Bondye ni pou tande vwa Bondye, paske yo te abandone Bondye, yo te voye tout sa Li te ba yo jete, epi yo te bliye pawòl ansèyman Bondye yo. Kè yo te vin pi lwen Bondye chak jou, epi apre sa, yo te vin tèlman kowonpi, yo te pèdi larezon ak limanite yo, epi yo te vin pi mechan toujou. Apre sa, yo te pran chemen lanmò epi yo te tonbe anba kòlè ak pinisyon Bondye. Se Noye sèlman ki te adore Bondye epi ki te evite sa ki mal, se sa ki fè li te kapab tande vwa Bondye epi tande enstriksyon Li yo. Li te bati lach la dapre enstriksyon ki nan pawòl Bondye a, epi li te rasanble tout kalite kreyati vivan ladan l. Konsa, lè tout bagay te fin pare, Bondye te kòmanse travay Li pou detwi monn nan. Se sèlman Noye ak sèt lòt manm fanmi li ki te chape anba destriksyon an, paske Noye te adore Jewova epi li te evite sa ki mal.

Kounye a, gade epòk jodi a: Moun ki jis tankou Noye, ki te kapab adore Bondye epi evite sa ki mal, pa egziste ankò. Epoutan Bondye toujou gen gras pou limanite sa a, epi Li kontinye montre tolerans pou limanite dènye epòk sa a. Bondye ap chèche moun ki anvi wè Li parèt, Li ap chèche moun ki koute pawòl Li yo, Li ap chèche moun ki pa bliye misyon Li konfye yo a epi ki ofri kè yo ak kò yo ba Li, epi Li ap chèche moun ki pa fè rebèl kont Li e ki soumèt devan Li tankou ti bebe. Si ou konsakre tèt ou bay Bondye, san okenn fòs pa anpeche w, ebyen ou pral yon moun Bondye gade ak favè, epi ou pral yon moun Bondye beni. Si ou gen yon gwo pozisyon, yon gwo repitasyon, anpil konesans, yon pakèt byen, ak sipò anpil moun, men bagay sa yo pa deranje w, epi ou toujou vin devan Bondye pou aksepte apèl Li ak misyon Li konfye w la, epi pou fè sa Bondye mande w fè, lè sa a, tout sa ou fè pral koz ki gen plis sans sou latè ak pwojè ki pi jis nan limanite. Si ou rejte apèl Bondye poutèt pozisyon ou oswa pwòp objektif ou, tout sa ou fè ap madichonnen, e anplis, Bondye ap rayi l. Petèt ou se yon prezidan, yon syantifik, yon pastè, oswa yon ansyen, men kèlkeswa jan pozisyon ou wo, si ou sèvi ak kapasite ak konesans ou pou reyalize zafè pa ou, ou ap toujou yon moun ki echwe, epi ou ap toujou yon moun ki san benediksyon Bondye, paske Bondye pa aksepte anyen nan sa ou fè. Li pa rekonèt sa ou fè kòm yon koz jis, ni Li pa rekonèt ou ap travay pou byen limanite. Li pral di tout sa ou fè se sèvi ak konesans ak fòs lèzòm pou eseye repouse pwoteksyon Bondye sou limanite, epi lè w fè sa, se benediksyon Bondye yo w ap nye. Li pral di ou ap mennen limanite nan fènwa, nan lanmò, epi nan kòmansman yon egzistans san limit kote limanite san Bondye epi li pèdi benediksyon Li yo.

Depi syans sosyal yo te parèt, syans ak konesans te pran plas nan kè lèzòm. Apre sa, syans ak konesans te vin tounen zouti pou dirije lèzòm, sa ki fè yo pa gen ase espas pou adore Bondye, ni yo pa gen menm kantite kondisyon favorab pou adore Bondye. Pozisyon Bondye nan kè tout moun desann pi ba pase tout tan anvan yo. Lè pa gen plas pou Bondye nan kè lèzòm, anndan yo vin fènwa, san espwa, epi vid. Apre sa, anpil espesyalis nan syans sosyal, istoryen ak politisyen te parèt pou prezante teyori syans sosyal, teyori sou evolisyon lèzòm, ak lòt teyori ki kontredi verite a ki fè konnen Bondye te kreye limanite, yon fason pou ranpli kè ak lespri lèzòm. Konsa, kantite moun ki kwè Bondye te kreye tout bagay vin pi piti toujou, tandiske kantite moun ki kwè nan teyori evolisyon an vin pi plis pase tout tan anvan yo. Chak jou gen plis moun ki konsidere sa ki ekri sou travay Bondye ak pawòl Li yo pandan Epòk Ansyen Testaman an kòm mit ak lejann. Nan kè yo, moun vin endiferan devan diyite ak grandè Bondye, epi yo vin endiferan devan egzistans Bondye ak prensip ki fè konnen Bondye gen souverènte sou tout bagay. Sivi limanite ak sò peyi ak nasyon yo pa enpòtan pou yo ankò, epi limanite ap viv nan yon mond vid kote sèl sa ki okipe lespri moun se manje, bwè ak chèche plezi. … Se kèk moun sèlman ki pran responsablite pou chèche kote Bondye ap fè travay Li jodi a, oswa pou chèche konnen kijan Li gen souverènte sou destinasyon limanite epi Li fè aranjman nan destinasyon sa a. Konsa, san lèzòm pa rann yo kont, sivilizasyon lèzòm vin mwens ann akò chak jou ak sa lèzòm swete, e gen menm anpil moun ki santi, lè y ap viv nan yon mond konsa, yo gen mwens kè kontan pase moun ki deja mouri yo. Menm moun nan peyi ki te konn gen yon nivo sivilizasyon ki wo anpil konn plenyen konsa. Paske san Bondye k ap gide yo, menm si dirijan yo ak sosyològ yo kraze tèt yo pou prezève sivilizasyon lèzòm, sa pa sèvi anyen. Pa gen okenn moun ki kapab ranpli vid ki nan kè lèzòm, paske pa gen okenn moun ki kapab yon sous lavi pou lòm, epi pa gen okenn teyori sosyal ki kapab libere lòm anba pwoblèm vid sa a poze. Syans, konesans, libète, demokrasi, plezi ak konfò sèlman konsole lòm pou yon ti tan. Menm avèk bagay sa yo, limanite toujou pa ka evite fè peche epi plenyen poutèt enjistis ki genyen nan sosyete a. Bagay sa yo pa kapab anpeche limanite kontinye gen anvi ak dezi pou eksplore. Se paske se Bondye ki te kreye lòm, epi sakrifis san sans ak eksplorasyon limanite yo sèlman pote plis tètchaje pou lòm, epi fè lòm ap viv ak kè sote san rete, san li pa konnen kijan pou li fè fas ak avni limanite oswa kijan pou li fè fas ak chemen ki devan li. Sa rive nan yon pwen kote limanite menm pè lasyans, pè konesans, epi li pè santiman vid la plis toujou. Nan monn sa a, kit ou ap viv nan yon peyi ki lib, kit ou ap viv nan yon peyi kote pa gen dwa moun, ou pa kapab chape ditou anba sò limanite. Kit ou se moun k ap dirije, kit ou se moun y ap dirije, ou konplètman pa kapab chape ditou anba dezi pou eksplore sò, mistè ak destinasyon limanite, alewè pou ou ta kapab chape anba santiman vid sa a moun pa ka eksplike. Fenomèn sa yo, ki komen pou tout limanite, sosyològ yo rele yo fenomèn sosyal, epoutan pa gen okenn gwo moun ki kapab parèt pou rezoud pwoblèm sa yo. Apre tou, lòm se lòm, epi pèsonn pa kapab ranplase pozisyon Bondye okipe ni lavi Bondye a. Sa limanite bezwen se pa sèlman yon sosyete ki jis kote tout moun manje vant plen, kote tout moun egal epi lib; sa limanite bezwen se sali Bondye ak pwovizyon lavi Li fè pou yo. Se sèlman lè limanite resevwa pwovizyon lavi Bondye a ak sali Li a, bezwen yo, dezi yo genyen pou eksplore, ak vid ki nan kè yo kapab jwenn solisyon. Si moun ki nan yon peyi oswa yon nasyon pa kapab resevwa sali Bondye ak pwoteksyon Li, yon peyi oswa yon nasyon konsa ap pran wout pou l efondre, l ap pran chemen fènwa, epi kòm rezilta, Bondye ap detwi li nèt.

Petèt peyi ou ap pwospere kounye a, men si ou lakòz pèp ou a kite chemen Bondye, ebyen peyi ou ap vin manke benediksyon Bondye pi plis chak jou, lèzòm ap pilonnen sivilizasyon li a anba pye yo plis chak jou, epi anvan lontan, pèp li a ap leve kont Bondye epi madichonnen Syèl la. Konsa, san moun pa rann yo kont, avni peyi sa ap gate. Bondye ap fè peyi ki gen anpil pouvwa leve pou opoze ak peyi sa yo ke Bondye madichonnen, e Li ka menm efase yo sou fas tè a. Sa ki pi enpòtan pou detèmine si yon peyi oswa yon nasyon ap pwospere oswa disparèt, se si dirijan li yo adore Bondye, epi si yo mennen pèp yo pwoche bò kote Bondye epi adore Li. Men nan dènye epòk sa a, paske moun ki chèche Bondye epi adore Li ak senserite vin pi ra chak jou, Bondye lage yon favè espesyal sou peyi kote Krisyanis se relijyon Leta a. Li rasanble peyi sa yo pou fòme kan ki relativman jis nan monn nan, tandiske peyi ate yo ak peyi ki pa adore vrè Bondye a vin tounen opozan kan ki jis la. Konsa, non sèlman Bondye gen yon plas nan mitan limanite kote Li kapab fè travay Li, men anmenmtan, Li genyen peyi ki egzèse yon otorite ki jis, sa ki pèmèt yo enpoze sanksyon ak restriksyon sou peyi ki reziste Li yo. Malgre sa, Bondye toujou pa kapab jwenn plis moun pou adore Li, paske limanite ale twò lwen Li, epi li bliye Bondye depi twò lontan, epi sou tè sa a, se sèlman kèk peyi ki egzèse jistis epi ki reziste kont enjistis. Men, sa toujou lwen sa Bondye swete, paske pa gen okenn dirijan peyi ki pral kite Bondye reye sou pèp yo a, epi pa gen okenn pati politik ki pral rasanble moun li yo pou rann Bondye omaj. Bondye pèdi plas ki pou Li a nan kè chak peyi, chak nasyon, chak pati k ap dirije, e menm nan kè chak moun. Malgre gen kèk fòs ki jis ki egziste nan mond sa a, nenpòt pouvwa kote Bondye pa gen okenn plas nan kè lèzòm frajil anpil, epi yon sèn politik ki pa gen benediksyon Bondye, se yon sèn ki an dezòd e li pa kapab siviv menm yon sèl kou. Pou limanite, viv san benediksyon Bondye se menm bagay ak viv san solèy. Kèlkeswa jan dirijan yo travay san pran souf pou pote kontribisyon pou pèp yo a, kèlkeswa kantite konferans sou jistis limanite òganize, okenn nan bagay sa yo p ap kapab ranvèse tandans lan ni chanje sò limanite. Lòm kwè yon peyi kote moun gen manje ak rad, epi y ap viv ansanm nan lapè, se yon bon peyi ki gen bon dirijan. Men Bondye pa panse konsa. Li kwè yon peyi kote pèsonn pa adore Li se yon peyi Li pral detwi nèt. Panse lòm toujou diferan anpil ak panse Bondye. Kidonk, si chèf yon peyi pa adore Bondye, sò peyi sa a pral tris anpil, epi peyi sa a p ap gen okenn kote l prale.

Bondye pa patisipe nan politik lèzòm, epoutan Li kontwole sò chak peyi ak chak nasyon, Li kontwole mond sa a, epi Li kontwole tout linivè a. Sò limanite ak plan Bondye gen yon koneksyon sere, epi pa gen okenn moun, okenn peyi, ni okenn nasyon ki kapab chape anba souverènte Bondye. Pou yon moun konnen sò limanite, li dwe vin devan Bondye. Bondye ap fè moun nan limanite ki suiv Li epi adore Li yo pwospere, epi Li ap fè moun ki reziste ak Li epi rejte Li yo depafini jiskaske yo peri.

Sonje sèn nan Bib la kote Bondye te detwi Sodòm, epi reflechi tou sou jan madanm Lòt te vin tounen yon poto sèl. Sonje jan moun Niniv yo te repanti epi konfese peche yo pandan yo te abiye ak rad sak epi chita nan sann. Sonje tou ki jan sa te fini pou jwif yo apre yo te kloure Jezi sou kwa a sa gen 2,000 ane─yo te chase yo soti ann Izrayèl, epi yo te kouri al nan peyi toupatou nan mond lan; anpil nan yo te mouri, epi tout nasyon jwif la te sibi yon doulè san parèy akoz peyi yo te detwi nèt. Yo te kloure Bondye sou kwa a─yo te komèt yon peche tèrib anpil─epi yo te pwovoke dispozisyon Bondye. Yo te oblije peye pou sa yo te fè, epi yo te oblije sibi tout konsekans aksyon yo. Yo te kondane Bondye, yo te rejte Bondye, e konsa yo te gen yon sèl sò: Bondye te dwe pini yo. Se te konsekans anmè ak dezas dirijan yo te pote sou peyi yo ak sou nasyon yo a.

Jodi a, Bondye retounen nan mitan lòm pou fè travay Li, epi premye kote Li kanpe nan travay Li a se peyi ki reprezante diktati yo pi byen an: Lachin, yon fòtrès kote ateyis solid anpil. Grasa sajès ak pouvwa Li, Bondye genyen yon gwoup moun. Pandan peryòd sa a, pati k ap dirije Lachin nan te pouswiv Li ak tout kalite mwayen epi fè Li sibi tout kalite soufrans, san Li pa gen okenn kote pou repoze tèt Li ni okenn kote pou pran refij. Malgre sa, Bondye toujou kontinye fè travay Li gen entansyon fè a: pale, deklare, epi gaye levanjil la. Pa gen okenn moun ki kapab konprann pwofondè toupisans Bondye. Nan Lachin, yon peyi ki konsidere Bondye kòm yon ènmi, Bondye pa janm sispann fè travay Li. Okontrè, plis moun aksepte travay Li ak pawòl Li, paske Bondye sove chak grenn moun nan limanite nan pi gwo mezi ki posib. Nou tout kwè pa gen okenn peyi ni okenn fòs ki kapab anpeche sa Bondye gen entansyon akonpli, epi moun ki eseye anpeche travay Bondye, ki reziste pawòl Bondye, epi ki deranje epi eseye nui plan Bondye a, alafen Bondye ap pini yo. Si yon moun reziste travay Bondye, Bondye ap voye moun sa a nan lanfè; si yon peyi leve pou reziste travay Bondye, Bondye ap detwi li; si yon nasyon leve pou opoze ak travay Bondye, Bondye ap efase nasyon sa a sou latè epi mete fen nan egzistans li. Mwen ankouraje moun nan tout nasyon ak tout peyi, e menm moun nan tout sektè yo, pou yo vin koute vwa Bondye, pou yo vin gade travay Bondye, epi pou yo pote atansyon sou sò limanite. Konsa, yo pral fè Bondye vin sila ki pi sen, ki pi onore, ki pi wo, epi sèl sila limanite adore, epi sa pral pèmèt tout limanite viv nan mitan benediksyon Bondye, menm jan desandan Abraram yo te viv anba pwomès Jewova a, epi menm jan Adan ak Èv, Bondye te kreye nan kòmansman an, te viv nan Jaden Edenn nan.

Travay Bondye a ap vanse ak fòs tankou yon vag pisan. Pèsonn pa kapab anpeche Li avanse, epi pèsonn pa kapab kanpe mach Li. Se sèlman moun ki koute pawòl Li yo avèk anpil atansyon, ki chèche Li epi ki swaf Li, ki kapab suiv tras pye Li epi resevwa pwomès Li. Moun ki pa fè sa yo pral sibi yon dezas ki pral anvayi yo nèt ansanm ak pinisyon yo byen merite a.

Anvan: Aparisyon Bondye Inogire yon Nouvo Epòk

Paramèt

  • Tèks
  • Tèm yo

Koulè solid

Tèm yo

Polis

Gwosè lèt

Espas ant Liy yo

Entèliy

Lajè Paj

Tab matyè

Rechèch

  • Chèche nan Tèks Sa a
  • Chèche nan Liv Sa a

Konekte avek nou sou Messenger